Vini, Suiv Mwen
21–27 Septanm. 3 Nefi 12–16: “Mwen se lalwa a ak limyè a”


“21–27 Septanm. 3 Nefi 12–16: ‘Mwen se lalwa a ak limyè a,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Liv Mòmon 2020 (2020)

“21–27 Septanm. 3 Nefi 12–16,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2020

Imaj
Jezi k ap montre Douz Apot yo

Twa Nefi: Douz yo mwen chwazi a, pa Gary L. Kapp

21-27 Septanm

3 Nefi 12–16

“Mwen se lalwa a, ak limyè a”

Chak moun nan klas ou a gen dwa jwenn yon bagay ki patikilyèman siyifikan pou yo pami pil ansèyman puisan Sovè a te bay nan 3 Nefi 12–16 yo. Kite manm klas yo pataje ki prensip ki te touche yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Pou bay chak moun yon opòtinite pou yo pataje sa yo te etidye nan 3 Nefi 12–16 la, ou gen dwa ekri nimewo 12 rive 16 antravè sou tablo a. Epi fè manm klas yo chèche yon vèsè nan chapit sa yo ki yo twouve k siyifikan epi ekri nimewo vèsè a anba nimewo chapit korespondan an sou tablo a. Chwazi kèk vèsè pou nou li ansanm, epi di poukisa yo enpòtan.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

3 Nefi 12–14

Ansèyman Sovè a montre nou kijan pou nou yon vrè disip.

  • Plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo sigjere pou nou rezime kè pasaj nan 3 Nefi 12–14 la pou konplete fraz “Vrè disip Jezikri yo …” Ou gen dwa mande si nenpòt moun nan klas la ki te fè aktivite sa a ta vle pataje sa yo te aprann. Oubyen ekri fraz enkonplèt la sou tablo a, ansanm avèk referans tankou sa yo: 3 Nefi 12:3–16, 38–44; 13:1–8, 19–24; ak 14:21–27 (oubyen lòt pasaj ou jwenn nan etid pèsonèl ou). Manm klas yo gen dwa chwazi pou yo li, endividyèlman oubyen an gwoup, epi sigjere yon fason pou konplete fraz ki sou tablo a baze sou sa vèsè sa yo anseye. Ankouraje manm klas yo pou yo medite epi petèt ekri sa yo pral fè pou suiv Jezikri pi fidèlman paske gras ak sa yo aprann nan vèsè sa yo.

  • Pou ede klas la konprann pawòl Sovè a ki nan 3 Nefi 12:48 yo, ou gen dwa envite youn oubyen plis nan yo pou etidye mesaj Eldè Jeffrey R. Holland nan “Se pou nou pafè—finalman” (Ensign oswa Liahona, Nov. 2017, 40–42) anvan klas la epi pataje ide ki ede yo konprann vèsè sa a.

3 Nefi 12:21–30

Panse nou mennen nan aksyon.

  • Yon diskisyon sou 3 Nefi 12:21–30 ta ka ede manm klas yo pou yo wè kijan kontwole panse nou ka ede nou kontwole aksyon nou. Pou kòmanse yon diskisyon, ou gen dwa trase kolòn sou tablo a avèk antèt tankou Aksyon nou vle evite ak Panse oubyen emosyon ki mennen nan yo. Apresa, ou ka envite manm klas yo pou yo gade nan 3 Nefi 12:21–22 ak 27–30 epi kòmanse ajoute sou lis la. Ki lòt aksyon oubyen panse yo ta ka ajoute sou lis yo? Kijan nou ka “kite bagay sa yo antre nan” kè nou? (3 Nefi 12:29). Kijan nou ka chase yo lè yo antre? Apre yo fin li konsèy Prezidan Ezra Taft Benson nan nan seksyon “Resous adisyonèl” la, ou gen dwa kreye yon nouvo kolòn ki rele Aksyon kretyèn nou bezwen devlope ak Panse ki mennen ladan yo epi ranpli l ansanm.

3 Nefi 13:1–8, 16–18

Sèvis nou ak adorasyon nou dwe fèt pou bon rezon an.

  • Etidye 3 Nefi 13 la prezante yon opòtinite pou manm klas yo egzamine poukisa yo fè bon zèv. Pou kòmnase yon diskisyon, ou ka li ansanm vèsè 1–2 ak 16 la epi pataje definisyon sa a sou ipokrit: “Pretandè; mo Grèk [yo itilize nan Nouvo Testaman an] ki vledi ‘yon aktè,’ oubyen ‘yon moun ki … egzajere yon pati’” (Matye 6:2, referans a). Petèt youn oubyen de manm nan klas la ta ka renmen pretann oubyen aji kòmsi y ap bay pòv oubyen y ap jene. Poukisa pretann oubyen jwe yon wòl se yon bon metafò pou ipokrizi? Kijan nou ka asire n ke sèvis nou, priyè nou, ak jèn nou sensè epi yo pa gen ipokrizi?

