Vini, Suiv Mwen
3–9 Out. Alma 43–52: “Fèm nan lafwa Kris la”


“3–9 Out. Alma 43–52: ‘Fèm nan lafwa Kris la,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Liv Mòmon an 2020 (2020)

“3–9 Out. Alma 43–52,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch:2020

Imaj
Kapitèn Mowoni leve etanda libète a

Pou benediksyon libète, pa Scott M. Snow

3–9 Out.

Alma 43–52

“Fèm nan lafwa Kris la”

Anplis repase aktivite yo sigjere la yo, chèche pwòp enspirasyon pa w pandan ke nan lapriyè w ap etidye Alma 43–52 a epi panse sou fason pou w ede manm yo dekouvri doktrin y ap ansye yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Pou envite manm klas yo pataje sa yo aprann nan Alma 43–52 a, ou gen dwa mande yo kijan yo t ap reponn si yon moun ta di yo: “Mwen tou senpleman pa wè kijan lagè yo dekri nan Liv Mòmon yo gen pou wè avèk lavi mwen.”

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Alma 43–52

Batay nan Liv Mòmon yo anseye nou sou batay n ap mennen kont mal yo.

  • Nan etid pèsonèl yo ak etid familyal yo semèn sa a, manm klas yo te petèt deja reflechi oubyen ekri panse yo sou fason Nefit yo te reyisi nan defann tèt yo kont Lamanit yo ak kijan Lamanit yo te atake Nefit yo. Si yo te fè sa lakay yo, envite yon pou yo pataje sa yo te jwenn. Oubyen ou ka bayo tan pou yo jwenn ide sa yo pandan klas la kote y ap itilize ekriti tankou sa yo jwenn nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo. Pandan manm klas yo ap pataje sa yo jwenn yo, ankouraje yo pou yo diskite sou kijan nou ka suiv egzanp Nefit yo nan defann tèt nou kont mal ak kijan nou ka rekonèt atak spirityèl Satan yo kons nou.

Alma 46: 11–22

Si nou kourajezman defann lafwa nou, nou ka enspire lòt moun pou yo rete fidèl.

  • Kijan w ka ede manm klas yo suiv egzanp Mowoni an nan kourajezman defann lafwa yo nan levanjil retabli Jezikri a? Manm klas yo ta ka li Alma 46:11–22 epi idantifye kisa Mowoni te fè ak sa l te anseye ki te enspire pèp li a pou yo te pi fidèl. Ou gen dwa ekri bagay sa yo sou tablo a anba tit Egzanp Mowoni. Apresa ou ka mande manm klas yo pou yo medite sou aksyon Mowoni yo epi sigjere kisa nou ka fè jodia pou defann kwayans nou. Ou gen dwa ekri ide yo anba tit Kourajezman defann levanjil la jodia. Ki verite ak valè pwofèt nou an te anseye resamman ke nou ta dwe anseye ak defann?

  • Kijan w ka ede yo aplike sa Mowoni te fè avèk etanda libète a nan pwòp lavi pa yo? Envite yo pou yo li Alma 46:11–22 epi idantifye verite Mowoni t ap anseye yo ke l te mande pèp li a pou yo te soutni yo. Ki verite ak valè dirijan Legliz nou yo mete aksan jodia? (Ou gen dwa repase kèk nan yo nan Pou Fòs Jèn yo,Fanmi: Yon pwoklamasyon pou mond lan,” oubyen nan dènye mesaj konferans jeneral yo.) Ki pwoblèm nou genyen lè n ap defann kwayans nou nan mond lan jodia? Kisa nou ka aprann nan egzanp Mowoni an? Bay manm klas yo opòtinite pou yo kreye pwòp etanda libète pa yo ki ka raple yo pou yo kourajezman viv ak defann kwayans yo.

    Imaj
    Nefit k ap batay kont Lamanit

    Minerva Teichert (1888–1976), Defans yon vil Nefit, –1935, penti aluil sou masonit, 36 x 48 pous. Mize Atistik Inivèsite Brigham Young

Alma 47

Satan tante nou epi l twonpe nou tikal pa tikal.

  • Klas ou a ka benefisye nan etidye Alma 47, ki montre kijan mètdàm Amalikya yo sanble avèk sa Satan ap fè pou twonpe nou yo. Ou gen dwa kòmanse mande yon moun pou rezime istwa a nou jwenn nan Alma 47 la. Pou fè sa pi enteresan, ou gen dwa envite de manm nan klas la pou imajine ke yo se Amalikya ak Leyonti epi pou yo rakonte istwa a. Kisa Amalikya te fè ki raple ou kèk bagay Satan ap fè pou tante nou ak twonpe nou? Ankouraje manm klas yo pou yo fè referans a kèk vèsè espesifik pandan y ap diskite sou kesyon sa a. Sitasyon ki nan “Resous adisyonèl” la gen yon lòt bon egzanp sou fason Satan twonpe nou. Ki konsèy nou youn t ap bay lòt pou ede nou konnen kijan Satan tante nou jodia? Kisa nou ka fè pou pwoteje tèt nou?

