Vini, Suiv Mwen
14–20 Septanm. 3 Nefi 8–11: “Leve epi vin jwenn mwen”


“14–20 Septanm. 3 Nefi 8–11: ‘Leve epi vin jwenn mwen,’” Vini, Jwenn Mwen—Pou Lekòldidimanch: Liv Mòmon 2020 (2020)

“14-20 Septanm. 3 Nefi 8-11,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòl Dimanch: 2020

Imaj
Kris la ki parèt devan Nefit yo

Mwen se limyè mond lan, pa James Fullmer

14–20 Septanm

3 Nefi 8–11

“Leve epi vin jwenn mwen”

Si w gade nan enpresyon w ekri pandan w ap fè etid pèsonèl ou sou 3 Nefi 8–11  la, sa ka ba w ide ansèyman. Sigjesyon anba yo ka ba w plis ide toujou.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Pafwa moun yo pi fasil pou pataje si w mande yo yon bagay spesifik. Paregzanp, ou gen dwa envite manm klas yo pou yo pataje yon bagay nan 3 Nefi 8–11 la ki te anseye yo sou karaktè Jezikri. Ba yo envitasyon sa a kèlke jou alavans pou yo ka vini prepare pou pataje.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

31 Nefi 8–10

Si nou repanti, Sovè a ap rasanble nou, l ap pwoteje nou epi l ap geri nou.

  • Chapit sa yo gen kèk resi sou dekstriksyon ak devastasyon, men yo anseye leson espirityèl ki ka ede nou pwoche pi pre Jezikri tou. Petèt ou ka divize klas la an twa gwoup epi bay chak gwoup tach pou gade yon chapit nan 3 Nefi 8–10 la, pandan y ap chèche mo ak fraz ki dekri sa moun yo te aprann ak viv. Yon moun nan chak gwoup gen dwa pataje sa gwoup li a dekouvri avèk rès klas la. Ankouraje manm klas yo pou yo di kijan leson espirityèl sa yo ka ede nou vin pi pre Sovè a.

  • Yon mesaj enpòtan nan chapit sa yo sèke Sovè a lonje lamen ba nou avèk amou ak mizèrikòd menm pandan eprèv ki pi difisil nou yo. Ou gen dwa envite yo pou yo panse ak yon moun yo konnen k ap travèse yon moman difisil epi apresa chèche pawòl Sovè a nan 3 Nefi 9:13–22 ak 10:1–10 pou yo ka jwenn fraz ki ta ka ede moun sa a. Petèt yo ta ka pataje eksperyans pèsonèl kote yo te santi Sovè a lonje lamen ba yo.

3 Nefi 9:19–22

Senyè a mande “gen yon kè brize ak yon lespri kontri.”

  • Anvan Sovè a te vini, moun fidèl nan tè pwomiz la yo te obeyi lwa Moyiz la, ki te enkli sakrifis bèt. Pou ede manm klas yo pi byen konprann lwa sa a, ou gen dwa brèfman repase Moyiz 5:5–8. Poukisa yo te kòmande pèp Bondye a pou yo te sakrifye bèt nan tan ansyen yo? Ki nouvo kòmandman Sovè a te bay nan 3 Nefi 9:20, epi kijan sa atire rega nou sou limenm ak sakrifis li a? Sitasyon sou lwa sakrifis yo ki nan “Resous” la ka ede tou.

  • Kijan w ka ede manm klas yo konprann kisa sa vledi pou n gen yon kè brize ak yon lespri kontri? Petèt ou ka kòmanse pa ekri sou tablo a mo brize, kontri, ak sakrifis yo. Apresa mande yo pou yo fè desen ki reprezante kisa sa mo sa yo vle di pou yo oubyen ekri mo oswa fraz yo ka asosye avèk yo. Pandan manm klas yo ap pataje foto, mo, ak fraz yo, yon ka diskite sou fason bagay sa yo gen relasyon avèk sa Sovè a mande nou nan 3 Nefi 9:19–22 yo. Sitasyon Èldè D.Todd Christofferson nan nan “Resous Adisyonèl” la ka ede tou.

3 Nefi 11:1–17

Jezikri se Limyè mond lan.

  • Evenman yo dekri nan 3 Nefi 11:1–17 yo pami evenman ki pi sakre nan Liv Mòmon an. Panse pou w bay manm klas yo kèlke moman pou yo ka li vèsè sa yo an siland. Petèt ou ta ka ekri kèk kesyon sou tablo a pou yo ka medite pandan y ap li a, tankou Kijan w t ap santi w si w te pami moun sa yo? Kisa k enpreyone w sou Sovè a nan vèsè sa yo? Kisa w aprann nan egzanp Jezi a? oubyen Ki eksperyans ki ba w yon temwayaj konsènan Jezikri kòm Sovè ou? Ou gen dwa pèmèt manm klas yo pataje panse yo oswa enpresyon yo.

