Vini, Suiv Mwen
6–12 Jiyè. Alma 30–31: “Pouvwa pawòl Bondye a”


“6–12 Jiyè. Alma 30–31: ‘Pouvwa pawòl Bondye a,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Liv Mòmon 2020 (2020)

“6–12 Jiyè. Alma 30–31,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Liv Mòmon an 2020

Imaj
Alma k ap anseye Koriyò

Tout bagay pwouve gen yon Bondye (Alma ak Koriyò), pa Walter Rane

6–12 Jiyè.

Alma 30–31

“Pouvwa pawòl Bondye a”

Lè w fin li Alma 30–31 an epi w chèche enspirasyon pou pwòp lavi pa w, koute enspirasyon nan mesaj sa yo ki ap yon benediksyon pou manm klas ou yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Si w santi manm klas ou yo ezitan pou pataje, ou gen dwa ba yo kèlke minit pou yo repase Alma 30–31 la oubyen nenpòt nòt yo te pran pandan etid yo te fè lakay yo semèn sa a. Apresa yo ka pataje sa yo te jwenn yo avèk yon patnè oubyen avèk tout klas la.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Alma 30: 6–31

Advèsè a ap eseye twonpe nou avèk fos doktrin.

  • Pandan w ap reflechi sou bezwen manm klas ou yo, èske l pa ta bon si w ta itilize yon leson objè pou w ta ede yo konprann diferans ant verite levanjil yo ak twonpri Satan? Si wi, ou gen dwa montre yo kèk objè fo, tankou fo biyè lajan oubyen aliman an plastik, ansanm avèk vrè lajan ak vrè manje. Kijan k fè nou wè fo bagay yo pa reyèl? Apresa, fè yo idantifye fo ansèyman Koriyò yo ki nan Alma 30:6–31 la. Kisa ki parèt atiran nan ansèyman sa yo? Kisa verite levanjil yo ofri ke ansèyman mansonj Satan yo pa ka ofri? Envite manm klas yo pou yo pataje sa k te ede Alma disène ant vrè doktrin nan ak fos doktrin nan (gade Alma 30:32–54). Ki lòt mwayen manm klas yo twouve k itil?

  • Pou ede manm klas yo aprann kijan pou yo pwoteje tèt yo kont efè fos doktrin yo, ou gen dwa repase deskripsyon sou yon antekris la ki nan plan leson semèn sa a nan Vini,Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo. Ki vèsè nan Alma 30:6–31 an ki montre ke Koriyò koresponn a deskripsyon sa a? Kiyès nan ansèyman l yo ki sanble ak fo ansèyman nan epòk nou yo? (gade Alma 30:12–18, 23–28). Kijan nou ka evite twonpe pa ansèyman sa yo?

Alma 30:39–46

Tout bagay temwaye ke gen yon Bondye.

  • Paske n ap viv nan yon mond ki sanble ak mond Alma a, kote gen moun k ap anseye ke pa gen Bondye, temwayaj Alma a nan Alma 30:39–44 la ta ka ede manm klas ou yo. Ou gen dwa envite yo pou yo li vèsè sa yo epi fè yon lis sou tablo a sou verite ak evidans Alma bay ki temwaye ke gen yon Bondye yo. Ki lòt temwayaj ou genyen ki montre w ke Bondye vivan? Kòm yon pati nan diskisyon an, panse pou w pataje deklarasyon Prezidan M. Russell Ballard an ki nan seksyon “Resous adisyonèl” la. Ou gen dwa envite yon moun pou l vini prepare pou chante yon kantik sou bonte Bondye tou, tankou “Seigneur, mon Dieu” (Cantiques, no. 44), oubyen yo gen dwa chante kantik la ansanm.

  • Lè Alma t ap pale avèk Koriyò a, li te apèsi ke Koriyò te “pouse Lespri Bondye a pou l pa t kapab gen plas nan [li]” (Alma 30:42). Mande manm klas yo pou yo gade nan Alma 30:39–46, pou yo ka chèche lòt referans a Sentespri a. Ki wòl Sentespri a jwe nan temwaye nou de reyalite Bondye ak Jezikri? Kijan nou ka ede moun ki gen dout oswa kesyon yo atravè Sentespri a?

    Imaj
    Koriyò k ap pale avèk Alma

    Koriyò konfwonte Alma, pa Robert T. Barrett

Alma 31

Pawòl Bondye a gen pouvwa pou mennen pèp la fè sa ki jis.

  • Èske gen manm nan klas ou a ki ta ka pataje yon eksperyans kote “pouvwa pawòl Bondye a” (Alma 31:5) te ede yomenm oubyen yon moun yo konnen fè chanjman nan lavi yo? Ou gen dwa kontakte manm klas yo alavans pou yo ka prepare pou pataje eksperyans yo. Ankouraje yo pou yo pataje vèsè nan Alma 31 an ki aplike a eksperyans yo fè. Lòt manm nan klas la ta ka pataje fason pawòl Bondye a te gen yon “gwo pouvwa sou panse [yo]” (Alma 31:5). Manm yo ta ka benefisye nan li lòt ekriti ki temwaye sou pouvwa pawòl Bondye a (gade “Resous adisyonèl” pou kèk lòt egzanp.)

