Vini, Suiv Mwen
17–23 Out. Elaman 1–6: “Wòch Redanmtè nou an”


“17–23 Out. Elaman 1–4: ‘Wòch Redanmtè nou an,‘” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Liv Mòmon 2020 (2020)

“17–23 Out. Elaman 1–6,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2020

Imaj
vag k ap frape sou wòch

17–23 Out.

Elaman 1-6.

“Wòch Redanmtè nou an”

Èske w reyèlman konnen klas ou a? Eseye pi byen konnen yon manm nan klas ou a chak semèn. Si w fè sa, ou ka pi byen kenbe bezwen yo nan lespri ou lè w ap prepare w pou w anseye.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Sonje pou w mande manm klas yo pou yo vin nan klas la tou prepare pou yo pataje yon objè pou yo ka itilize pou anseye yon prensip yo te aprann nan chapit sa yo. Ki lòt fason nou ka anseye lòt moun prensip sa yo?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Elaman 1-6.

Lògèy separe nou de Lespri a ak fòs Senyè a.

  • Plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo dekri kat yon “chema ògèy” ki te afekte Nefit yo. Petèt yon moun nan klas la ta ka desine chema sa a sou tablo a. Apresa manm klas yo ta ka jwenn vèsè nan Elaman 1–6 la ke yo santi ki ilistre diferant pati chema sa a epi ekri yo bò kot pati nan chema a yo koresponn nan. (Si yo bezwen èd, ou gen dwa sigjere pou yo gade nan Elaman 3:24–36; 4:11–26.) Nan ki fason nou tankou Nefit yo pafwa? Kijan nou ka evite tandans ki mennen nan lògèy sa a? Ou gen dwa gade kèk pati nan “Chapit 18: Prenez garde à l‘orgueil la tou nan (Enseignements des présidents de l‘église: Ezra Taft Benson2014], 249–60).).

    Imaj
    Chema lògèy la

    “Chema lògèy” la.”

  • Envite manm klas yo pou yo li Elaman 4:13 ak 24–26 epi chèche yon kantik ki anseye sou depandans nou sou Bondye, tankou “Oh, j’ ai besoin de toi” (Cantiques, no. 53). Poukisa lògèy separe nou de Bondye? Kijan nou ka rekonèt ke nou depann de Bondye? Manm klas yo ta ka pataje fason yo konn fòtifye pa Lespri a e pa pouvwa Senyè a paske yo te enb.

  • Manm legliz yo dekri nan Elaman 3:33–34 yo t ap pèsekite lòt manm Legliz yo. Akoz ògèy yo, yo te oprese pòv yo epi yo te komèt tout kalite peche (gade Elaman 4:11–13). Panse pou nou li Elaman 3:33–34 ak 4:11–13 ansanm epi mande manm klas yo pou yo pale sou fason nou ka montre pi gwo lanmou ak respè pou lòt moun, enkli manm Legliz parèy nou ki gen dwa diferan de nou. Ou gen dwa envite manm klas yo pou yo panse ak yon moun yo konne ki gen dwa ap soufri akoz move aksyon lòt moun epi pou yo panse kijan yo ka ede fòtifye ak ankouraje moun sa a.

Elaman 3:33–35

Sanktifikasyon soti nan soumèt kè nou bay Bondye.

  • Elaman 3:33–35 la ka yon sous rekonfò pou moun nan klas ou yo k ap sibi “pèsekisyon … [oswa] anpil afliksyon yo” (vèsè 34). Petèt ou ta ka envite manm klas yo pou yo fouye vèsè sa yo pou yo ka jwenn konsèy yo ta ka bay yon moun k ap sibi pèsekisyon. Oubyen mande yo pou yo di kijan yo te jwenn “lajwa ak konsolasyon” nan moman afliksyon nan fè sa yo dekri nan vèsè 35 yo.

  • Panse pou w envite klas la pou etidye Elaman 3:33–35 ak deklarasyon ak referans sou vin sanktifye yo nan seksyon “Resous adisyonèl” la. Kisa vèsè ak deklarasyon sa yo anseye sou saktifikasyon? Kijan jèn ak lapriyè pote benediksyon yo dekri nan Elaman 3:35 yo? Kijan nou fè pou nou soumèt kè nou bay Bondye (gade Helaman 3:35? Kijan sa ede nou vin sanktifye? Ou gen dwa prepare ak distribye moso papye tou ki gen youn nan deklarasyon oswa referans sa yo nan “Resous adisyonèl” la enprime sou yo epi envite manm klas yo pou yo chwazi youn pa aza pou yo etidye. Apresa yo chak ka pataje avèk lòt kisa yo aprann sou sanktifikasyon.

Elaman 5:12

Si nou fè Jezikri vin fondasyon nou, nou pa ka tonbe.

  • Satan voye “van vyolan” l yo nan lavi nou tout. Anpil moun nan klas ou a deja fè eksperyans bagay sa a, epi gen lòt tanpèt ki siman ap vin fè raj nan lefiti. Kisa w ka fè pou ede manm klas ou yo prepare yo pou tanpèt sa yo nan bati lavi yo sou Jezikri?