Alma 48:7–17

Si nou eseye fidèl tankou Mowoni, n ap vin pi plis sanble ak Sovè a.

  • Yon diskisyon sou kalite Mowoni yo ta ka enspire manm klas yo pou yo efòse yo suiv egzanp li. Ou gen dwa kòmanse pa montre yo yon foto Mowoni, tankou sa k nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a. Apresa, envite yo etidye Alma 44:3–4 ak 48:7–13 epi ekri mo ak fraz ki dekri Mowoni yo sou tablo a. Epi ou ka li ansanm Alma 48:17 epi di kijan kalite Mowoni yo, tankou sa k sou lis la sou tablo yo, te pèmèt li simonte enfliyans Satan epi vin tankou Jezikri. Kijan nou ka tankou Mowoni?

Alma 48:7-9; 49:1-9; 50:1-6

Nou ka fòtifye tèt nou ak fanmi nou kont advèsè a.

  • Manm klas ou yo ta ka benefisye si youn tande lòt pale de fason yo ka pwoteje tèt yo ak fanmi yo kont twonpri ak tantasyon Satan yo. Pou enspire yon diskisyon konsa, ou gen dwa li Alma 48:7–9; 49:1–9; ak 50:1–6 ansanm. Pandan n ap panse sou nesesite pou nou gen defann spirityèl kont peche yo, kisa nou ka aprann nan efò Nefit yo te fè pou yo te defann tè yo a? Kijan nou ka bati defans spirityèl pou pwoteje noumenm ak fanmi nou kont enfliyans peche ak mal yo? Ankouraje manm klas yo pou yo pataje ide sou sa k mache pou yo. Poukisa li enpòtan pou nou “pa sispann fè preparasyon”? (Alma 50:1).

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Yon fason pou ankouraje manm klas yo pou yo li Alma 53–63 a se ta di yo ke istwa a ki nan chapit sa yo ka enspire yomenm ak fanmi yo pou yo vin pi obeyisan e devlope plis lafwa.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Konsekans ki genyen nan sede anba ti tantasyon yo.

Pou w anseye ke “peche grav antre nan lavi nou lè nou sede anba ti tantasyon yo dabò,” Prezidan Spencer W. Kimball te pataje fab sa a:

“[Yon] chamo avèk mèt li … t ap vwayaje travèse dezè plen sab la lè yon tanpèt van te rive. Vwayajè a te vit monte tant li epi l te antre ladan, li te fèmen fisèl yo pou te pwoteje tèt li kont sap file ki te brilan an nan tanpèt ki t ap fè raj la. Nòmalman, chamo a limenm te rete deyò epi, lè van vyolan an t ap lanse sab kont kò li ak nan je l ak nan nen li, li te twouve sa ensipòtab epi li te finalman priye mèt la pou kite l antre andedan tant lan.

Vwayajè a te di l: “‘Gen plas pou mwen sèlman.’”

Chamo a te di: “Men èske m ka antre nenm sèlman pou m ka respire lè ki pa gen sab?’

Vwayajè a te reponn: “‘Petèt ou ka fè sa,’ epi l te ouvri yon ti pan tant lan epi chamo a te antre nen byen long li a. Chamo a te santi l konfòtab kounyeya! Men, byenvit, li te vin fatige avèk sab la ki t ap frape nan je li ak nan zòrèy li. …

“Van an ap pouse sab la sou tèt mwen. Eske m ka jis antre tèt mwen?’

“Travayè a te di tèt li ankò ke sa pa t ap fè anyen si l ta aksepte, paske tèt chamo a t apral sèlman okipe espas anlè tèt li a ke limenm li pa t ap itilize.” Konsa, chamo a te antre tèt li andedan epi l te satisfè ankò—men pou yon ti moman sèlman.

Li te sipliye l “Jis pat devan yo sèlman”, epi ankò, vwayajè a te sede epi byen vit pat devan yo ak zepòl chamo a te andedan tant lan. Finalman, menm pwosesis la te kontinye kote youn t ap sipliye epi lòt la te sede, epi anlè chamo a, pat dèyè l yo ak tout rès kò l te nan tant lan. Men kounyeya, pa t gen ase plas pou yo toulède, epi chamo a te pouse vwayajè a soti nan van ak tanpèt la” (Enseignements des présidents de l’Eglise: Spencer W. Kimball [2006], 106–7).

Amelyore ansèyman nou

Apèl ou a enspire. “Se Senyè a ki aple w pou w anseye. … Anplis, ou te resevwa mizapa nan men moun ki detni kle prètriz yo, konsa, ou gen dwa pou w resevwa revelasyon ou bezwen pou reyisi a. Benediksyon pa ou si ou chèche yo, si w rete fidèl, epi w eseye viv diy” (Anseye nan fason Sovè a, 5).