Vini, Suiv Mwen
28 Septanm–11 Oktòb. 3 Nefi 17–19: “Gade, lajwa m total”


“28 Septanm–11 Oktòb. 3 Nefi 17–19: ‘Gade, lajwa m total,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2020 (2020)

““28 Septanm–11 Oktòb. 3 Nefi 17–19,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2020

Imaj
Kris la ki parèt devan Nefit yo

Limyè vizaj li te briye sou yo, pa Gary L. Kapp

28 Septanm–11 Oktòb.

3 Nefi 17–19

“Gade, lajwa m te total”

Preparasyon ou antanke enstriktè Lekòldidimanch kòmanse avèk etid pèsonèl ou nan ekriti yo. Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo ka konplete etid ou, epi plan leson sa a ka ba w ide pou ede w prepare tou.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Nan 3 Nefi 17:1–3, Sovè a te envite moun yo pou yo retounen al kakay yo pou “prepare lespri [yo]” anvan l te retounen vin anseye yo ankò. Ou gen dwa mande manm klas yo kijan yo te prepare yo pou diskisyon jodia ak sa yo te medite.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

3 Nefi 17; 18:24–25, 28–32

Sovè a se egzanp pafè nou sou sèvis.

  • Nou tout gen opòtinite pou nou sèvi lòt moun, e nou tout ka pi bon ladan. Youn nan fason pou n aprann nan egzanp Sovè a sou sèvis la se senpleman li 3 Nefi 17 antanke klas epi envite manm klas yo pou yo fè kòmantè lè yo wè yon bagay ki anseye yo sou sèvis. Kisa nou aprann sou karaktè Sovè a ki fè l yon gwo egzanp sou sèvis? Ki verite nou aprann sou sèvis nan egzanp Sovè a? Ou gen dwa chèche ide adisyonèl nan 3 Nefi 18:24–25 ak 28–32. tou. Apresa manm klas yo gen dwa pale de kèk bagay espesifik yo santi yo enspire pou yo fè pou yo ka suiv egzan Sovè a sou sèvis.

    Imaj
    Jezi beni timoun Nefit yo

    Gade timoun piti nou yo, pa Gary L. Kapp

3 Nefi 17:13–22; 18:15–25; 19:6–9, 15–36

Sovè a te anseye nou kijan pou n priye.

  • Pou ede manm klas yo aprann nan pil egzanp ak ansèyman sou lapriyè yo nan 3 Nefi 17–19 la, ou ta ka ekri sou tablo a Kiyès? Kijan? Kilè? ak Poukisa? epi envite yo pou yo chèche repons pou kesyon sa yo ki anrapò avèk lapriyè nan vèsè sa yo: 3 Nefi 17:13–22; 18:15–25; ak 19:6–9, 15–36. Ki lòt ide yo jwenn pandan y ap li vèsè sa yo? Deklarasyon Èldè DallinH. Oaks la nan seksyon “Resous adisyonèl” la kapab kontribye nan diskisyon sa a. Ou gen dwa envite manm klas yo pou yo di kisa yo te fè pou yo te rann priyè pèsonèl ak familyal yo pi siyifikan (gade 3 Nefi 18:18–21).

  • Plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo sigjere kesyon pou nou medite osijè lapriyè lè n ap li vèsè sa yo. Ou gen dwa mande manm klas yo pou yo pataje nenpòt ide yo genyen sou kesyon sa yo. Oubyen ou gen dwa envite plizyè manm nan klas la pou yo prepare pou diskite sou yon bagay yo te aprann sou lapriyè nan 3 Nefi 17–19 la. Kisa yo te santi yo enspire pou yo te fè pou te rann priyè yo pi siyifikan?

  • Jezi te anseye poukisa nou dwe toujou priye (gade 3 Nefi 18:15–18). Yon leson objè ta ka ede klas la konprann sa l te anseye yo. Paregzanp, ou gen dwa ranpli yon veso avèk dlo pou reprezante enfliyans Satan. Mete yon mouchwa an papye (ki reprezante noumenm) byen foure nan fon yon tas (ki reprezante toujou priye). Vire tas la tèt anba, epi pouse l desann nan veso dlo a. Mouchwa an papye a ap rete nan fon tas la, menmsi dlo antoure li. Kisa leson objè sa a ak 3 Nefi 18:15–18 anseye nou sou lapriyè? (gade DA 10:5) tou. Kisa sa vledi pou n “toujou priye”? Kijan priyè ka ede nou reziste anba enfliyans Satan? Panse pou w bay manm klas yo kèlke moman pou yo ekri sa yo santi yo pouse pou yo fè pou amelyore priyè yo.

3 Nefi 18:1–12

Nou ka spirityèlman ranpli lè nou pran sentsèn.