  • Pandan y ap etidye Alma 31 semèn sa a, yo gen dwa santi yo enspire pa egzanp Alma a pou priye pou Zoramit yo. Panse pou w mande yo kisa yo te aprann nan chapit sa a sou lonje lamen bay lòt manm fanmi oswa zanmi ki kite chemen levanjil la oubyen k ap lite avèk lafwa yo. Ou gen dwa mande yo pou yo gade nan Alma 31 ansanm epi sou tablo a, fè lis sa yo remake nan Alma ki te ede l sove Zoramit yo. Kijan nou ka itilize pawòl Bondye a plis nan efò nou pou sekouri lòt moun? (Pou ide adisyonèl, ou gen dwa pataje sitasyon Èldè Jeffrey R. Holland nan ki nan “Resous adisyonèl” la.)

  • Kisa manm klas yo jwenn nan Alma 31:30–38 an ki ka ede moun ki tris poutèt peche yo fè jan sa te rive pou Alma a?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Mande manm klas yo ki doktrin oubyen prensip levanjil yo ta ka anseye yo pou kontrekare mansonj Alma te dekouvri pami Zoramit yo. Di yo ke, pandan y ap li Alma 32–35 la, yo pral dekouvri kijan Alma te itilize pawòl Bondye a pou l te ede Zoramit yo konprann ke yo te bezwen chanje.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Ekriti sou pouvwa pawòl Bondye a.

Tout bagay demontre egzistans yon Bondye.

Prezidan M. Russell Ballard te anseye ke “prèv etènèl” Alma te bay pou egzistans Bondye a “kontinye rete yon temwayaj pou nou jodia ” (gade Alma 30:44):

“Kèk astwonòt ki t ap gade tè a nan lespas te di konbyen li enkwayableman bèl ak kijan li parèt vivan. ” Senatè ameriken an, Jake Gam, te ekri apwopo eksperyans li nan lespas: ‘Sa enposib pou mwen pou m dekri bote tè a. Se yon eksperyans spirityèl ki bay souf koupe, ki ranpli w avèk admirasyon lè w ap gade tè a nan lespas pandan w ap vwayaje nan yon vitès vennsenk fwa pi vit pase son an. Mwen konn gade nan obskirite ak vid lespas la tou epi m konn wè dè bilyon zetwal ak milyon galaksi a dè milyon ane distans. Inivè a si gran ke l enposib pou nou konprann. Men mwen rekonèt men Bondye nan tout bagay. Mwen te santi prezans li pandan sèt jou sa yo m te pase nan lespas la. Mwen konnen Bondye te kreye tè sa a ak inivè a. .… Mwen konnen Bondye vivan epi li se Kreyatè nou tout’ (lèt li te voye bay M. Russell Ballard, 3 Mas 1988)” (“God’s Love for His Children,” Ensign, Me 1988, 58).

Nouri pwochen nou avèk pawòl Bondye a.

Èldè Jeffrey R. Holland te anseye:

“Èske nou reyèlman ap nouri jèn nou yo ak nouvo manm nou yo nan yon fason ki pral prepare yo lè difikilte lavi yo parèt? Oubyen èske n ap ba yo yon sizanka teyolojik—kalori ki pa gen spirityalite? … Sa gen kèk ane, pandan yon ivè ki te malouk anpil, Boyd K. Paker te remake ke te gen yon gwo kantite cerf ki te mouri anba grangou pandan ke vant yo te plen zèb. Nan yon dezi sensè pou yo te ede, gen kèk ajans ki te founi bagay sipèfisyèl la pandan ke sibstansyèl la sete sa yo te plis bezwen. Sa k te regretan sèke yo te bay cerf yo manje men yo pa t nouri yo. …

“Satan asireman pa sibtil nan ansèyman l yo, poukisa noumenm nou dwe sibtil? Ke n ap enstwi pitit nou yo lakay oubyen kanpe devan yon asanble nan legliz la, annou pa janm fè lafwa nou difisil pou dektete. … Fè diskou ki baze sou ekriti yo. Anseye doktrin revele a” (“Un Docteur venu de Dieu,” Ensign, Me 1998, 26–27).

Amelyore ansèyman nou

Ede manm klas ou yo dekouvri verite a pou tèt pa yo. Youn nan wòl ou kòm enstriktè se gide elèv yo pou yo ka dekouvri verite yo nan ekriti yo. Yo pi fasil pou konprann ak pou renmen prensip yo si yo wè ke prensip sa yo yomenm olye ke yon sèlman tande yon enstriktè ap pale de yo.