Vini, Suiv Mwen
27 Jiyè–2 Out. Alma 39–42: “Gwo plan bonè a”


“27 Jiyè–2 Out. Alma 39–42: ‘“Gwo plan bonè a,‘” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Liv Mòmon 2020 (2020)

“27 Jiyè–2 Out. Alma 39–42,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Liv Mòmon: 2020

Imaj
Jezi ak Mari

Madanm, poukisa w ap kriye? pa Mark R. Pugh

27 Jiyè–2 Out

Alma 39–42

“Gwo plan bonè a”

Ansèyman Alma yo nan Alma 39–42 a rich doktrinalman epi yo klarifye verite enpòtan. Pandan w ap etidye chapit sa yo, reflechi sou kèk verite ki ta ka pi siyifikan pou klas ou a ak sa w ka fè pou ede yo dekouvri verite sa yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Bay manm klas yo opòtinite pou yo pataje panse yo ak ide yo sou Alma 39–42 a, ou gen dwa envite yo pou yo brèfman repase chapit sa yo pou yo ka jwenn yon bagay Alma te di oubyen fè ki te enpresyone yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Alma 39

Peche seksyèl se yon abominasyon devan je Senyè a.

  • Kisa nou ka aprann nan resi sou eksperyans Koryanton an avèk peche ak repantans lan? Manm klas yo ka petèt li Alma 39:1–14, pandan ke kèk nan yo ap chèche kisa Koryanton te fè ki pa t bon, epi kèk lòt ap chèche sa k te mennen l peche yo, epi kèk lòt ankò ap chèche ki konsèy Alma te ba li. Pandan y ap pataje sa yo jwenn, diskite sou fason nou ka evite fè menm erè yo.

  • Lè moun komèt peche seksyèl, yo souvan gen santiman dekourajman oubyen dezespwa epi yo ka santi ke yo pa gen okenn valè. Ki prensip nan Alma 39–42 a ki enspire manm klas yo pou yo santi espwa ki mennen nan repantans lan? Pataje deklarasyon Sè Joy D. Jones la nan “Resous adisyonèl” la ka ede yo konprann diferans ant diyite ak valè nou nan je Bondye. Gade Lynn G. Robbins, “Jiskas swasanndisèt fwa sèt fwa,” Ensign oswa Liahona, Me 2018, 21–23.)

  • Kòm yon pati nan diskisyon an, li ta bon pou manm klas yo ta pale de prensip Senyè a konènan chastete yo. Diskisyon an gen dwa pi itil si l santre sou prensip olye de yon lis de sa pou n fè ak sa pou n pa fè. Paregzanp, ou gen dwa envite manm klas yo pou yo idantifye prensip Alma te anseye Koryanton nan Alma 39 yo Epitou, yo ka repase “Pite seksyèl” nan bwochi Pou fòs Jèn yo avèk kesyon tankou sa yo nan lespri yo: “Si w ta gen pou w rezime tout konsèy sa a nan yon sèl prensip, kisa l t ap ye?” oubyen “Ki prensip ou jwenn la a ki ede w viv lwa chastete a?” Manm klas yo ka repase seksyon sa a nan Pou fòs Jèn yo tou, pandan y ap chèche benediksyon ki genyen nan viv lwa chastete a ak konsekans ki genyen nan dezobeyi lwa sa a. Ki fason prensip sa yo diferan avèk sa mond lan ap anseye yo? Kijan prensip sa yo afekte fason nou panse sou lwa chastete a? Klas ou ak gen dwa benefisye nan li deklarasyon Sè Wendy Nelson an nan “Resous adisyonèl” la pandan y ap reponn kesyon sa yo.

  • Li pafwa fasil pou n kwè ke chwa nou yo pa afekte lòt moun—ke peche nou prive. Kisa Alma te anseye Koryanton nan Alma 39:11–12 la sou konsekans chwa l yo? Envite manm klas yo pou yo panse a yon moun ki ka afekte pa chwa y ap fè, bon chwa ak move chwa. Yo ka di kijan aksyon ak egzanp lòt moun te ede yo chwazi sa ki byen tou.

Alma 40–42

Sakrifis Ekspyasyon Jezikri a rann plan redanmsyon an posib.

  • Alma te anseye Koryanton kèk verite ke nou tout bezwen konprann, enkli verite sou bi lavi a, mon dèzespri a, rezirèksyon, ak jijman. Panse pou w chwazi youn nan ansèyman l yo epi bay klas la de minit pou yo li Alma 40–42 (endividyèlman oubyen de pa de) epi ekri otan verite yo rive jwenn sou sijè sa a. Apresa youn ka pataje sa yo jwenn avèk lòt oubyen avèk klas la. Ou gen dwa repete pwosesis sa a pou lòt sijè tou si w gen ase tan. Poukisa verite patikilye sa yo te enpòtan pou pitit gason Alma a, Koryanton, te konprann?

