Vini, Suiv Mwen
13-19 Jiyè. Alma 32–35: “Plante pawòl la nan kè ou”


“13-19 Jiyè. Alma 32–35: ‘Plante pawòl la nan kè ou,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Liv Mòmon 2020 (2020)

“13-19 Jiyè. Alma 32–35,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Liv Mòmon an: 2020

Imaj
semans nan men yon timoun

13-19 Jiyè.

Alma 32–35

“Plante pawòl la nan kè ou”

Kèlkeswa kantite fwa w te li Alma 32–35, li yo ankò pandan w ap prepare w pou anseye a. Se pou w kite Lespri a ba w nouvo ide.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Pou ede manm klas yo pataje sa yo te aprann nan lekti Alma 32–35 la lakay, ou gen dwa ba yo kèlke minit pou yo repase chapit sa yo epi pou yo ekri nenpòt tèm yo jwenn ladan sou tablo a. Ansanm nan klas la, diskite sou rezon k fè tèm oubyen sijè sa yo siyifikan an.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Alma 32:1–16

Nou ka chwazi pou nou enb.

  • Pou angaje yon diskisyon sou imilte jan yo anseye l nan Alma 32:1–16 la, ou gen dwa kòmanse pa envite manm klas yo pou yo site kèk eksperyans ki ka mennen yon moun nan imilite (Alma 32:2–5 bay yon egzanp). Kèk manm nan klas la gen dwa dispoze pou yo pataje pwòp eksperyans pa yo sou aprann imilite. Kijan “fòse pou n gen imilite” (Alma 32:12) ka yon benediksyon? Deklarasyon sou imilite a nan “Resous adisyonèl” la ka ede soulve yon diskisyon tou. Ou gen dwa li Doktrin ak Alyans 112:10 oubyen chante yon kantik sou imilite, tankou “Oh! Sois humble” (Cantiques, no. 130), avèk klas la.

Alma 32:17–43; 33

Nou egzèse lafwa nan Jezikri lè nou plante ak nouri pawòl li a nan kè nou.

  • Nou pafwa panse ke adore se yon bagay nou fè nan yon kad ofisyèl tankou yon legliz (gade Alma 32:5, 9, 11), men definisyon Alma bay sou adore a pi elaji toujou. Paregzanp, li te anseye ke devlope ak egzèse lafwa nan Jezikri se yon fòm adorasyon enpòtan ki ka fèt andeyò yon kad ofisyèl. Pou ede klas la konprann prensip sa a, ou gen dwa desine foto yon semans ak yon pyebwa sou tablo a epi diskite sou kesyon tankou sa yo : Kisa semans la reprezante? (gade Alma 32:28; 33:22–23). Kijan nou ka plante semans la—oswa temwayaj nou konsènan Jezikri ak Ekspyasyon l lan—nan kè nou ak nouri li? (gade Alma 32:36–4333). Ki eksperyans nou ka pataje kote efò nou pou suiv Sovè a te pote fwi presye? Kijan ansèyman Alma yo enfliyanse fason nou adore Pè Selès la ak Jezikri?

  • “Eksperyans” Alma te dekri pou l te ede Zoramit yo devlope lafwa nan Jezikri a ka ede nou aprann si lòt prensip levanjil yo vrè tou. Pou ede klas la konprann eksperyans Alma a, ou gen dwa pale de kisa yon eksperyans ye. Gen dwa gen yon moun nan klas la ki te fè yon eksperyans anvan sa e ki te ka ede avèk eksplikasyon sa a. Ki objektif yon eksperyans? Kijan yon eksperyans sanble avèk sa Alma te envite moun yo pou yo te fè a nan Alma 32:26–36 la? Petèt manm klas yo ta ka pataje plizyè fason yo te “fè eksperyans” avèk pawòl Bondye a. Kijan yo te fè rive konnen ke “pawòl [Bondye] a bon”? (Alma 32:28).

  • Kisa Alma te siman t ap di yon moun ki vle akeri oubyen fòtifye yon temwayaj konsènan Jezikri? Pou eksplore kesyon sa a, ou gen dwa divize klas la an de gwoup. Yon gwoup ka li Alma 32:26–36 pou detèmine kisa Alma t ap di yon moun ki ap eseye akeri yon temwayaj, epi lòt gwoup la ta ka li Alma 32:36–43 pou detèmine kisa l t ap di yon moun temwayaj li ap febli. Apresa yon moun nan chak gwoup ta ka pran tou pou reprezante Alma epi jwe wòl sou fason pou ede yon moun akeri oubyen fòtifye yon temwayaj.

Alma 31:13–23; 33:2–11; 34:17–29

Nou ka adore Bondye nan lapriyè, nenpòt moman ak nenpòt kote.

