Vini, Suiv Mwen
24–30 Out. Elaman 7–12: “Sonje Senyè a”


“24–30 Out: ‘Sonje Senyè a,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Liv Mòmon an 2020 (2020)

“24–30 Out. Elaman 7–12,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Liv Mòmon an 2020

Imaj
Nefi k ap priye nan tou nan jaden an

Ilistrasyon Nefi sou tou yon jaden pa Jerry Thompson

24–30 Out.

Elaman 7-12.

“Sonje Senyè a”

Nefi te ankouaje pèp li a pou yo sonje Senyè a. Ou ka fè menm bagay la pou moun w ap anseye yo. Pandan w ap li Elaman 7–12 la, ekri enpresyon ou sou fason w ka ede manm klas ou yo sonje Senyè a.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Envite manm klas yo pou yo ekri kèk prensip yo jwenn nan Elaman 7–12 la sou tablo a, ansanm avèk referans sou ki kote n ap jwenn prensip sa yo. Apresa nou ka detèmine ansanm kiyès nan prensip ak vèsè sa yo nou pral diskite.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Elaman 7-11

Pwofèt yo revele volonte Bondye bay pèp la.

  • Pou ede klas ou a aprann nan Elaman 7–11 sou wòl ak responsablite pwofèt yo, ou gen dwa kòmanse pa li definisyon pou “Pwofèt” la ansanm nan Gid Ekriti yo (scriptures.ChurchofJesusChrist.org). Di yo pou yo idantifye wòl pwofèt yo yo mansyone yo epi fè lis yo sou tablo a. Apresa ou ka mande yo pou yo chak repase yon chapit nan Elaman 7–11 la. Mande yo pou yo gade kijan Nefi te ranpli wòl yo ki ekri sou tablo a. Kijan pwofèt ak apot vivan nou yo ranpli wòl sa yo? Kijan nou ka soutni yo nan responsablite yo?

  • Poukisa pwofèt yo pale pafwa avèk fèmte, jan Nefi te fè a? Panse pou w envite yo pou yo li Elaman 7:11–29, pou yo chèche avètisman Nefi te bay yo ak rezon k fè l te oblije si fèm konsa lè l t ap bay yo a. Ki avètisman pwofèt yo ki enspire nou pou nou repanti ak vin jwenn Senyè a? Nan seksyon “Resous adisyonèl” la, w ap jwenn yon metafò Eldè Neil L. Andersen te itilize pou l te ede nou konprann danje ki genyen nan inyore avètisman pwofèt yo.

Elaman 9:1–20; 10:1, 11–15

Lafwa dwe fonde sou plis pase siy ak mirak.

  • Yon fason pou n diskite sou vèsè sa yo se divize klas la an de gwoup epi envite chak gwoup pou li Elaman 9:1–20 epi imajine yomenm nan plas youn nan senk mesye yo oubyen jij anchèf yo. Kisa moun sa yo dwe te santi? Kisa k te enfliyanse chak gwoup pou yo te reyaji si diferamman a menm pwofesi mirakile a? Kijan nou ka asire nou ke mirak yo edifye temwayaj nou men yo pa vin sèl fondasyon pou temwayaj nou? Kijan nou ka detèmine si pawòl pwofèt nan epòk nou yo vrè?

Elaman 10: 1-12

Senyè a bay pouvwa a moun k ap chèche fè volonte li e ki respekte kòmandman l yo.

  • Resi sou Senyè a k ap beni Nefi a nan Elaman 10 la ka enspire manm klas ou yo pou yo pi dilijan nan chèche ak fè volonte Senyè a. Yo gen dwa li vèsè 1–12 yo, pou yo chèche kisa Nefi te fè pou l te gen konfyans Senyè a ak kijan Senyè a te beni li. Apresa, yo ka pataje lòt egzanp sou moun ki te chèche epi ki te fè volonte Senyè al “san fatige” (Elaman 10:4), oubyen nan ekriti yo oubyen nan pwòp lavi yo. Kijan Senyè a te beni moun sa yo avèk pouvwa pou yo te “kraze” (Elaman 10:9) montay figire yo nan lavi yo? Ba yo tan pou yo reflechi sou fason yo ka pi byen chèche fè volonte Senyè a ak kenbe kòmandman l yo.

Elaman 12

Senyè a vle nou sonje li.

  • Anpil nan manm klas ou yo te fè alyans pou yo toujou sonje Jezikri. Petèt yo ta ka pataje youn lòt kisa k ede yo “toujou sonje li” (Mowoni 4:3; DA 20:77), nan nan tan pwosperite ni nan tan difikilte. Apresa yo ka gade nan Elaman 12 pou yo chèche rezon k fè moun toujou gen tandans pou bliye Senyè a. Kijan nou ka simonte tandans yo ki dekri nan chapit sa a? Kijan advèsite te ede nou sonje Bondye? (gade Elaman 11:4–7).

