Vini, Suiv Mwen
10–16 Out. Alma 53–63: “Prezève pa pouvwa mèveye li”


“10–16 Out. Alma 53–63: “Prezève pa pouvwa mèveye li,‘” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Liv Mòmon 2020 (2020)

“10–16 Out. Alma 53–63,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch 2020

Imaj
de mil jèn gèrye yo

De mil jèn gèrye yo, pa Arnold Friberg

10–16 Out

Alma 53–63

“Prezève pa pouvwa mèveye li”

Pandan w ap etidye ide ansèyman yo ki nan plan leson sa a, panse sou kisa ki ka mache pou klas ou a, epi adapte oubyen ajiste aktivite yo pou yo ka reponn bezwen manm klas yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Pou ankouraje manm klas yo pataje sa yo te aprann nan Alma 53–63 yo, ou gen dwa mande yo pou yo gade nan chapit sa yo epi chèche yon vèsè yo ta ka pataje avèk yon moun k ap fè fas ak pwoblèm. Envite yo pou yo pataje vèsè sa yo avèk yon moun ki pa nan klas la.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Alma 53:17–21; 56:43–48, 55–56; 57:20–27; 58:39–40

Si nou egzèse lafwa ak konfyans nan Bondye, l ap fòtifye nou.

  • Ou ka ajoute sou diskisyon klas la sou gèrye Elaman yo nan chèche konnen kisa klas la te aprann lakay yo. Yon fason w ka fè sa se envite yo pou yo di kalite lakay jèn gèrye yo ki te frape yo (Alma 53:17–21; 56:45–48; 57:20–21, 26–27; 58:40). Kijan kalite sa yo te ede yo pandan batay yo? Kijan yo ka ede nou pandan batay spirityèl nou yo? Manm klas yo gen dwa pataje istwa sou “jèn gèrye” modèn yo tou.

  • Paran nan klas ou yo gen dwa siman espere ke pitit yo ap devlope lafwa tanko lafwa jèn gèrye Elaman yo. Pou ede paran ak fiti paran yo nan klas ou a aprann nan istwa yo, ou gen dwa òganize yon braselide avèk plizyè moun ki ka pataje ide sou bati lafwa nan timoun yo. Mande moun sa yo pou yo li Alma 56:47–48 ak 57:20–27 anvan sa epi prepare pou yo pataje ide sou sa k te ede jèn gèrye yo devlope lafwa. Bay manm klas yo tan pou yo pataje ide yo lè manm gwoup braselide yo ap prezante ide pa yo. Lòt resous ki ta ka anrichi diskisyon sa a se pawòl Sè Joy D. Jones yo ki nan “Resous adisyonèl” la avèk mesaj Prezidan Russell M. Nelson an “Yon siplikasyon pou sè m yo” (Ensign oswa Liahona, Nov. 2015, 95–97). Nan fen diskisyon an, ou gen dwa bay manm klas yo kèlke minit pou yo medite sou kesyon tankou sa yo: Kimoun ki ka apiye sou temwayaj ou? Kisa w ka di ak fè pou fòtifye yo?

Imaj
Timoun Nefit yo avèk manman yo

Ewo (anseye pa manman yo), pa Liz Lemon Swindle

Alma 58:1–12, 30–3761

Nou ka chwazi pou n panse byen de lòt moun epi pou n pa ofanse.

  • Reyaksyon Alma lè lame l yo pa t resevwa sipò a ka yon egzanp puisan pou nou lè nou santi yo fè nou ditò. Po ankouraje yon diskisyon sou egzanp li a, ou gen dwa envite yon manm nan klas la pou vini tou prepare pou fè rezime sitiyasyon Elaman ak rezon k fè gouvènman an pa t reponn a bezwen l yo (gade e Alma 58:1–9, 30–37; 61:2–8). Ou gen dwa ekri sou tablo a Reyaksyon Elaman ak Lòt repons posib. Apresa envite klas la pou yo gade nan Alma 58:1–12 ak 30–37 epi ekri anba chak antèt deskripsyon sou sa Elaman te panse, te di, oubyen fè kòm reyaksyon devan sitiyasyon l la, an kontrèman ak kisa l ta ka panse, fè oubyen di. Kisa nou ka fè pou nou suiv egzanp Elaman lè nou santi yo leze nou oubyen abandone nou?

  • Lè Mowoni te kritike Paworan an nan Alma 60 la, Paworan te ka chwazi pou l te ofanse. Men olyesa, li te reponn ke l “pa t fache” men li te “[rejwi] nan grandè kè [Mowoni]” (Alma 61:9). Pou ede manm klas yo aprann nan egzanp Paworan an, ou gen dwa mande yo pou yo imajine ke yo te mande yo pou yo ekri yon atik pou yon revi Legliz la ki reprann egzanp Paworan an nan Alma 61 an pou anseye kijan pou nou evite kite lòt moun ofanse nou. Apresa, ou gen dwa divize klas la an de gwoup epi mande yo pou yo li Alma 61:3–14 epi fè lis kèk pwen yo ta ka mete nan atik yo a. Konsèy Eldè David A. Bednar la nan “Resous adisyonèl” la ka ede tou.