  • Apre yo fin idantifye bon zèv yo mansyone nan 3 Nefi 13:1–8 ak 16–18 yo, manm klas yo gen dwa di kisa k pouse yon moun pou l fè bagay sa yo, oubyen lòt bagay Bondye mande nou pou nou fè. Kisa nou t ap di yon moun ki ta mande nou poukisa n ap fè bon bagay? Ankouraje manm klas yo pou yo panse a pwòp motivasyon pa yo pou fè bon zèv tankou sa yo. Kijan nou ka pirifye motif nou?

3 Nephi 14:7–11

Si nou chèche “bon bagay” nan men Pè Selè la, n ap resevwa yo.

  • Pou n konprann envitasyon Senyè a pou mande, chèche, ak frape a, li ta bon pou n ta egzamine kisa mo sa yo vledi. Kisa chak mo enplike konsènan sa Senyè a envite nou pou nou fè? Kijan nou mande, nou chèche, epi nou frape? Kijan pwomès nan 3 Nefi 14: 7–8 yo aplike nan lavi nou? Manm klas yo gen dwa repase konsèy Prezidan Russell M. Nelson nan ki nan “Resous adisyonèl” la, pou yo chèche kesyon l mande ak envitasyon l bay. Ba yo tan pou yo reflechi ak ekri repons yo pou kesyon l yo ak plan yo pou yo suiv envitasyon l yo.

  • Kèk manm nan klas la gen dwa pa byen konprann kisa Sovè a te vledi lè l te di: “Chak moun ki mande, resevwa” a (3 Nefi 14:8). Poukisa kèk priyè sanble yo pa egzose, e poukisa pafwa nou pa jwenn repons nou ta renmen resevwa yo? Repase kèk nan ekriti sa yo nan klas la ta kapab ede pou reponn kesyon sa yo: Ezayi 55:8–9; Elaman 10:4–5; 3 Nefi 18:20; ak Doktrin ak Alyans 9:7–9; 88:64. Ankouraje manm nan klas yo pou yo pataje sa yo jwenn. Kijan ide sa yo afekte fason nou priye?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Pou pouse manm klas yo li 3 Nefi 17–19 la lakay yo, ou gen dwa envite yo pou yo imajine kisa sa t ap sanble pou yo ta tande Sovè a k ap priye pou yo menm ak fanmi yo. Nan chapit sa yo, yo pral li resi sou moun ki te fè eksperyans sakre sa a.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Nou ka kontwole panse nou.

Prezidan Ezra Taft Benson te anseye:

“Lespri a ka konpare avèk yon sèn kote se yon sèl pyès yo ka jwe alafwa. Nan yon bò nan koulis la, Senyè a, ki renmen ou, ap eseye mete sou sèn lespri ou sa ki pral pote benediksyon pou ou. Nan lòtbò a, dyab la, ki rayi ou, ap eseye mete sou sèn lespri ou sa ki ap pote malediksyon pou nou.

“Ou se direkè teyat la—se oumenm ki ka deside ki panse w ap kite okipe sèn nan. … Se sa w panse a ou pral ye—sa w kite okipe sèn lespri ou tout tan an. …

“Si panse nou fè nou sa nou ye a, e si nou dwe tankou Kris la, enben, panse nou dwe tounen vè Kris la (“Penser au Christ,” Ensign, Avr. 1984, 10–11).

Bondye vle pale avèk nou.

Prezidan RussellM. Nelson te di:

“Kisa rechèch pèsonèl ou a pral louvri pou ou? Ki sajès ou manke? Kisa w santi w bezwen konnen oubyen konprann an ijans? Suiv egzanp Pwofèt Joseph la. Chèche yon andwa trankil kote w ka ale regilyèman. Imilye w devan Bondye. Devèse kè w bay Pè Selès ou a. Vire gade l pou w ka jwenn repons ak rekonfò.

“Priye nan non Jezikri sou sousi ou, krent ou, feblès ou—wi, pou aspirasyon kè ou. Epi apresa koute! Ekri panse ki vin nan lespri ou. Ekri sa w santi epi suiv sa w santi w pouse pou w fè yo. …

“Eske Bondye reyèlman vle pale avèk ou? Wi! … Mwen priye w pou w elaji limit kapasite espirityèl aktyèl ou pou w ka resevwa revelasyon pèsonèl. …

“O, gen si anpil bagay anplis Pè Selès la vle pou w konnen” (“Revelasyon pou Legliz la, revelasyon pou lavi nou,” Ensign oswa Liahona, Me 2018, 95).

Amelyore ansèyman nou

Ede manm klas yo pou youn sipòte lòt. “Chak moun nan klas ou a se yon sous temwayaj, ide, ak eksperyans abondan nan viv levanjil la. Envite yo pou youn pataje ak lòt epi pou youn elve lòt” (Anseye nan fason Sovè a, 5).