Vini, Suiv Mwen
23–29 Novanm. Etè 12–15: “Tout bagay akonpli pa lafwa”


“23–29 Novanm. Etè 12–15: ‘Tout bagay akonpli pa lafwa,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2020 (2020)

“23–29 Novanm. Etè 12–15,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2020

Imaj
Etè antre nan yon gwòt

Etè ki kache andedan yon gwòt, pa Gary Ernest Smith

23–29 Novanm

Etè 12–15

“Tout bagay akonpli pa lafwa”

Objektif plan leson sa a se pa pou di nou kisa k pral pase nan klas la. Se yon sipleman—pa yon ranplasman pou—revelasyon pèsonèl. Kite Lespri a gide etid ak preparason pèsonèl ou, epi apresa gade si aktivite yo nan plan leson sa a ka ede manm klas yo dekouvri ak pataje prensi enpòtan yo ki nan Etè 12–15 yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Pou ede manm klas yo pataje sa yo te aprann nan etid ekriti pèsonèl oswa familyal, ou gen dwa ekri sou tablo a fraz tankou “M aprann ke …” “Mwen gen yon temwayaj sou …” ak “Mwen fè eksperyans … Envite yo pou yo pataje yon bagay nan ”Etè 12–15 la ki ka konplete youn nan deklarasyon yo ki sou tablo a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Etè 12:2–22

N ap resevwa padon pou peche nou si nou egzèse lafwa nan Jezikri.

  • Pou ede manm klas yo reflechi sou kisa savle di pou egzèse lafwa nan Jezikri, ou gen dwa mande yo ki imaj oubyen pawòl ki vin nan lespri yo lè yo tande mo egzèsis la. (Ou gen dwa menm chèche mo a nan diksonè). Ki efè egzèsis fizik genyen sou kò nou? Kijan ou ka aplike prensip sa a ak lafwa? Nan ki fason nou ka “egzèse lafwa” nan Kris la? Manm klas yo ka gade nan Etè 12:2-22 epi diskite sou fason pèp yo mansyone nan vèsè sa yo te egzèse lafwa. Kòman nou ka suiv egzanp yo? Selon vèsè sa yo, ki rezilta ki genyen nan egzèse lafwa nan Jezikri?

  • Egzanp lafwa nan Etè 12:7–22 yo bay yon bon repase sou istwa enspiran nou te etidye ansanm nan Liv Mòmon yo. Petèt manm klas yo ka pataje lòt egzanp lafwa ak sa yo aprann nan yo (gen lòt nou ka jwenn nann Ebre 11). Yo gen dwa bay egzanp lafwa nan istwa fanmi yo oubyen nan pwòp lavi yo tou. Kijan egzanp sa yo te fòtifye lafwa yo nan Jezikri ak nan Pè Selès la?

  • Etè 12 ranpli ak ide ak verite osijè lafwa. Manm klas yo ta ka jwenn vèsè nan chapit sa a ki anseye yo sou lafwa. Apresa yo ka ekri sa yo dekouvri sou tablo a.

Etè 12:1 -9,- 28, 32

Lafwa fè nou “espere nan yon mond ki pi bon.”

  • Èske yon moun nan klas ou a ka dekri poukisa yon ank enpòtan pou yon bato? Ou gen dwa montre foto yon bato ak yon ank (oubyen desine youn sou tablo a) epi di kisa k t ap rive bato a si l pa gen yon ank. Kisa k rive nou lè nou pa gen espwa? Apresa manm klas yo ka li Etè 12:4 epi pale sou esperans kòm yon “ank pou nanm [nou].” Yo ka li Etè 12:1–9, 28, ak 32 tou epi pataje ide yo jwenn osijè esperans. Kisa nou dwe espere? (gade Etè 12:4; Mowoni 7:41; gade tou Jan 16:33).

Etè 12:23-29

Atravè gras Jezikri, bagay fèb yo ka vin fò.

  • Pou ede manm klas yo pèsonalize verite Mowoni te aprann konsènan feblès ak fòs yo nan Etè 12 la, ou gen dwa envite yo pou yo panse ak yon moun ki gen dwa santi l dekouraje akoz feblès li. Apresa, ankouraje yo pou yo gade nan Etè 12:23–29 pou yo ka jwenn mesaj ki ta ka ede moun sa a. Si Mowoni te la a jodia, kisa l ta ka di pou ankouraje moun sa a? Manm klas yo gen dwa pataje eksperyans nan pwòp lavi pa yo tou kote Sovè a te ede “bagay fèb yo vin fò pou yo” (Etè 12:27). Kijan chanjman sa a diferan avèk efò yon moun ap fè pou amelyore l pèsonèlman san l pa apiye sou Sovè a? Pou plis bagay sou sijè sa a, gade deklarasyon Prezidan Henry B. Eyring nan nan “Resous adisyonèl” la.

