Vini, Suiv Mwen
19–25 Oktòb. 3 Nefi 27–4 Nefi: “Pa t gen yon pèp ki te gen plis kè kontan pase pèp sa a”


“19–25 Oktòb. 3 Nefi 27–4 Nefi: ‘Pa t gen yon pèp ki te gen plis kè kontan pase pèp sa a,’” Vini, Suiv mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo 2020 (2020)

“19–25 Oktòb. 3 Nefi 27–4 Nefi,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2020

Imaj
Kris la ap priye avèk Nefit yo

Priyè Kris la, pa Derek Hegsted

19-25 Oktòb

3 Nefi 274 Nefi

“Pa t gen yon pèp ki te gen plis kè kontan pase pèp sa a”

Pèsonèlman etidye 3 Nefi 274 Nefi a se pi bon mwayen pou prepare w pou w anseye. Doktrin ak ide ki nan plan leson sa a ka ede w reponn a enspirasyon spirityèl ou resevwa pandan w ap etidye yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Yon fason pou ankouraje manm klas ou yo pataje ide yo jwenn nan etid pèsonèl yo se envite yo pou yo chèche yon kantik ki anrapò avèk verite yo ta aprann nan 3 Nefi 274 Nefi yo. Envite yo pou yo di kantik yo jwenn yo ak kijan kantik sa yo gen rapò avèk verite ki nan ekriti yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

3 Nefi 27:1–22

Legliz Jezikri a pote non li epi l bati sou levanjil li a.

  • Pale de non Legliz la kapab apwofondi apresyasyon manm klas yo pou apatenans yo nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Panse pou w envite yo pou yo fè lis divès òganizasyon epi dekri kisa non òganizasyon sa yo di nou sou yo. Apresa, mande yo pou yo li 3 Nefi 27:1–12, pandan y ap chèche kisa Sovè a te anseye apwopo non Legliz li a. Yo gen dwa di kisa savle di pou yo se manm Legliz Kris la. Kisa sa vledi pran non Kris la sou tèt nou?

  • Men yon lòt fason pou diskite sou enpòtans non Legliz Sovè a. Apre yon diskisyon sou verite ki nan 3 Nefi 27:1–12 yo, ou gen dwa ekri non konplè Legliz la sou tablo a. Epi fè manm klas yo chwazi mo ki fè pati non an epi sigjere kijan chak mo ede nou konn kiyès nou ye oubyen sa nou kwè. Deklarasyon Prezidan M. Russell Ballard la nan “Resous adisyonèl” la ka ede tou. Poukisa li enpòtan pou nou itilize non Legliz la lè n ap pataje kwayans nou avèk lòt moun?

  • Apre l te fin eksplike ke Legliz li a dwe “bati sou levanjil [li] a” (3 Nefi 27:1–12), Sovè a te dekri kisa levanjil li a ye. Petèt ou ta ka envite manm klas yo pou yo di kijan yo ta ka eksplike yon zanmi kisa levanjil la ye. Apresa, envite yo pou yo gade nan 3 Nefi 27:1–12, pandan y ap chèche wè kijan Sovè a te defini levanjil li a. Kijan nou ta ka rezime sa Sovè a te di yo? Pandan n ap etidye definisyon Sovè a de levanjil la, ki ide nou jwenn sou fason pou n viv levanjil la nan lavi chak jou nou?

2 Nefi 29–30

Liv Mòmon an se siy ke travay Bondye a nan dènye jou yo ap akonpli.

  • Petèt ou ka kòmanse yon diskisyon sou 3 Nefi 27:1–12, nan pale sou siy. Paregzanp, manm klas yo ta ka site kèk siy ki fè nou konnen yon tanpèt ap pwoche oubyen sezon yo ap chanje. Apresa, yo ka li 3 Nefi 29:1–3 pou yo aprann kisa parisyon Liv Mòmon an ye, liv Mòmon rele “pawòl sa yo” (gade 3 Nefi 21:1–7) tou. Ki mesaj Senyè a te bay nan 3 Nefi 29:4–9 pou moun ki t ap “trete zèv li a avèk mepri” oubyen ki t ap “renye” l yo nan epòk nou an? Kijan lekti kotidyèn Liv Mòmon an fòtifye lafwa nou nan sa lòt moun trete avèk “mepri” oubyen “renye” nan epòk pa nou an? Ou gen dwa envite manm klas la pou yo li envitasyon Senyè a ki nan 3 Nefi 30 la epi di kijan Liv Mòmon an te ede yo aksepte envitasyon sa a.

4 Nefi

Konvèti nan Jezikri ak nan levanjil li a mennen nan inite ak bonè.

