Vini, Suiv Mwen
26 Oktòb–1e Novanm. Mòmon 1–6: “M ta renmen konvenk tout moun … pou yo repanti”


28 Oktòb–3 Novanm. Mòmon 1–6: ‘M ta renmen konvenk tout moun … pou yo repanti,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2020 (2020)

28 Oktòb–3 Novanm. Mòmon 1–6,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòl Dimanch: 2020

Imaj
Nefi ap ekri sou plak lò yo

Mòmon ap fè rezime plak yo, pa Tom Lovell

26 Oktòb–1e Novanm

Mòmon 1–6

“M ta renmen konvenk tout moun … pou yo repanti”

Pandan w ap li Mòmon 1–6 la, chèche verite ki ka ede manm klas ou yo rete fidèl nan moman mechanste yo, jan Mòmon te fè.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Pafwa manm yo ezite pou pataje ide yo paske yo pa t gen tan pou òganize panse yo. Pou ede yo avèk sa, ba yo kèlke minit pou yo ekri ide yo te jwenn pandan yo t ap etidye Mòmon 1–6 la lakay yo, epi apresa mande yo pou yo pataje.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Mòmon 1–6

Nou ka mennen yon lavi dwat malgre mechanste ki antoure nou.

  • Anpil nan manm nan klas ou yo ka konprann eksperyans Mòmon k ap efòse l pou mennen yon lavi jis nan yon mond mechan an. Petèt yo ta ka di kisa yo aprann nan egzanp Mòmon an. Pou ede fasilite diskisyon sa a, ou gen dwa envite manm klas yo pou yo chèhe vèsè ki idantifye kalite Mòmon yo epi fè yon lis sou kalite sa yo sou tablo a (gade, paregzanp, Mòrmon 1:2–3, 15–16; 2:1, 23–24; 3:1–3, 12, 17–22). Kijan kalite sa yo te ede Mòmon rete spirityèlman fò? Kijan yo ka ede nou vin menmjan ak Mòmon?

    Imaj
    Nefit ak Lamanit k ap batay

    Batay, pa Jorge Cocco

  • Mòmon adrese l dirèkteman a moun nan epòk pa nou yo. Kisa nou ka aprann nan pawòl li adrese nou yo nan Mòmon 3:17–22 ak 5:10–24 yo? Bay chak manm klas la yon moso papye ki gen fraz “Konsèy Mòmon pou nou” ekri anlè tèt li, epi ankouraje yo pou yo chèche mesaj nan vèsè sa yo ki aplike pou epòk nou an. Kijan nou ka aplike konsèy Mòmon pou ede nou rete spirityèlman fè nan mond jodia?

  • Si w ap anseye jèn moun, ou gen dwa itilize egzanp Mòmon an pou ede yo konprann ke yo ka vin dirijan ki jis menm lè yo jèn. Si w ap anseye grandèt, ou gen dwa itilize egzanp li a pou soulve yon diskisyon sou opòtinite pou ede jèn yo vin bon dirijan. Pou kòmanse diskisyon an, ou gen dwa mande kèk manm nan klas la pou yo repase Mòmon 1 epi mande kèk lòt pou repase Mòmon 2, pandan y ap note kalite l te genyen ki te rann ni yon gwo dirijan yo. Ki kalite l te genyen ki te fè l yon gwo dirijan? Yo gen dwa pataje kèk egzanp kote yo te wè enfliyans puisan timoun ak jèn ki jis yo. Yo gen dwa diskite de okazyon yomenm—oubyen kèk jèn moun yo konnen—genyen pou yo bon dirijan ki gen kalite tankou pa Mòmon yo.

Mòmon 2:10-15

Repantans mande yon kè brize ak yon lespri kontri.

  • Pou aprann diferans ant tristès ki mennen nan repantans lan ak trisès ki pa mennen nan repantans lan, panse pou nou li ansanm Mòmon 2:10–15 epi diskite sou kesyon tankou sa yo: Ki wòl “tristès” genyen nan repantans? Ki diferans ki genyen ant “tristès … ki mennen nan repantans” ak “tristès moun kondane” a? Ki atitid ak konpòtman ki ka ede nou gen “kè brize ak lespri kontri”?

Mòmon 3:12

Nou ka renmen lòt moun, menmsi nou pa dakò avèk chwa yo.

  • Tankou Mòmon, anpil manm nan klas ou a frekante dè moun ki pa pataje kwayans yo. Kijan w ka itilize eksperyans Mòmon an pou anseye yo pou yo renmen lòt moun malgre diferans yo? Panse pou nou li Mòmon 3:12 ansanm epi diskite sou moman kote Mòmon te montre lanmou pou moun ki te rejte mesaj li yo epi ki te rebele volontèman kont Bondye yo (gade, paregzanp, Mòmon 1:16–17; 2:12). Ki eksperyans nan pwòp lavi yo manm klas yo ka pataje kote yo te montre lanmou pou moun ki pa t pataje menm kwayans oubyen valè avèk yo? Deklarasyon Èldè DallinH. Oaks la nan seksyon “Resous adisyonèl” la kapab kontribye nan diskisyon sa a.

Mòmon 6:17

Jezikri kanpe avèk bra louvri pou l resevwa nou.