    Ou gen dwa kòmanse yon diskisyon kote w ap montre foto tanp ak lòt batiman epi konpare lavi nou avèk yon batiman. Ki chwa yon konstriktè dwe fè? Ki chwa nou fè ki afekte fason nou bati lavi nou? Apresa nou ka li Elaman 5:12 ansanm epi diskite sou kisa sa vle di pou n bati lavi nou sou Jezikri. Nan ki fason lè nou fè l fondasyon sa ka enfliyanse lòt chwa n ap fè pandan n ap bati lavi nou?

    Yo gen dwa di kijan lefèt ke yo gen Sovè a kòm fondasyon an sa ede yo reziste devan tanpèt lavi yo. Ba yo chak tan pou yo medite sou kalite lavi y ap bati ak sou fason yo ka asire yo ke yo byen anrasinen nan Kris la. Istwa sou Tanp Salt Lake la ki nan seksyon “Resous adisyonèl” la ka ede nan diskisyon sa a.

Elaman 5:14–50

Lafwa nou fòtifye pa “grandè prèv [nou[ resevwa yo.”

  • Youn nan benediksyon ki genyen nan asiste Lekòldidimanch la se opòtinite pou youn fòtifye lafwa lòt la—jan Lamanit yo te fè nan Elaman 5:50 la. Petèt ou ta ka li Elaman 5:50 la ansanm epi mande klas la pou idantifye “bagay Lamanit yo te tande ak wè yo” ki nan vèsè 20–49 yo. Apresa mande yo pou youn pataje ak lòt eksperyans spirityèl ki te konvenk yo ke levanjil la vrè—menmsi yo pa t wè zanj ni kolòn dife. Ki prèv konvenkan yo wè nan levanjil retabli Jezikri a?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Elaman 7–12 dekri kijan Nefi te genyen konfyans Senyè a epi li te resevwa gwo pouvwa. Ou gen dwa di manm klas la lè yo li chapit sa yo, yo ka aprann kijan pou yo resevwa plis konfyans Bondye nan lavi yo.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Vin sanktifye atravè Jezikri.

  • Sanktifikasyon se “pwosesis pou n libere anba peche pou n vin pur, pwòp ak sen atravè Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a” (Gid ekriti yo, “Sanktifikasyon,” scriptures.ChurchofJesusChrist.org).

  • “Yon fwa nou vrèman repanti, Kris la ap retire fado kilpabilite pou peche nou yo. Nou ka konnen pou tèt pa nou ke nou resevwa padon epi nou vin pwòp. Sentespri a ap verifye sa pou nou; li se Sanktifikatè a. Okenn lòt temwayaj pa ka pi gran pase sa” (Dieter F. Uchtdorf, “Le point de non retour,” Ensign oswa Liahona, Me 2007, 101).

  • “Sanktifye atravè san Kris la se vin pwòp, pur, ak sen. Si jistifikasyon retire pinisyon pou peche pase yo, enben, sanktifikasyon retire tach oubyen efè peche tou.” (D. Todd Christofferson, “Justification et Sanctification,” Ensign, Jen 2001, 22).

  • “Lè volonte, pasyon, ak santiman yon moun pafètman soumi anba Bondye ak kondisyon l yo, moun sa a sankfitye” (Brigham Young, “Discourse,” Deseret News, Sept. 7, 1854, 1).

  • Nou sanktifye pa pouvwa Sentespri a gras ak Ekspyasyon Jezikri a (gade Ebre 13:12; Alma 13:10–12; 3 Nefi 27:19–20; Mowoni 10:32–33; DA 76:40–42).

  • Menm apre nou fin sanktifye a, li ankò posib pou nou tonbe soti anba gras divin nan (gade DA 20:30–34).

Yon fondasyon asire.

Pandan konstriksyon Tanp Salt Lake la, te gen gwo krak ki te parèt nan wòch fondasyon yo. Malgre sa te pran prèske nevan pou yo te avanse nan stad sa a nan konstriksyon an, Prezidan Brighan Young te sigjere pou yo te retire wòch fele yo epi ranplase yon pa wòch pi bon kalite. Sa te pran yon lòt senkan ankò pou yo te retire wòch fondasyon ki pa t bon yo epi rebati jiska nivo sòl la. Prezidan Young te di: “M vle wè tanp la bati nan yon fason pou l ka reziste menm pandan tout milenyòm nan” (“Remarks,” Deseret News, Okt. 14, 1863, 97).

Amelyore ansèyman nou

Rann temwayaj konsènan Jezikri. Aminadab te petèt pa t konsidere tèt li kòm yon moun ki te kalifye pou l t ap anseye Lamanit yo pou yo repanti epi gen lafwa nan Kris la (gade Elaman 5:35–41). Men li te pataje sa l te konnen, epi temwayaj li te gen yon pwofon enfliyans. Kisa w aprann nan egzanp li?