Vini, Suiv Mwen
20–26 Jiyè. Alma 36–38: “Gade Bondye epi viv”


“20–26 Jiyè. Alma 36–38: ‘Alma 36–38: “Gade Bondye epi viv,‘” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Liv Mòmon 2020 (2020)

“20–26 Jiyè. Alma 36–38,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Liv Mòmon an 2020

Imaj
yon mesye k ap priye

Ilistrasyon pa Joshua Dennis

20–26 Jiyè.

Alma 36–38

“Gade Bondye epi viv”

Pandan w ap prepare pou w anseye a, sonje manm klas yo siman konn fè eksperyans siyifikan avèk Alma 36–38 la. Kisa w ka fè pou bati sou eksperyans sa yo?

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Yon fason pou ankouraje manm klas yo pou pataje sa y ap aprann nan ekriti yo se divize klas la an twa gwoup epi bay chak gwoup tach pou li yon chapit nan Alma 36–38 la. Envite chak gwoup pou jwenn ak pataje yon vèsè enspiran nan chapit yo a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Alma 36

Nou ka ne nan Bondye si nou enb ak repantan.

  • Kèk manm nan klas la gen dwa ap mande tèt yo poukisa yo pa janm fè eksperyans yon konvèsyon spektakilè tankou pa Alma a. Sa t ap ede yo si w ta pataje kisa Èldè David A. Bednar te anseye: “Pou anpil nan nou, konvèsyon se yon pwosesis kontinyèl e pa yon evenman yon fwa ki koze pa yon eksperyans puisan oubyen spektakilè” (“Konvèti nan Senyè a,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2012, 107–8). Malgre gen kèk aspè nan konvèsyon Alma a ki eksepsyonèl, eksperyans li a anseye prensip ke nou tout bezwen aplike pou pwòp konvèsyon kontinyèl pa nou. Ou gen dwa envite manm klas yo pou yo gade nan Alma 36 pou yo ka jwenn prensip sa yo epi fè lis yo sou tablo a. Ki lòt bagay ki te ede nou vin pi konvèti nan levanjil Jezikri a?

  • Alma te itilize fraz “nedenouvo” a pou l te dekri konvèsyon li. Pou ede manm klas yo konprann konsèp sa a, ou gen dwa envite yo pou yo li vèsè sa yo endividyèlman oubyen de pa de, pandan y ap chèche kisa sa vledi pou yon moun nedenouvo: 1 Jan 4:7; Mozya 5:7; 27:25–26; ak Alma 5:14; 22:15. Mande yo pou yo pataje sa yo te aprann. Apresa, yo gen dwa li Alma 36, pou yo chèche repons pou kesyon sa a: Kijan moun santi yo e kijan yo aji lè yo nedenouvo nan Bondye? Pou ede manm klas yo reflechi sou fason yon moun ne nan Bondye, ou gen dwa pataje deklarasyon Prezidan Ezra Taft Benson nan ki nan “Resous adisyonèl” la.

Alma 37

Ekriti yo te prezève “pou yon bi ki saj.”

  • Petèt si yo etidye pawòl Alma yo pandan l t ap remèt pitit gason l Elaman anal sakre yo, sa ta ka ede manm klas yo di kijan yo konn santi pouvwa ekriti yo nan lavi yo. Ankouraje yo pou yo repase Alma 37 pou yo ka jwenn mesaj Alma te bay Elaman sou ekriti yo (gade espesyalman vèsè 1–19 ak 43–47). Kijan nou montre ke ekriti yo sakre pou nou? Tankou Alma, kijan nou ka anseye moun ki chè pou nou yo pou yo “kenbe tout bagay sa yo sakre”? (Alma 37:2). Kijan ekriti yo “montre nou pouvwa [Bondye]”? (Alma 37:14).

  • Yon fason nou ka aprann sou benediksyon ki se posede ekriti yo se etidye sa Alma te di nan Alma 37 la sou anal sakre yo ak lòt objè li te konfye Elaman yo. Ou gen dwa fè yon lis bagay sakre sa yo sou tablo a: plak Nefi yo ak plak eren yo (Alma 37:2–20), vennkat plak Etè yo ak entèprèt yo (Alma 37:21–37), ak Lyawona a (Alma 37:38–47). Manm klas yo ka li vèsè sa yo pou yo aprann kisa Alma te anseye sou chak nan bagay sa yo. Nan ki fason ekriti yo elaji memwa nou? (gade Alma 37:8). Kisa nou ka aprann nan pawòl Alma yo sou benediksyon ki genyen nan posede ekriti yo nan lavi nou jodia?

    Imaj
    yon fi k ap li ekriti yo

    Ekriti yo anseye nou kijan pou nou suiv Bondye.

Alma 37:6-7, 41–42

“Avèk ti bagay senp yo, gwo bagay fèt.”

