Vini, Suiv Mwen
31 Out–6 Septanm Elaman 13–16: “Bòn nouvèl ki pote gwo lajwa”


31 Out–6 Septanm Elaman 13–16: ‘Bòn nouvèl ki pote gwo lajwa,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2020 (2020)

31 Out–6 Septanm Elaman 13–16,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2020

Imaj
Samyèl, Lamanit la sou mi an

Samyèl, Lamanit la, soumi an, pa Arnold Friberg

31 Out–6 Septanm

Elaman 13-16

“Bòn nouvèl ki pote gran lajwa”

Kiyès nan ansèyman Samyèl, Lamanit la, ou santi k ap pi itil manm klas ou yo? Pandan w ap etidye Elaman 13–16 la, medite sou kijan w ka ede yo konprann enpòtans chapit sa yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Envite manm klas yo pou yo pataje sa yo te aprann, yon bagay yo te pi byen konrann, oubyen yon bagay yo te aplike pandan yo t ap li resi Samyèl, Lamanit la nan Elaman 13–16 la semèn sa a. Apresa fè kèk nan yo pataje avèk klas la.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Elaman 13.

Sèvitè Senyè a yo pale ak aji selon direksyon Bondye.

  • Senyè a te mande Samyèl, Lamanit la, pou l te fè yon bagay ki te ka parèt ase difisil: pou l t al preche moun ki te fèk sot chase l mete deyò nan vil yo a. Lekti Elaman 13:2–5 la ta ka raple manm klas yo kèk bagay difisil Senyè a te mande yo pou yo te fè. Envite yo pou yo pataje eksperyans yo. Kijan Senyè a te ede pèp yo? Paregzanp, petèt yo ta ka pataje eksperyans kote Senyè a te mete yon bagay nan kè yo ke l te vle yo di yon moun (gade vèsè 4 la). Ki benediksyon yo te resevwa lè yo te suiv direksyon Senyè a?

    Imaj
    Prezidan Russell M. Nelson

    Pwofèt la oryante nou al jwenn Jezikri.

  • Menmsi avètisman Samyèl yo te adrese ak Nefit ki te gen tèt di, Elaman 13 yo gen kèk leson pou nou tout. Pou ede manm klas yo jwenn siyifikasyon pèsonèl nan pawòl li yo, ou ka envite yo pou yo gade nan Elaman 13 pou yo chèche yon mesaj ki sanble l adrese a epòk nou an. (Si yo bezwen èd, ou gen dwa ekri vèsè sa yo sou tablo a: 8, 21–22, 26–29, 31, ak 38.) Apresa yo gen dwa pataje sa yo jwenn de pa de, an ti gwoup, oubyen avèk tout klas la. Ki mesaj similè pwofèt yo ba nou jodia?

Elaman 14; 16:13–23

Siy ak mèvèy ka fòtifye lafwa moun ki pa andisi kè yo.

  • Plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo sigjere pou yo chèche siy Senyè a ba nou “pou [nou] ka kwè nan non li” (Elaman 14:12). Asire w ke manm klas yo ka pataje sa yo te dekouvri pandan yo t ap medite sou ide sa a. Veye pou w di yo ke siy nan lavi nou yo gen dwa mwens spektakilè pase siy Samyèl te predi yo. Ki lòt bi k genyen pou siy yo sigjere nan Elaman 14:28–30 yo? Yo gen dwa pataje lòt bagay Senyè a te fè pou l te ede yo devlope lafwa nan li.

  • Lekti sou fason pwofesi Samyèl yo te akonpli yo ka bati lafwa manm klas yo nan Jezikri ak nan misyon l lan. Petèt yo ta ka itilize Elaman 14 pou kreye yon tablo ki gen lis pwofesi Samyèl te bay sou nesans Kris la ak sou lanmòl la nan yon bò epi ekriti ki bay referans sou kilè pwofesi sa yo te akonpli yo sou lòtbò a. Gen kèk nan referans yo ki gen dwa enkli nan vèsè nan 3 Nefi 1:15–21 ak 3 Nefi 8:5–25 yo. Poukisa li enpòtan pou nou konnen pwofesi sa yo ak akonplisman yo?

  • Manm klas yo ka remake ke—nan Elaman 16 la ak nan lòt kote nan ekriti yo—ke wè siy ak pwodij pa nesesèman fè yon moun kwè nan Kris la. Envite yo pou yo pataje kèk egzanp nan ekriti yo sou kèk moun ki te wè siy e ki te toujou pa t kwè. Selon Elaman 16:13–23, poukisa anpil moun nan epòk Samyèl, Lamanit la, pa t kwè siy yo ak pwofesi yo? Kijan Satan pèsyade moun pou yo “fye yo a pwòp … sajès pa yo” jodia? (Elaman 16:15). Kisa nou aprann nan istwa sa a ki ka ede nou evite menm kalite erè yo?

