Vini, Suiv Mwen
9–15 Novanm. Etè 1–5: “Dechire vwal enkredilite a”


“9–15 Novanm. Etè 1–5: ‘Dechire vwal enkredilite a,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2020 (2020)

“9–15 Novanm. Etè 1–5,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2020

Imaj
Jaredit yo ka p vwayaje nan dezè a

Jaredit yo kap kite Babèl, pa Albin Veselka

9–15 Novanm

Etè 1–5

“Dechire vwal enkredilite a”

Ki verite w te aprann pandan etid pèsonèl ou sou Etè 1-5 la ke w ka pataje avèk moun w ap anseye yo? Ki opòtinite ou ka ba yo pou yo pataje sa yo te aprann yo?

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Panse a fason kreyatif pou w envite pataj: Distribye tiwòch bay 16 moun nan klas la, epi envite yo pou yo pataje yon verite yo sonje nan etid pèsonèl oswa familyal yo sou Etè 1-5 la. Kisa yo konte fè avèk sa yo te aprann yo?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Etè 1–3; 4:8–19

Si nou toujou envoke Senyè a san rete, l ap revele nou volonte li.

  • Nou chak konn lite pou n jwenn repons pou yon pwoblèm oubyen yon kesyon. Kijan eksperyans frè Jarèd ka ede moun w ap anseye yo aprann kijan pou yo chèche èd nan men Senyè a? Petèt ou ta ka fè yon desen sou tablo a ki gen twa kolòn ki rele Kesyon Frè Jarèd la, Aksyon frè Jarèd la, ak Repons Senyè a. Petèt ou ta ka divize klas la an twa gwoup epi bay chak gwoup yon kolòn. Chak gwoup ka travay ansanm pou li nan Etè 1:33–43 ak 2:16–3:6 epi ekri sa yo jwenn nan kolòn ou ba yo a. Apresa yo ka diskite sou kesyon tankou sa yo: Kisa nou aprann osijè diferant fason Senyè a ka chwazi pou l ede nou? Kisa nou aprann sou wòl nou nan pwosesis resevwa revelasyon an? Petèt manm klas la ta ka pataje lòt egzanp nan ekriti yo ki anseye prensip menmjan ak sa yo. Deklarasyon Eldè Richard G. Scott la nan “Resous adisyonèl” la ka bay plis ide sou fason Senyè a reponn priyè nou.

  • Priyè Frè Jarèd la nan Etè 3:1-5 la ka enspire manm klas yo pou evalye priyè pèsonèl yo. Petèt manm klas yo ka imajine ke y ap bay yon moun ki fèk ap aprann pou l priye konsèy. Ki konsèy yo t ap bay? Apresa yo ka chèche nan Etè 3:1–5 epi fè rezime chak vèsè avèk youn oubyen de prensip oswa konsèy sou fason pou n priye efikasman. Panse pou w ba yo kèk minit pou yo panse sou pwòp priyè pa yo ak kijan yo ka suiv egzanp frè Jarèd la pou fè priyè yo vin pi siyifikan.

  • Lè l te fin pataje eksperyans revelasyon frè Jarèd la ki nan Etè 3 a, Mowoni te bay konsèy nan Etè 4 la sou kijan nou ka resevwa revelasyon nan men Senyè a. Pou ede manm klas yo aprann nan konsèy sa a, ou ka montre yon foto Jezikri epi envite yo pou yo gade nan Etè 4:8–10 pou yo ka jwenn kisa ki ka anpeche nou resevwa revelasyon oubyen verite nan men Senyè a. Pandan y ap pataje sa yo jwenn yo, ou gen dwa kouvri foto Kris la lantman avèk yon moso twal oubyen yon moso papye. Kijan nou ka evite baryè espirityèl sa yo nan lavi nou? Apresa, yo ka gade nan Etè 4:7, 11–15, pou yo chèche kijan nou ka kalifye n pou n resevwa verite nan men Senyè a. Pandan y ap pataje sa yo jwenn, retire moso twal la oubyen moso papye a. Kisa sa vle di “egzèse lafwa nan … Senyè a, menm jan frè Jarèd la te fè a”? (Etè 4:7; gade tou Etè 3:1–9). Kisa sa vle di “dechire vwal enkredilite” a nan lavi nou.? (Etè 4:15). Kijan nou ka ede lòt moun fè menm bagay la? Manm klas yo ka chèche verite konsènan revelasyon pèsonal yo nan mesaj Prezidan Russell M. Nelson an “Revelasyon pou legliz la, revelasyon pou lavi nou” (Ensign oswa Liahona, Me 2018, 93–96).