Alma 60:7–14

Nou gen responsablite pou nou edifye moun ki bò kote nou.

  • Mowoni te ekri ke Bondye t ap rann Paoran responsab si l te volontèman neglije bezwen lame Nefit yo. Panse pou w envite manm klas yo pou yo li Alma 60:7–14 ansanm, epi apresa pou yo panse ak yon moun yo konnen ki ta ka nan bezwen epi ki santi l abandone. Kisa nou ka fè pou nou ka konn bezwen lòt moun epi reponn yo? Nan ki fason lòt moun te satisfè bezwen ou, enkli fè ak sè sèvis pastoral ou yo?

Alma 62:39-41, 48–51

Nou dwe sonje Senyè a nan tan advèsite ak pwosperite yo.

  • Reyaksyon Nefit yo nan peryòd difisil ak nan peryòd pwosperite yo (gade Alma 62:39–41, 48–51) montre ke nou ka chwazi pou nou enb keseswa nou nan advèsite oswa pwosperite. Ou ka envite manm klas yo pou yo li vèsè sa yo epi di kisa k enpresyon yo ladan yo. Ou gen dwa envite yo pou yo pale de panse yo de pa de anvan w mande yo pou yo pataje avèk tout klas la.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Pou soulve enterè yo nan Elaman 1–6 la, ou gen dwa eksplike yo ke nan chapit sa yo Nefit yo te vin mechan epi Lamanit yo te vin jis. Ranvèsman wòl sa a gen kèk leson enpòtan pou nou nan tan peril dènye jou sa yo.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Fè pitit nou yo reziste anba peche.

Sè Joy D. Jones, Prezidant Jeneral Primè a, te pataje kle sa yo pou nou ka elve “yon jenerasyon k ap reziste anba peche”.

“Pou kòmanse, … nou dwe ede [pitit nou yo] konnen san okenn dout ke yo se pitit gason ak pitit fi yon Pè Selès eman epi li gen bagay divin l ap atann nan men yo.

“Dezyèmman, konprann doktrin repantans lan esansyèl pou nou ka vin reziste anba peche. Reziste anba peche pa vledi ke n ap san peche, men sa vle di ke n ap kontinyèlman repanti, vijilan, ak vanyan. Petèt reziste anba peche vini kòm yon benediksyon ki soti nan tout tan ap reziste anba peche. …

“… Yon twazyèm kle pou ede pitit nou yo vin reziste anba peche se kòmanse antre doktrin ak prensip debaz levanjil yo nan yo byen bonè—nan ekriti yo, Atik Lafwa yo, bwochi Pou Fòs Jèn yo, chan Primè yo, kantik yo, ak temwayaj pèsonèl pa nou—ki pral ede pou mennen piti nou yo bay Sovè a. …

“… Ede timoun yo konprann, fè, ak kenbe alyans sakre se yon lòt kle tou. … Si nou annseye timoun yo pou yo kenbe pwomès senp yo pandan yo jèn, sa ap ba yo fòs pou yo respekte alyans sakre yo apre nan lavi” (“Yon jenerasyon k ap reziste anba peche,” Ensign oswa Liahona, Me 2017, 88–89).

Kijan pou n evite pran ofans.

Nan mesaj “Epi anyen p ap ofanse yo” a nan (Ensign oswa Liahona, Nov. 2006, 89–92), Èldè David A. Bednar te bay konsèy sa a:

  • Rekonèt ke nou ofanse se yon chwa. “Kwè ke yon moun oubyen yon bagay” ka nou santi nou ofanse, fache, blese, oubyen anmè diminye libète moral nou e transfòme nou fè nou vin tounen objè pasif. Men, antanke ajan, oumenm avèk mwen gen pouvwa pou nou aji ak chwazi kijan pou nou reponn a yon sitiyasyon ki ofansan oubyen blesan.”

  • Vire gade Sovè a. “Sovè a se pi gwo egzanp sou fason nou dwe reyaji devan evenman oubyen sitiyasyon ofansan yo” [gade 1 Nefi 19:9].

  • Se pou nou konpreyansif anvè feblès lòt moun. “Youn nan pi gwo siy matirite spirityèl manifeste nan fason nou reyaji devan feblès, mank eksperyans, ak konpòtman potansyèlman ofansan lòt moun.

  • Kominike dirèkteman. “Si yon moun di oubyen fè yon bagay nou konsidere kòm ofansan, premye obligasyon nou dwe se refize pran ofans epi apresa kominike an prive, onètman, e dirèkteman avèk moun sa a. Metòd sa a envite enspirasyon nan men Sentespri a epi l pèmèt malantandi yo klarifye epi li pèmèt nou konprann vrè entansyon yo.”

Amelyore ansèyman nou

Apiye sou eksperyans nan fwaye a. Etandone fwaye a se sant aprantisaj levanjil la, reflechi sou fason w ka fè ksperyans nan klas yo apiye sou sa k ap pase nan fwaye a. Paregzanp, ou gen dwa modifye anpil aktivite nan manyèl Vini,Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo pou w itilize nan klas ou yo pou yo ka ranfòse etid pèsonèl ak familyal manm klas ou yo.