  • Pou demontre efò sa mande pou yon moun sonje yon bagay, ou gen dwa ba yo kèk minit pou yo gade nan Elaman 12. Apresa ou gen dwa poze yo kesyon sou chapit la pou w wè kisa yo sonje. Petèt yon gen dwa di kisa yo fè pou yo ka sonje enfòmasyon pou yon egzamen. Kijan sa sanble avèk efò yo ki nesesè pou nou “sonje Senyè a”? (Elaman 12:5). Nan ki fason sa diferan? Envite klas la pou yo jwenn yon vèsè oubyen yon fraz nan Elaman 12 la yo ka mete lakay yo oubyen memorize pou raple yo pouyo sonje bonte ak pouvwa Bondye.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Pou ankouraje yo pouyo li Elaman 13–16, ou gen dwa presize pou yo ke pwofesi Samyèl, Lamanit la, te bay sou evenman ki te asosye avèk nesans Sovè a ak krisifiksyon l yo ka konpare avèk evanman nan epòk nou yo ki ap presede Dezyèm Vini Sovè a.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Koute gidans pwofèt yo.

Eldè Neil L. Andersen te pataje eksperyans sa a:

“Moun ki chwazi pou yo sèvi Senyè a ap toujou koute Pwofèt la atantivman e spesifikman. .…

“… Kite m ilistre sa avèk yon eksperyans. Fanmi m te viv nan eta Florid la pandan plizyè ane. Paske Florid gen yon gwo konsantrasyon sann, yo plante ladan yo yon gwo zèb nou rele Saint-Augustin. Yon gwo enmi nan yon tè nan Florid se yon ti ensk brun yo rele krikèt.

“Yon jou swa pandan vwaze m nan te kanpe sou pewon lakay li, li te remake yon ti ensèk ki t ap travèse ale m nan. Li te avèti m: ‘Pito w mete spre nan gazon w lan,’ ‘Gen yon krikèt ladan.’ Sa te gen jis kèk semèn depi m te spre gazon an avèk ensektisid, epi m te di tèt mwen ke m pa t gen tan ni lajan pou m te fè sa osi vit ankò.

“Nan demen, nan limyè jou maten an, m te egzamine gazon an. ” Li te bèl e byen vèt. M te gade nan zèb la pou m te wè si m te ka wè kèk ti ensèk. M pa t wè okenn. M sonje m te panse: ‘Oke, petèt ti krikèt sa a te jis ap pase nan lakou m nan pou l t al nan lakou vwazen an.’ .…

“Men, istwa a te fini mal. M te soti sou pewon an yon jou maten, apeprè 10 jou apre konvèsasyon m nan avèk vwazen m nan. Ak etonman, kòmsi sa te rive jis yon aswè, m te wè tach brun ki te kouvri tout gazon an. M te kouri al nan magazen, m te achte ensektisid, epi m te spre l imedyatman, men l te twò ta. Gazon an te pèdi, epi pou m te retounen l nan premye eta l te ye a, sa ta pral mande pou m te chanje tè a, pil èdtan travay ak gwo depans.

“Avètisman vwazen m nan te esansyèl pou sante jaden m nan. Li te wè bagay m pa t ka wè. Li te konnen yon bagay m pa t konnen. Li te konnen ke krikèt yo te viv anba tè epi se lannuit sèlman yo travay, sa k te rann egzamen m te fè nan jounen an pa vo anyen. Li te konnen ke krikèt yo pa manje fèy zèb la men yo manje rasin yo. Li te konnen ti kreyati tou piti sa yo te ka devore anpil rasin anvan pou yon moun remake efè a anlè tè a. M te peye yon gwo pri poutèt fyète mwen. …

“Gen anpil krikèt spirityèl k ap fouye anba mi pwoteksyon nou yo epi k ap anvayi rasin frajil nou yo. Anpil nan ensèk malfezan sa yo parèt piti, pafwa yo menm envizib. …

“Annou pa aji jan m te aji avèk krikèt mwen yo nan Florid la. Annou pa janm inyore avètisman yo. Annou pa janm fyè de endepandans nou. Annou toujou koute ep aprann nan imilite ak lafwa, pare pou nou repanti si nesesè ” (“Prophètes et courtillères spirituelles,” Ensign, Nov. 1999, 16–18).

Amelyore ansèyman nou

Eksprime lanmou. “Selon sikonstans ou, ou gen dwa eksprime lanmou pou moun w ap anseye yo nan fè yo konpliman ki sensè, nan enterese nan lavi yo, nan koute yo avèk atansyon, nan fè yo patisipe nan leson an, nan rann yo sèvis, oubyen senpleman nan salye yo avèk chalè lè w wè yo” (Anseye nan Fason Sovè a, 6).