  • Pou kòmanse yon diskisyon sou ansèyman Sovè a sou sentsèn nan 3 Nefi 18 la, ou gen dwa divize klas ou a an gwoup epi bay chak gwoup youn nan ekriti sa yo pou yo li ak diskite: Matye 26:26–28; 3 Nefi 18:1–12; ak Doktrin ak Alyans 20:75–79; 27:1–4. Lè chak gwoup fin li pasaj ou ba yo a, yo ka panse a youn oubyen de kesyon sou sentsèn ki gen repons yo nan vèsè yo te li a epi ekri kesyon yo genyen sou tablo a. Apresa rès klas la ka ale nan ekriti yo pou jwenn repons pou kesyon yo. Yo gen dwa di kijan yo ka f yon eksperyans pi siyifikan lè y ap pran sentsèn tou.

  • Kisa sa vle di pou n “ranpli” lè n ap pran sentsèn nan? (gade 3 Nefi 18:4–5, 9; 20:9). Panse pou w envite manm klas yo pou yo diskite sou kesyon sa a de pa de pandan y ap li 3 Nefi 18:1–12 la ansanm. Ou gen dwa envite yo pou yo reflechi sou ki dènye fwa yo te santi yo spirityèlman “ranpli” pandan yo t ap pran sentsèn. Petèt yo ta ka diskite sou sa ki ta ka anpeche yo oubyen distrè yo pou fè sentsèn nan pa “ranpli” yo epi fè yo pataje ide sou fason pou simonte obstak sa yo.

3 Nefi 19:9–15, 20–22

Disip Jezikri yo chèche don Sentespri a.

  • Panse pou w mande manm klas yo pou yo panse ak yon bagay yo dezire anpil. Kisa yo dispoze pou fè pou resevwa li? Sa gen dwa mennen nan yon diskisyon sou sa douz disip yo te “pi dezire” a, jan yo dekri l nan 3 Nefi 19:9–15 ak 20–22 a. Poukisa sa te si enpòtan pou yo? Poukisa li enpòtan pou nou? Selon vèsè sa yo, kijan nou ka onètman chèche konpayi Sentespri a?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Senyè a te di: “Pawòl Ezayi yo gran anpil” (3 Nefi 23:1). Pou ankouraje manm klas yo pou yo li 3 Nefi 20–26, ou ka di yo ke nan chapit sa yo, Jezi eksplike kèk nan “gran” pawòl Ezayi yo. Envite yo pou yo reflechi sou rezon k fè pawòl Ezayi yo gran an? Ankouraje yo pou yo vini pare pou pataje sa yo aprann Dimanch pwochen.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Valè lapriyè.

Èldè RichardG. Scott te temwaye de valè ekriti yo:

“Nou priye Pè Selès la nan non sakre Pitit Gason Byeneme l la, Jezikri. Lapriyè pi efikas lè nou eseye rete pwòp ak obeyisan, avèk bon entansyon, epi dispoze pou nou fè sa l mande nou. Priyè enb ki plen konfyans yo pote direksyon ak lapè.

“Pa sousye de pawòl nou di avèk maladrès yo. Jis pale senpleman avèk Papa konpatisan e konpreyansif nou an. Nou se pitit presye li ke l renmen pafètman e li vle ede nou. Lè n ap priye, rekonèt ke Pè Selès la tou pre epi l ap koute.

“Yon kle pou amelyore priyè nou se aprann poze kesyon egzat yo. Panse pou nou sispann mande sa nou vle epi onètman chèche sa limenm li vle pou nou. Apresa, lè nou aprann volonte li, priye pou nou ka gen fòs pou n akonpli li.

“Si nou ta jamè santi nou lwen Papa a, sa ka soti nan plizyè rezon. Kèlkeswa koz la, si nou kontinye sipliye l pou ede nou, l ap gide nou pou n ka fè sa k ap rebanou asirans ke l tou pre nou. Priye menm lè nou pa anvi priye. Pafwa, tankou yon timoun, nou kondui nou mal epi nou panse ke nou pa ka apwoche kot Papa nou avk yon pwoblèm. Se lè sa a nou bezwen priye. Pinga nou janm santi ke nou pa diy pou nou priye.

“M ap mande m si nou ka janm vrèman mezire pouvwa lapriyè jiskaske nou rankontre yon pwoblèm ijan, ki parèt ensimontab, epi nou reyalize ke nou pa kapab rezoud li noumenm. Lè sa a, nou va tounen nou vè Papa a, pandan n ap enbleman rekonèt ke nou depann totalman de li. Sa ap ede nou si nou chèche jwenn yon kote izole pou nou ka eksprime sa nou santi awotvwa osi lontan e avèk otan entansite sa nesesè” (“Itilize don diven lapriyè a,” Ensign oswa Liahona, Me 2007, 8).

Amelyore ansèyman nou

Efòse w pou w gen lanmou kretyen. Si gen yon manm nan klas ou a ki bezwen santi l entegre, panse sou kijan w ka ede l santi ke l fè pati klas la. Paregzanp, ou gen dwa envite yon lòt manm nan klas la pou chita avèk moun sa a epi fè zanmi avèk li.