Vini, Suiv Mwen
23–29 Mas. Enòs–Pawòl Mòmon: Li aji nan mwen pou m ka fè volonte li


“23–29 Mas. Enòs–Pawòl Mòmon yo: Li aji nan mwen pou m ka fè volonte li,” Vini Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Liv Mòmon 2020 (2020)

“23–29 Mas. Enòs–Pawòl Mòmon yo,” Vini Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2020

Imaj
Enòs lè l te yon jèn tigason avèk papa l, Jakòb, ak manman l

Jakòb ak Enòs, Scott Snow

23–29 Mas.

EnòsPawòl Mòmon yo

Li aji nan mwen pou m ka fè volonte li

Prepare pou w anseye nan li EnòsPawòl Mòmon yo epi kreye yon plan ansèyman (gade Anseye nan fason Sovè a,). Sigjesyon ak doktrin ki nan plan leson sa a ka ede pou ba w ide tou.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Pou bay manm klas yo opòtinite pou yo pataje sa y ap aprann lakay yo, ou ka divize yo an gwoup epi bay chak gwoup tach pou li youn nan chapit ki nan EnòsPawòl Mòmon yo. Mande yo pou yo sigjere vèsè nan chapit sa a yo santi klas la ta ka diskite. Drese lis vèsè yo sou tablo a, epi chwazi kèk ladan yo pou diskite sou yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Enòs 1:1–17

Nou ka resevwa padon pou peche nou lè nou egzèse lafwa nan Jezikri.

  • Men kèk kesyon w ta ka envite manm klas yo medite ak diskite lè w ap etidye Enòs 1:1–17 la: Kisa nou aprann nan eksperyans Enòs la konsènan resevwa remisyon pou peche nou? Kijan Enòs te demontre lafwa l nan Jezikri? Kijan eksperyans sa a te afekte Enòs ak fason l te wè tèt li ak lòt moun?

Enòs 1:4–17

Priyè sensè nou yo ap jwenn repons.

  • Pou ede manm klas yo apwofondi konpreyansyon yo sou lapriyè, ou ka divize yo an ti gwoup epi envite chak gwoup pou etidye youn nan pasaj sa a yo nan Enos 1: vèsè 2–8, 9–11, oswa 12–17. Apresa mande chak gwoup pou yo anseye rès klas la yon bagay yo te aprann sou lapriyè nan vèsè yo te mande yo li yo. Paegzanp, ou ta ka envite yo pataje mo ak fraz ki dekri fason Enòs te priye.

  • Anplis aprann konsènan fason Enòs te priye a, nou ka aprann anpil sou sa Enòs te mande nan priyè l yo. Petèt manm klas yo ka idantifye pou kimoun oswa pou kisa Enòs te priye nan Enòs 1:4–17 la. Dapre vèsè sa yo, poukisa Enòs te gen dezi pou l te priye pou lòt moun? Ki lòt verite osijè lapriyè nou aprann nan men Enòs?

JawòmOmni

Si nou kenbe komandman yo, n ap pwospere.

  • Jawom ak lòt moun ki te ekri Omni yo te ekri sou nasyon Nefit la, men mesaj yo a aplikab pou tout moun tou. Kisa nou aprann nan liv Jawòm ak Omni yo sou fason lajistis mennen nan pwosperite? (paegzanp, gade Jawòm 1:7–12 ak Omni 1:5–7, 12–18). Li ta bon si manm klas yo ta defini pwosperite kote y ap itilize yon diksyonè ak ekriti yo (paegzanp, gade Alma 37:13; 48:15). Kijan definisyon mond la ka konpare avèk definisyon Senyè a? Kijan Senyè a ede pèp li pwospere?

  • Menmjan pwofèt Nefit yo te travay avèk dilijans pou te anseye pèp la kòmandman Bondye yo, se konsa tou pwofèt modèn yo anseye nou sou komandman yo. Lè yo fin li Jawòm 1:9–12, la, manm klas yo ta ka diskite sou ansèyman resan kèk dirijan Legliz te bay ki enspire yo pou yo kenbe kòmandman yo. Li ta bon tou si yo ta repase mesaj dènye konferans jeneral yo nan revi Legliz yo oubyen sou app Libreri Levanjil la. Oubyen yo ka repase prensip yo diskite nan Pou fòs jèn yo. Si nesesè, ou ka fè referans a lis mesaj ki nan “Resous Adisyonèl” yo. Kijan obeyi kòmandman yo ede nou “pwospere” nan lavi nou?

Omni

Senyè a te mennen anpil moun nan tè pwomiz la.