  • Eksperyans Mowoni an se youn nan anpil nan ekriti yo ki montre kijan lagras Sovè a ka fè feblès nou vin tounen fòs. Li ta ka bon si w ta divize klas la an gwoup, epi kite chak gwoup chwazi yon moun nan ekriti yo ki te gen yon feblès, epi diskite kijan Senyè a te fè moun sa a vin solid. Gen kèk egzanp nan seksyon “Resous Adisyonèl” la. Ou gen dwa sigjere yo pou yo repase definisyon lagras la ki nan Diksyonè Bib la oubyen Ankre nan lafwa a (paj 77-78). Kijan egzanp yo te etidye nan ekriti yo ilistre pouvwa lagras Sovè a? Kijan nou ka envite pouvwa sa a nan lavi nou?

  • Li fasil pou konpare feblès nou avèk sa nou panse ki fòs nan yon lòt moun; menm Mowoni te santi ke l pa t bon konpare a frè Jarèd la (gade Etè 12:24). Poukisa li danjere pou nou konpare tèt nou avèk lòt moun? Selon Etè 12:26–27, kijan Senyè a vle nou wè feblès nou? (gade deklarasyon Prezidan Henry B. Eyring nan tou nan “Resous adisyonèl” yo. Kijan li vle nou gade feblès lòt moun? (gade Etè 12:26).

Etè 13–15

Rejte pwofèt yo mennen nan danje espirityèl.

  • Etandone verite enpòtan yo anseye nan Etè 12 yo, ou gen dwa pa chwazi pou w pase anpil tan nan klas la sou chapit 13–15 yo. Men, li ta bon pou w ta mande yon manm nan klas la pou l ta brèfman fè yon rezime sou sa k rive nan chapit sa yo. Pou ede yo jwenn mesaj siyifikan nan resi sa a, ou gen dwa mande yo pou yo konplete fraz “Epi konsa nou wè …” a avèk yon leson yo aprann nan chit Jaredit yo. Kijan chit yo a te sanble avèk chit Nefit yo? (gade, paregzanp, Etè 15:19 ak Mowoni 8:28). Kisa Senyè a vle nou aprann nan istwa sa yo, e kisa nou ka fè pou evite sò Jaredit yo? Manm klas yo ta ka repase kijan fen liv Etè a konekte avèk Omni 1:19–22; Mozya 8:8; ak Mozya 28:11–18.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Semèn pwochèn nan manm klas yo pral kòmanse etidye liv Mowoni an. Yo gen dwa twouve l enteresan pou konnen ke Mowoni pa t planifye pou l te ekri okenn bagay anplis apre liv Etè a, men, li te rete vivan pi lontan pase l te atann. Semèn sa a yo pral kòmanse li dènye mesaj Mowoni te enspire pou l te ekri anvan l te mouri a.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Pwogresyon spirityèl mande pou nou wè feblès nou.

Pandan l t ap kòmante sou Etè 12:27 la, Prezidan Henry B. Eyring te anseye: “Mowoni te di ke, lè l te ‘tande pawòl sa yo,’ li ‘te rekonfòte’ (Etè 12:29). Yo ka yon konsolasyon pou nou tout tou. Moun ki pa wè feblès yo, yo pap pwogrese. Lè nou rekonèt feblès nou, se yon benediksyon paske sa ede nou rete enb e fè nou al jwenn Sovè a. Lespri a non sèlman rekonfòte nou men li se ajan ki sèvi pou Sakrifis Ekspyatwa a ka opere yon chanjman nan nati nou. Lè sa a, bagay fèb yo vin fò” (“M ap kite lapè m avèk nou,” Ensign oswa Liahona, Me 2017, 16).

Egzanp: Fèb yo vin fò.

Amelyore ansèyman nou

Anseye “rezon” yo. “Pafwa manm klas yo—espesyalman jèn yo—ap mande tèt yo nan kisa prensip levanjil yo konsène yo oubyen poukisa yo dwe obeyi kèk kòmandman. Men, si yo konprann plan etènèl Pè Selès la pou bonè pitit li yo, rezondèt prensip levanjil yo ak kòmandman yo ap vin pi klè pou yo epi motivasyon pou obeyi a ap ogmante” (Anseye nan fason Sovè a, 20).