  • Resi nan 4 Nefi a ilistre lajwa ki vini nan lavi nou—endividyèlman, antanke fanmi, epi antanke pawas oubyen pieu—lè nou eseye pou nou pi totalman konvèti nan Jezikri. Panse pou w mande manm klas yo pou yo gade nan 4 Nefi 1:1–18 epi ekri sou tablo a benediksyon moun resevwa lè yo konvèti toutbon nan Senyè a. Kijan konvèsyon yo afekte fason yo youn trete lòt? Petèt manm klas yo ta ka di kijan levanjil la pote menm kalite benediksyon sa yo pou fanmi yo ak pou pawas yo. Pou ede yo konprann kijan nou chak ka viv pi plis tankou moun nan 4 Nefi yo ak kijan nou ka ankouraje pi gran inite ak bonè pami moun ki bò kote nou, ou gen dwa li deklarasyon Eldè D. Todd Christofferson nan nan “Resous adisyonèl” la. Manm klas yo ka evalye efò pèsonèl yo nan twa domèn Eldè Christofferson dekri yo.

  • Pèp nan Liv Mòmon yo te distenge tèt yo kòm Nefit ak Lamanit—ak anpil lòt “it”—pandan dè syèk, men apre ministè Sovè a nan pami yo a, distenksyon sa yo te disparèt. Lè yo fin li 4 Nefi 1:17 la ansanm, petèt manm klas yo ta ka pataje sa yo panse sou ki kalite “it” oubyen gwoup ki egziste nan sosyete nou an jodia. Kisa nou ka fè pou simonte divizyon sa yo e vin vrèman fè “yon sèl, pitit Kris la”? (vèsè 17).

  • Kisa yo ka aprann nan deklen sosyete Siyon an yo dekri nan 4 Nefi a? Ou gen dwa envite yo pou yo gade nan 4 Nefi 1:19–34 pou yo chèche kisa k te koz lafen bonè ak inite pèp la t ap viv pandan prèske 200 zan apre vizit Sovè a. Ki verite nan vèsè sa yo ki ka ede nou idantifye atitid ak konpòtman ki bezwen chanje nan lavi nou ak nan sosyete nou yo?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Mòmon 1–6 la dekri evenman trajik ki te mennen nan destriksyon pèp Nefit la. Pou ankouraje manm klas ou yo li chapit sa yo, envite yo pou yo chèche nan Nefit yo kisa yo wè k ap rive nan epòk nou an.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Non Legliz Kris la.

Prezidan M. Russell Ballard te di:

“Mwen reflechi anpil sou rezon k fè Sovè a te bay Legliz retabli l la yon non ki gen sèt mo. Li ka parèt long, men si nou panse avèk li kòm yon deskripsyon kout de sa Legliz la ye, li toudenkou vin brèf, remakab, dirèk, e presi. Kijan yon deskripsyon ta ka pi dirèk ni pi klè pase sa pandan ke l eksprime an de twa mo konsa?

“Chak mo klarifye bagay yo epi l endispansab. Mo L la endike pozisyon unique Legliz retabli a pami lòt relijyon yo nan mond lan.

“Mo Egliz Jezikri a deklare ke se Legliz li [gade 3 Nefi 27:8]. …

Dènye jou yo eksplike ke se menm Legliz avèk Legliz Jezikri te etabli pandan ministè l nan mòtalite a men ki retabli nan dènye jou sa yo. Nou konnen te gen yon apostazi, sa k te fè Retablisman Legliz vrè ak konplè l la nesesè nan epòk nou an.

Sen vledi ke manm li yo ap suiv li epi y ap eseye fè volonte li, kenbe kòmandman l yo, epi prepare yo yon fwa ankò pou y al viv avèk li ak Pè Selès la nan lefiti. Sen senpleman fè referans ak moun k ap chèche mennen yon lavi sentete nan fè alyans pou suiv Kris la” (“Enpòtans yon non,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2011, 80).

Kisa k pral nesesè pou bati Siyon?

Eldè D. Todd Christofferson te anseye: “Siyon se Siyon akoz karaktè, pèsonalite, ak fidelite sitwayen l yo [gade Moyiz 7:18]. … Si pou nou etabli Siyon nan fwaye nou, nan branch nou, pawas nou, ak pye nou yo, nou dwe elve nou nan wotè prensip sa yo. Li pral nesesè (1) pou nou ini avèk yon sèl kè ak yon sèl lespri; (2) pou nou vin endividyèlman ak kolektivman yon pèp sen; epi (3) pou nou pran swen pòv yo ak moun ki nan nesesite yo avèk sitèlman efikasite ke n ap elimine pòvrete nan pami nou. Nou pa ka tann jiskaske Siyon vini pou bagay sa yo fèt—Siyon ap vini sèlman si yo fèt” (“Venez à Sion,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2008, 38).

Amelyore ansèyman nou

Itilize plizyè metòd ansèyman. Sa ka souvan fasil pou w santi w konfòtab avèk yon stil ansèyman patikilye, men diferant metòd ansèyman ap pèmèt ou atenn diferant manm nan klas la. Panse a metòd ou te itilize resamman yo—èske w te itilize istwa, leson objè, foto, eksetera? (gade Anseye nan fason Sovè a, 7).