  • Deskripsyon Alma sou eta nanm nou apre lavi sa a ka fè mete nan lespri manm klas yo enpòtans pou yo vin jwenn Sovè a epi repanti pou peche yo nan lavi sa a. Ou gen dwa ekri Jis (Repantan) epi Mechan (non repantan) sou tablo a epi envite yo pou yo gade nan Alma 40:11–26 epi fè lis mo oubyen fras Alma te itilize pou dekri eta chak gwoup moun yo apre yo fin mouri sou tablo a. Kijan ansèyman sa yo enspire nou pou nou repanti? Pou plis bagay sou sa k ap pase nan mond dèzespri a, gade 1 Pyè 3:18–20; 4:6 ak Doktrin ak Alyans 138:29–37.

  • Kisa k vini nan lespri yo lè yo ande mo “restore” oswa “restorasyon” an? Envite yo pou yo gade nan Alma 41 pou wè kijan Alma te itilize mo sa yo. Kisa l te vle di avèk mo sa yo? Kisa k pral retabli pou nou? Poukisa li ka bon pou n konsidere plan Papa nou ki nan Syèl la kòm yon “plan restorasyon”? (vèsè 2).

  • Kèk manm gen dwa petèt gen menm kesyon tankou sa k te nan lespri Koryanton an—èske l jis pou yon Bondye eman pini pitit li? (gade Alma 42:1). Petèt ou ta ka mande yo pou yo reflechi sou fason yo t ap reponn kesyon sa a epi chèche repons nan Alma 42:7–26.

  • Si w santi sa apwopriye, yo ta ka benefisye nan chèche jwenn yon vèsè nan Alma 42 ke yo ka dekri avèk yon senp desen oswa senbòl ki eksplike pou kisa nou bezwen Ekspyasyon Sovè a. Apresa yo ta gen dwa pataje sa yo te desine a, epi rès klas la ta ka eseye jwenn vèsè l reprezante a. Apresa yo ka diskite sou sa yo te aprann osijè enpòtans sakrifis Sovè a.

    Imaj
    Yon fi k ap priye

    Nou ka resevwa yon temwayaj sou Jezikri kòm Sovè nou.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Nanm yo gen gwo valè.

Sè Joy D. Jones te anseye:

“Kite m souliyen bezwen pu nou fè diferans ant de mo enpòtan: valè ak diyite. Yo pa menm mo a. Valè spirityèl vledi estime tèt nou nan fason Pè Selès la estime nou an, non pa jan mond lan estime nou. Valè nou te detèmine anvan nou te menm vini sou tè sa a. ‘Lanmou Bondye enfini e l ap dire pou tout tan.

“Yon lòtbò, diyite akonpli atravè obeyisans. Si nou peche, nou mwens diy, men nou pa p janm pèdi valè nou. Nou kontinye repanti epi eseye pou n menmjan avèk Jezi avèk valè nou entak. Jan Prezidan Brigham Young te anseye: ‘Menm dènye a, sa pi piti nan lespri k ap viv sou tè a … vo dè mond.’ Kèlkeswa sitiyasyon nou, nou toujou gen valè nan je Pè Selès nou an” (“Valè inestimab,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2017, 14).

Vizyon mond lan genyen sou entimite a pa konfòm avèk vizyon Bondye.

Sè Wendy Nelson te fè konparezon ant vizyon mond lan sou relasyon seksyèl—“sekyalite selon mond lan”—avèk sa l te rele “Entimite konjigal Bondye òdone”:

“Nan seksyalite selon mond lan, tout bagay pase. Nan entimite konjigal la, yon moun pran prekosyon pou l ka evite tout bagay—soti nan langaj al nan mizik rive nan fim—ki ofanse Lespri a, espri nou, oswa espri konjwen nou.

“Pandan ke sèks selon mond lan se yon bagay ki degradan e ki touye lanmou, entimite marital jenere plis lanmou limenm.

“Seksyalite selon mond lan degrade gason yo, fi yo, ak kò yo, pandan ke entimite konjigal la onore gason ak fi epi l selebre kò a kòm youn nan pi gwo rekonpans lavi mòtèl la.

“Nan seksyalite selon mond lan, moun yo ka santi yo itilize yo, yo abize yo, e finalman yo santi vin gen plis solitid. “Nan entimite konjigal la, konjwen yo santi yo pi ini, yo gen plis lanmou, yo pi rasazye epi yo pi konprann yo.

“Seksyalite selon mond lan ravaje e l fini pa detwi relasyon. Entimite konjigal la fòtifye maryaj. Li bay sipò, li geri, epi li sanktifye lavi konjwen yo ak maryaj yo. …

“Seksyalite selon mond lan vin yon obsesyon total paske l pa janm ranpli pwomès li. Entimite konjigal Bondye òdone a gloriye epi l ap kontinye etènèlman pou mari ak madanm ki kenbe alyans yo” (“Love and Marriage” [devosyon mondyal, Jan. 8, 2017], broadcasts.ChurchofJesusChrist.org).

Amelyore ansèyman nou

Prepare alavans. “Pandan w ap medite sou kijan prensip levanjil w ap anseye yo pral beni manm klas ou yo, ide ak enpresyon ap vini nan lavi kotidyèn ou—pandan w pral nan travay ou, pandan w ap fè travay nan kay la, oubyen pandan w ap pale avèk fanmi ak zanmi. Pa panse a preparasyon spirityèl tankou yon bagay ou pran tan pou w fè men panse avèk li kòm yon bagay pou w ap fè tout tan” (Anseye nan fason Kris la, 12).