Etè 2:14-15

Atravè reprimand, Senyè a envite nou pou nou repanti epi vin jwenn ni.

  • Menm yon pwofèt osi gran ke frè Jarèd la te resevwa reprimand nan men Senyè a. Anfèt, yon pati nan sa k te fè l gran an sete fason li te reponn a reprimand yo. Pou ede manm klas yo aprann nan egzanp frè Jarèd la, ou gen dwa envite yo pou yo li Etè 2:12-15 ansanm, de pa de. Apresa mande yo pou yo pretann ke youn nan yo se frè Jarèd la epi lòt la se yon moun ki fèk resevwa yon reprimand nan men yon dirijan legliz la oubyen yon paran. Fè yo diskite oubyen jwe wòl sa frè Jarèd la t ap di apwopo pwòp eksperyans pa l la pou ede moun sa a. Ki konsèy li ta ka bay? Ki leson nou aprann ki ap ede nou rapwoche bò Pè Selès la? Ou gen dwa di kijan reprimand Senyè a ak reyaksyon frè Jarèd la te ede prepare l pou eksperyans li te fè nan Etè 3:1–20 an. Men kèk dokimantasyon ki ka ede: Mesaj Eldè D. Todd Christofferson nan “Je reprends et chatie tous ceux que j’aime” (Ensign oswa Liahona, Me 2011, 97–100) la oubyen seksyon ki rele “Disiplin” nan nan mesaj Eldè Lynn G. Robbins an “Jij jis la” (Ensign oswa Liahona, Nov. 2016, 96–97).

Etè 5

Twa temwen temwaye de verasite Liv Mòmon an.

  • Aprann plis sou pwofesi Mowoni an sou Twa Temwen yo ka ede fòtifye temwayaj manm klas yo konsènan Liv Mòmon an. Petèt mwatye klas la ta ka li Etè 5 epi lòt mwatye a ka li “Temwayaj Twa Temwen yo” (nan kòmansman Liv Mòmon an) epi youn pataje ak lòt sa yo santi objektif Senyè a te ye nan pèmèt twa temwen yo wè yon zanj avèk plak yo. Yo gen dwa diskite sou lòt okazyon kote plizyè temwen te etabli laverite (gade, paregzanp, Matye 3:13–17; 18:15–16; Jan 5:31–47; DA 128:3). Ki temwayaj nan lavi nou ki te enspire nou pou nou kwè? Kijan “pouvwa Bondye ak pawòl li yo” te “manifeste po nou” nan Liv Mòmon an? (Etè 5:4).

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Envite manm klas yo pou yo imajine ke lidè politik yo youn ap kaptire lòt epi youn touye lòt san rete. Nan Etè 6–11, yo pral li sou kijan sa te rive avèk desandan Jarèd yo ak frè l la. Yo pral jwenn kèk avètisman tou ki ap ede yo evite pwoblèm Jaredit yo te rankontre yo.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Rekonèt repons pou priyè.

Èldè Richard G. Scott te anseye:

“Lè nou eksplike yon pwoblèm epi nou pwopoze yon solisyon, pafwa li reponn wi, pafwa l reponn non. Souvan li pa bay repons, non pa paske l pa sousye, men paske li renmen nou—pafètman. Li vle nou aplike verite li ba nou yo. Pou nou ka pwogrese, nou bezwen mete konfyans nan kapasite nou pou n pran desizyon ki kòrèk. Nou bezwen fè sa nou santi ki bon. Lè moman an rive, l ap reponn. Li pap abandone nou.…

“Li vle pou nou aji nan fason pou nou akeri eksperyans nou bezwen an:

“Lè l reponn wi, se pou ba nou asirans.

“Lè l reponn non, se pou anpeche erè.

“Lè l pa bay repons, se pou fè nou pwogrese atravè lafwa nan li, obeyisans nan kòmandman l yo ak yon dispozisyon pou aji selon laverite. Li atann pou nou asime responsablite nou nan pran yon desizyon ki konfòm ak ansèyman l yo, san kondisyon preyalab. Nou pa dwe chita ap tann pasivman ni mimire paske Senyè a pa pale. Nou dwe aji” (“Aprann rekonèt repons priyè yo, ”Ensign, Nov. 1989, 31-32).

Amelyore ansèyman nou

Ale nan ekriti yo toudabò. Ekriti yo dwe se premye sous ou pou etid ou ak preparasyon ou. Pa bliye ke pawòl pwofèt modèn yo konplete ouvraj kanonik yo e yo se ekriti tou. (gade Anseye nan fason Sovè a, 17-18).