  • Liv Momon an gen yon istwa konplèks, epi suiv tout pil gwoup moun diferan li dekri yo ka difisil. Yon fason pou n aprann sou chak nan pèp yo ki nan Liv Momon an se ta kreye yon chema sou tablo a epi envite klas la pou ranpli l avèk enfòmasyon sou chak gwoup moun yo (tankou Nefit, Lamanit, ak pèp Zarayemla a). Paegzanp, chema a ta ka gen gran tit sa yo: Non gwoup la, Kilè ak kijan yo te rive, ak Sa k te rive yo. Diskite ansanm sou rezon k l bon pou w konprann sa w te aprann sou chak gwoup yo. Definisyon sa yo nan Gid Ekriti yo nan (ChurchofJesusChrist.org) la ka ede tou: “Koryantom,” “Jaredit,” “Lamanit,” “Milek,” “Nefit,” ak “Zarayemla.”

Pawòl Mòmon yo 1:1–8

Bondye ap travay atravè nou si nou suiv gidans li.

  • Kòm yon pati nan diskisyon sou Pawol Momon yo, ou ka envite yon manm klas la vini prepare pou di poukisa Mòmon te enspire pou l te enkli ti plak yo (1 Nefi–Omni) nan Liv Momon an. Manm klas sa a ka prepare l nan li Pawol Momon yo ak lòt resous, tankou Doktrin ak Alyans 10:8–19, 39–45; plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo; ak chapit 5 nan Sen yo, volim 1. Ankouraje manm klas yo pou yo enkli detay enpòtan sou 116 paj Liv Mòmon yo ki te pèdi a ak poukisa ti plak yo te nesesè pou ranplase paj ki te pèdi yo. Ki verite yo aprann nan sa sou fason Senyè a travay atravè lòm pou fè travay li? Kisa yo jwenn nan Pawòl Mòmon 1:1–8 yo ki enspire yo pou yo suiv direksyon yo resevwa nan men Bondye menm lè yo pa fin totalman konprann rezon yo?

    Imaj
    Mòmon k ap konpile plak lò yo

    Mòmon ap konpile Plak yo, pa Jorge Cocco

  • Momon te beni dè milyon lavi paske l te suiv enspirasyon Lespri a konsènan ti plak yo (gade Pawòl Momon 1:7). Panse a fason w ka ede manm klas yo konprann ke yo ka beni lòt moun tou lè yo chèche vin enstriman nan men Bondye epi suiv enspirasyon Sentespri a. Kijan Bondye te travay atravè Mòmon? Kisa manm klas yo te wè Senyè a fè atravè yomenm oubyen lòt moun lè yo te koute Lespri a epi chèche fè volonte Bondye? Istwa sou Prezidan Thomas S. Monson nan ki nan “Resous Adisyonèl” la bay yon egzanp ki ka ede manm klas yo panse a egzanp nan pwòp lavi yo.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Paske konferans jeneral ak Pak ap rive ansanm nan kèlke semèn, ankouraje manm klas yo pou yo pote atansyon a mesaj kote manm Premye Prezidans yo ak Kolèj Douz Apot yo pataje temwayaj espesyal yo sou Jezikri.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Videyo Liv Mòomon an sou Enòs

Chèche videyo ki ilistre resi yo ki nan liv Enòs la nan koleksyon Videyo Liv Mòmon an nan ChurchofJesusChrist.org oswa nan app Libreri Levanjil la.

Mesaj konferans jeneral konsènan kenbe kòmandman yo.

“Bay chak timoun lamen.”

Pandan Prezidan Thomas S. Monson t ap sèvi kòm manm Kolèj Douz Apot yo, li te pale avèk yon foul timoun Primè nan yon vilaj nan Samoa. Apresa, li te santi l pouse pou l te salye chak nan 247 timoun ki te nan asistans la pèsonèlman. Sepandan, li te reyalize ke l pa t ap gen tan; li te eseye ekate ide pou l t al salye timoun yo nan lespri li men li pat kapab.

Li te finalman vire gade enstriktè timoun yo epi l te di, “Mwen ta renmen bay chak tigason ak chak tifi lamen. Eske sa ap posib?”

Enstriktè a te souri epi l pale avèk timoun yo an Samoan. You te souke tèt yo avèk antouzyas kòm repons. Apresa, enstriktè a te di Èldè Monson ke, lè l te aprann youn nan Douz Apot yo t ap vin vizite Samoa, li te pwomèt timoun yo ke, si yo te priye sensèman epi avèk lafwa, Èldè Monson t ap vizite vilaj yo a epi li tap santi enspirasyon Sentespri a pou l te bay chak timoun lamen (gade Thomas S. Monson, “Friend to Friend: Talofa Lava,” Friend, May 1972, 12–13).