  • Pou moun ki gen dwa pa gen espwa ke yo ka jwenn padon pou peche yo, deskripsyon Mòmon sou Sovè a ki kanpe “avèk bra louvri pou resevwa nou” an ka pote rekonfò. Panse pou w li Mòmon 6:17 ansanm epi montre yon foto Jezikri avèk bra l louvri (tankou Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 66). Kisa vèsè sa a anseye sou dezi Sovè a pou ede nou? Ou gen dwa chante yon kantik ansanm ki anseye menm kalite mesaj la tou, tankou “Venez à Jésus! Il vous appelle” (Cantiques, no. 62). Ou ka pataje eksperyans Prezidan Russell M. Nelson an ki nan “Resous adisyonèl” la epi mande manm klas yo pou yo di kijan nou ka ede lòt moun rekonèt ke repantans posib.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Ou gen dwa mande yo pou yo panse sou kisa yo t ap ekri nan yon lèt pou yo ta voye bay moun nan lefiti. Nan Mòmon 7–9 nou li sa Mòmon ak Mowoni te ekri, sa gen dè syèk, pou moun k ap vin nan epòk nou an.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Renmen moun ki gen kwayans diferan yo.

Prezidan DallinH. Oaks te anseye:

“Nou tout dwe suiv ansèyman levanjil yo sou renmen pwochen nou ak evite kontansyon an. Disip Kris yo dwe rete eganp nan politès. Nou dwe renmen tout moun, aprann koute yo , epi montre enterè pou kwayans sensè yo. Menmsi nou pa dakò, nou pa oblije dezagreyab. Pozisyon nou ak deklarasyon nou sou sijè dezakò yo pa dwe deklare nan espri chirepit. Nou dwe demontre sajès lè n ap eksplike ak defann pozisyon nou e egzèse enfliyans nou. Lè nou fè sa, nou mande pou lòt moun yo pa ofanse poutèt kwayans relijye sensè nou yo ak lib egzèsis relijyon nou. Nou ankouraje tout moun pou yo aplike Règ Lò Sovè a: “Tout sa nou vle lòt moun fè pou nou, nou menm tou fè l pou yo’ (Matye 7:12).

“Lè pwendvi pa nou pa pase, nou dwe aksepte poliman epi pratike koutwazi anvè advèsè nou yo” (“Renmen lòt moun epi aksepte diferans,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2014, 27).

Repantans posib.

Prezidan Russell M. Nelson te pataje eksperyans sa a:

“Ane pase, pandan Èldè David S. Baxter avèk mwen t ap kondui pou nou t al nan yon konferans pieu, nou te rete nan yon restoran. Nan apre, lè nou te retounen nan machin nan, yon fi te pwoche bò kote nou, li te rele nou. … Li te mande si nou sete ansyen nan Legliz la. M te di wi. Prèske san kenbe anyen, li te rakonte nou istwa trajik lavi li k t ap benyen nan peche. Kounyeya, a sèlman 28 tan laj, li te mizerab. Li te santi l pa gen okenn valè, san bi nan lavi a. Pandan l t ap pale a, dousè nanm ni te kòmanse parèt. Sipliyan epi ap kriye, li te mande si te gen espwa pou li, yon mwayen pou l te soti nan dezespwa sa a.

Nou te reponn: “Wi”, ‘gen espwa. Espwa mache avèk repantans. Ou ka chanje. “Vin jwenn Kris la, e pèfeksyone nou nan li” (Mowoni 10:32]. Nou te priye l pou l pa t ranvwaye repantans li (gade Alma 13:27; 34:33]. Li te sanglote enbleman epi li te remèsye nou sensèman.

“Pandan Èldè Baxter avèk mwen t ap kontinye vwayaj nou an, nou t ap panse ak eksperyans sa a. Nou te raple nou konsèy Aawon te bay yon moun sanzespwa, kote l te di: ‘Si w vle bagay sa a, si w vle bese devan Bondye, wi, si w repanti nan tout peche w yo, e si w vle bese devan Bondye, epi rele non li ak lafwa, si w kwè w kapab resevwa, lè sa a, w ap resevwa besperans ou vle genyen an’ [Alma 22:16]. …

“Pou yon fi 28 tan ki te plonje nan labou peche, e pou nou chak, mwen deklare ke benediksyon dous repantans la posib. Li vini atravè yon konvèsyon total nan Senyè a ak nan travay sakre l la.”

Epitou, Prezidan Nelson te ajoute: “Nou sonje pèp kowonpi ki te sou kont dirijan sousye yo a, Mòmon, ki te ekri, ‘m te san espwa, paske m te konnen jijman Senyè a te gen pou l tonbe sou yo; paske yo pa t repanti pou inikite yo, men, yo te lite pou sove lavi yo san yo pa priye moun ki te kreye yo a’ (Mòmon 5:2)” (“Repantans ak Konvèsyon,” Ensign oswa Liahona, Me 2007, 102, 104).

Amelyore ansèyman nou

Pwogresyon spirityèl la se nan fwaye a l fèt. Manm klas ou yo pase 165 èdtan chak semèn andeyò legliz la. Pandan tan sa a, yo fè pwòp eksperyans spirityèl pa yo ki anseye yo sou levanjil la. Poze kesyon ki ap ankouraje yo pataje sa yo aprann pandan semèn nan epi avèk fanmi yo (gade Anseye nan fason Sovè a, 18).