    Imaj
    Jezikri k ap montre Nefit yo mak klou nan men l yo

    Youn pa youn, by Walter Rane

3 Nefi 11:10–41

Jezikri te etabli doktrin ni an ak Legliz li a.

  • Li ta enstriktif pou w ta note premye bagay Sovè a te chwazi pou l te di ak fè lèl te parèt nan peyi Abondans lan. Petèt manm klas yo ta ka make oubyen ekri verite yo idantifye nan pawòl ak aksyon Sovè a ki nan 3 Nefi 10–41 an. Envite yo pou yo pataje sa yo jwenn. Kisa nou aprann osijè Sovè a nan vèsè sa yo? Kisa w aprann osijè legliz li a?

  • Pou te mete fen nan dezakò pami moun yo konsènan batèm nan, Sovè a te revele kèk verite enpòtan konsènan òdonans sa a nan 3 Nefi 11. Pou ede manm klas yo dekouvri verite sa yo, ou gen dwa ekri nimewo vèsè sa yo sou tablo a: 21–25, 26–27, 33–34. Envite chak manm klas pou chwazi yon vèsè oubyen de epi pataje yon verite ki anseye sou batèm.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Klas ou a gen dwa enterese pou konnen ke vizit Sovè a te fè Nefit yo ak Lamanit yo te afekte yo si pwofondeman ke moun sa yo ki te si enmi yo te vin viv nan lapè pandan plis pase 200 zan (gade 4 Nefi 1). Sa gen dwa enspire yo pou yo etidye 3 Nefi 12–16 a pou yo ka aprann kisa Sovè a te anseye moun yo ki te pouse yo fè yon chanjman osi spektakilè konsa.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Lwa sakrifis la

Prezidan M. Russell Ballard te eksplike ki fason nou ka viv lwa sakrifis la jodia:

“Apre sakrifis siprèm Sovè a, gen de ajisteman ki te fèt nan pratik [lwa sakrifis la]. Premyèman, òdonans sentsèn nan te ranplase òdonans sakrifis la; epi dezyèmman, chanjman sa a te retire fokis sou sakrifis bèt moun nan te konn fè a pou l vin tounen sakrifis moun nan limenm. Nan yon sans, sakrifis la te chanje soti nan ofrann nan pou vin nan moun ki fè ofrann nan. …

“… Olye ke Senyè a mande sakrifis bèt nou oubyen gren nou, kounyeya, li vle pou nou renonse ak tout sa ki enpi. …

“… Lè nou simonte dezi egoyis nou yo epi nou mete Bondye an premye nan lavi nou, epi nou fè alyans pou nou sèvi l kèlkeswa pri a, se lè sa a n ap viv lwa sakrifis la” (“Lwa sakrifis la,” Ensign, Okt. 1998, 10).

Èldè Neal A. Maxwell nan Kolèj Douz Apot yo te di; “Veritab sakrifis pèsonèl la se pa t janm pou te mete yon bèt sou lotèl la. Men, se yon dispozisyon pou mete bèt ki nan nou an sou lotèl la epi pou kite l boule!” (“(“Refusez-vous toute impiété,” Liahona, Me 1995, 68).

Yon kè brize ak yon lespri kontri.

Èldè D. Todd Christofferson te dekri kisa sa vle di pou yon moun gen yon kè brize ak yon lespri kontri:

“Ou ka ofri Senyè a don kè brize ou, oubyen kè repantan ou ak lespri kontri, oubyen obeyisan ou. An reyalite, se don tèt ou—sa ou ye ak sa w devni.

“Èske gen yon bagay nan oumenm oubyen nan lavi w ki pa pur oubyen ki pa diy? Lè w debarase w anba li, sa se yon don ou bay Sovè a. Eske gen yon bon abitid oubyen yon bon kalite ki manke nan lavi ou? Lè w adopte li epi ou fè l vin fè pati karaktè ou, ou fè Senyè a yon don” (“Lè w konvèti,” Ensign oswa Liahona, Me 2004, 12).

Amelyore ansèyman nou

Travay ansanm avèk manm fanmi yo. “Moun ki gen plis enfliyans sou yon lòt moun—pou byen oswa pou mal—se souvan moun ki andedan fwaye li. Paske fwaye a se sant pou viv ak aprann levanjil la, efò ou pou fòtifye yon manm nan klas la ap vin pi efikas lè w travay ansanm avèk yon … manm fanmi li” (Anseye nan fason Sovè a, 8-9).