Elaman 15:3.

Senyè a chatye moun li renmen.

  • Pawòl Samyèl, Lamanit yo, gen anpil reprimand sevè, men Elaman 15:3 bay yon pèspektiv san parèy sou chatiman ki soti nan Senyè a. Yon fason pou ede manm klas yo konprann pèspektiv sa a se li vèsè sa a ansanm epi envite yo pou yo di ki prèv yo wè sou amou ak mizèrikòd Bondye nan pwofesi ak avètisman Samyèl yo. Nan ki sans chatiman Senyè a se yon siy amou li?

  • Pou ede klas la pi byen konprann mesaj ki nan Elaman 15:3 la, ou gen dwa pale de twa chatiman diven yo Eldè D. Todd Christofferson anseye yo (gade nan “Resous adisyonèl”). Divize klas la an twa gwoup, epi mande chak gwoup pou diskite sou youn nan objektif sa yo (ekriti ak videyo yo sigjere nan “Resous adisyonèl” yo ka ede). Apresa chak gwoup ka pataje avèk klas la nenpòt ide nan diskisyon yo a ki ede yo pi byen konprann ke Senyè a chatye moun li renmen.

Elaman 16

Pwofèt la oryante nou vè Jezikri.

  • Nan Elaman 16, kisa nou aprann nan men moun ki te aksepte ansèyman Samyèl yo? Kisa nou aprann nan men moun ki te rejte l yo? Li ta bon pou w ta tande manm klas yo ap pataje kijan yo te akeri temwayaj yo sou enpòtans pou suiv pwofèt vivan yo. Yo gen dwa di kijan yo t ap itilize Elaman 16 la oubyen pawòl Èldè Anderson yo ki nan “Resous adisyonèl” la pou eksplike yon moun poukisa yo chwazi pou yo suiv pwofèt la.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Pou ankouraje manm klas yo li 3 Nefi 1–7 semèn pwochèn nan, ou ka di yo ke anpil nan pwofesi yo li semèn sa yo pral akonpli nan chapit sa yo.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Bi chatiman diven.

Èldè D. Todd Christofferson te pataje twa bi chatimen diven (gade “Je reprends et châtie tous ceux que j’aime,” Ensign oswa Liahona, Me 2011, 97–100):

  1. “Pèsyade nou pou nou repanti.” Gade Etè 2:14–15; Doktrin ak Alyans 1:27; 93:41–50; 105:6.

  2. “Rafine nou ak sanktifye nou.” Gade Mozya 23:21–22; Doktrin ak Alyans 101:1–5; 136:31.

  3. “Reoryante kous lavi nou al nan sa Bondye konnen ki se yon pi bon chemen” Gade istwa Prezidan Hugh B. Brown nan ak fwi nan diskou Èldè Christofferson nan (paj 98–99); “Volonte Bondye” (videyo, ChurchofJesusChrist.org).

Nou rejwi dèske nou gen yon pwofèt.

Èldè NeilL. Andersen te anseye:

“Yon pwofèt pa kanpe ant noumenm ak Sovè a. Men, li kanpe bò kote nou epi li montre nou chemen pou al jwenn Sovè a. Pi gwo responsablite yon pwofèt ak kado ki pi presye li ba nou se temwayaj sèten li, konesans sèten li, ke Jezi se Kris la. Tankou Pyè ansyen pwofèt la, pwofèt nou an deklare: ‘[Li se] Kris la, Pitit Gason Bondye vivan an’ [Matye 16:16; gade Jan 6:69] tou.

“Nan yon jou fiti, lè n ap gade dèyè sou mòtalite nou, nou va rejwi dèske nou te mache sou tè sa a nan epòk kote te gen yon pwofèt vivan. Jou sa a, mwen priye pou nou kapab di:

Nou te koute li. Nou te kwè li. Nou te etidye pawòl li yo ak pasyans ak lafwa. Nou te priye pou li. Nou te kanpe avèk li. Nou te ase enb pou nou te suiv li. Nou renmen li” (“Pwofèt Bondye a,” Ensign oswa Liahona, Me 2018, 27).

Amelyore ansèyman nou

Aprann konnen moun w ap anseye yo. Pa gen de moun ki egzakteman parèy. Chak moun w ap anseye gen yon pase, yon pèspektiv ak aptitid ki pwòp a limenm. Priye pou w ka konn kijan w ka itilize diferans sa yo pou ede moun w ap anseye yo. Si pi byen konprann moun w ap anseye yo, ou ka kreye dè moman ansèyman siyifikan ak memorab. (Gade Anseye nan fason Sovè a, 7.)