  • Pou w anseye sou enpòtans “ti bagay senp” yo nan travay Bondye a, gade de egzanp: ekriti yo ak Lyawona a (gade Alma 37:6–7, 41–42; gade 1 Nephi 17:41) tou. Apre nou fin repase egzanp sa yo, petèt manm klas yo ta ka pataje egzanp nan pwòp lavi yo sou ti bagay senp yo nan travay Bondye a. Ou gen dwa kontakte youn oubyen de manm nan klas la alavans pou mande yo pou yo pote yon objè nan klas la ki piti epi ki te ede reyalize gwo bagay nan lavi yo. Ou ta ka pataje deklarasyon Prezidan Dallin H. Oaks la nan “Resous Adisyonèl” la. Pou ede yo pèsonalize prensip sa a, ou gen dwa poze kesyon tankou sa yo: Poukisa nou pafwa pa reyisi fè ti bagay senp yo? Kijan nou ka enspire tèt nou ak fanmi nou pou simonte tandans sa a?

Alma 37:38–47

Pawòl Kris yo ka gide nou jou apre jou.

  • Konpare pawòl Bondye a avèk Lyawona a ka enspire manm klas yo pou yo pi dilijan ak pi konsistan nan li ekriti yo. Pou gide yon diskisyon sou sa, ou gen dwa envite yo pou yo li Alma 37:38–47 de pa de, pandan y ap chèche resanblans ant Lyawona a avèk pawòl Bondye a. Ou gen dwa ba yo tach pou yo chèche jwenn yon resanblans nan chak vèsè. Apresa ou ka ekri chak nimewo vèsè sou tablo a epi mande manm klas yo pou yo ekri resanblans yo jwenn yo bò kote nimewo yo. Kisa konparezon sa a sigjere sou fason nou dwe apwoche etid ekriti nou?

Alma 38

Pataje temwayaj nou konsènan Jezikri ka fòtifye moun nou renmen yo.

  • Pawòl Alma te di pitit gason l Chiblon yo bay yon bon egzanp sou fason pou nou fòtifye ak ankouraje moun nou renmen yo nan viv levanjil la. Petèt manm klas yo ta ka li chapit sa a epi idantifye kijan Alma te fòtifye Chiblon.. Alma 38 la kout—ou gen dwa menm deside pou w li l avèk klas la. Apresa mande yo pou yo pataje kèk pasaj yo twouve k siyifikatif oubyen ki ba yo ide pou fòtifye pwòp manm fanmi yo ak zanmi yo.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Èske manm klas yo janm konn mande tèt yo kijan pou yo konseye yon moun ki chè pou yo ki fè yon erè grav? Eksplike ke y ap jwenn ide itil nan Alma 39–42 a.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Konvèsyon se tankou yon nouvèl nesans.

Prezidan Ezra Taft Benson te anseye: “Lè gran chanjman sa a opere nan nou, chanjman ki vini sèlman atravè lafwa nan Jezikri ak atravè enfliyans Sentespri a sou nou, se kòmsi nou vin yon nouvo moun. Se poutèt sa, nou asimile chanjman an avèk yon nouvèl nesans. Dè milye nan nou fè eksperyans chanjman sa a. Nou abandone lavi peche, pafwa peche grav ak chokan, epi, nan aplike san Kris la nan lavi nou, nou vin pur. Nou pa gen dispozisyon pou nou retounen nan ansyen abitid nou yo ankò. Nou an reyalite vin yon nouvo moun. Se sa yon chanjman kè vledi” (“Yon gwo chanjman kè,” Ensign, Okt. 1989, 4).

Fè ti bagay senp yo

Prezidan DallinH. Oaks te anseye:

“Pandan m t ap mache yon jou maten, mwen te wè yon bagay ki te raple m pouvwa ti bagay senp yo genyen avèk letan. … Twotwa an beton an, ki te epè ak gwo, t ap krake. Èske sa se rezilta kèk gwo pouse puisan? Non, krak sa yo te koze pa pwogresyon lantman ak pwogresivman nan youn nan rasin pyebwa ki te tou pwòch la. …

“Se konsa sa ye pou efè puisan ti bagay senp yo anseye nou nan ekriti yo e atravè pwofèt vivan yo. ” Panse ak etid ekriti yo yo mande nou pou nou entegre nan lavi kotidyèn nou yo. Oubyen, panse a priyè pèsonèl ak priyè ajenou an fanmi yo ki se pratik regilye pou Sen Dènye Jou yo. … Malgre chak nan pratik sa yo ka parèt piti ak senp, avèk letan, yo vin pote gwo kwasans ak edifikasyon spirityèl puisan. Sa fèt paske chak nan ti bagay senp sa yo envite konpayi Sentespri a, Temwen k ap eklere nou ak gide nou vè laverite a” (“Ti bagay senp yo,” Ensign oswa Liahona, Me 2018, 90).

Amelyore ansèyman nou

Envite manm klas yo pou youn anseye lòt. Lè yo rann temwayaj yo oubyen pataje ide yo, yo gen dwa ka enspire yon lòt manm nan klas la nan yon fason ou gen dwa pa kapab fè. (Gade Anseye nan fason Sovè a, 30.)