  • Ou gen dwa ede klas la konpare ansèyman Alma ak Amilèk sou priyè ak adorasyon yo avèk fo ansèyman Zoramit yo. Yo gen dwa repase Alma 31:13–23 epi fè lis sa Zoramit yo te kwè sou lapriyè ak adorasyon yo sou tablo a. Apresa yo ta ka chèche kèk verite nan Alma 33:2–11 ak 34:17–29 ki kontrè ak kwayans sa yo. Kisa vèsè sa yo anseye nou sou fason nou ka amelyore priyè nou ak adorasyon nou?

  • Ou gen dwa ankouraje yon diskisyon sou lapriyè nan ekri mo tankou Kiyès? Kisa? Kilè? Kikote? Poukisa? ak Kòman? sou tablo a. Manm klas yo ka chèche nan Alma 33:2–11 ak 34:17–29 pou yo jwenn repons pou kesyon sa yo konsènan lapriyè a. Paregzanp, yo gen dwa reponn kesyon tankou sa yo: Ki kote nou ka priye? Poukisa nou ka priye? Yo gen dwa jwenn repons nan pawòl yon kantik sou lapriyè tou, tankou “La prière est comme un phare?” oswa “Ah, douce est l’heure de prier” (Cantiques, no. 75, 77). Kijan nou ka amelyore priyè nou?

Alma 34:9–17

Sakrifis ekspyatwa Sovè a te “enfini ak etènèl.”

  • Amilèk te itilize mo “enfini” ak “etènèl” la plizyè fwa pou l te dekri sakrifis Jezikri te fè pou ekspye pou peche nou yo. Ou gen dwa envite manm klas yo pou yo chèche pawòl sa yo nan Alma 34:9–14 epi apresa pou yo chèche yo nan diksyonè. Nan ki fason sakrifis Sovè a enfini ak etènèl? (gade Ebre 10:10; 2 Nefi 9:21; Mozya 3:13). Selon Alma 34:15–17, kisa nou dwe fè pou n ka resevwa benediksyon sakrifis Sovè a? Kisa sa vle di pou n “egzèse lafwa ki mennen nan repantans”? (Alma 34:17).

Alma 34:32–35

“Pa ranvwaye jou repantans ou.”

  • Yon analoji tankou sa k suiv la a ta ka ede manm klas yo medite sou danje ki genyen nan ranvwaye jou repantans nou: envite yo pou yo imajine ke yon resevwa yon envitasyon pou patisipe nan yon evenman ki mande dèzane fòmasyon ak preparasyon, tankou yon konpetisyon Olempik oubyen yon pèfòmans mizikal, chwazi yon egzanp siyifikatif pou klas la), men evenman sa a ap fèt nan demen. Diskite ansanm sou rezon k fè yo te ka pwobableman pa reyisi nan evenman an menmsi yo pase rès jounen an ap prepare. Kijan egzanp sa a gen rapò avèk avètisman Amilèk te bay nan Alma 34:32–35 yo? Poukisa l ka danjere pou nou ranvwaye efò nou pou n repanti ak chanje? Envite manm klas yo pou yo medite sou sa yo ka fè pou “prepare yo pou letènite” (vèsè 33) epi fè plan pou yo fè sa san delè.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Pou enspire manm klas yo pou yo li Alma 36–38 nan semèn k ap vini an, ou gen dwa souliyen ke Alma te “gen anpil lapenn pou inikite pèp la,” konsa, li te rasanble pitit gason l yo epi l te anseye yo “konsènan afè lajistis yo” (Alma 35:15–16). Chapit apre yo nan Alma a bay yon resi sou sa Alma te enspire pou l te anseye pitit gason l yo.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Kisa sele vle di pou nou enb?

“Enb vledi rekonèt ke nou depann de Senyè a avèk rekonesans—konprann ke nou gen yon bezwen konstan pou soutyen li. … Se pa yon siy feblès, timidite, oswa laperèz; se yon endikasyon ke ou konnen sous vrè fòs ou” (Ankre nan lafwa [2004], 86).

Èldè Quentin L. Cookte eksplike: “Lè nou reyèlman panse ak Bondye Papa a ak Kris la, Pitit Gason an, ak kiyès yo ye, ak sa yo akonpli pou nou, sa ranpli nou avèk reverans, admirasyon, rekonesans, ak imilite. … Imilite vle di pou nou rekonesan pou pil benediksyon nou yo ak èd divin nou resevwa tou. Imilite se pa yon gran akonplisman grandyoz ni menm simonte kèk gwo pwoblèm. Se yon siy fòs spirityèl. Sa vle di nou gen asirans trankil ke jou apre jou, lè apre lè, nou ka fè Senyè a konfyans, sèvi li, ak akonpli objektif li” (“Kotidyen etènèl la,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2017, 52, 54).

Ekriti sou lafwa.

Amelyore ansèyman nou

Konsantre sou ekriti yo. Pandan ke gen anpil lòt resous siplemantè ki ka anrichi yon diskisyon an, sonje ke ekriti yo se sous doktrin nan. Ede manm yo jwenn verite yo nan ekriti yo. (Gade nan Anseye nan fason Sovè a, 21.)