Vini, Suiv Mwen
9–15 Mas. Jacob 1–4: “Rekonsilye nou avèk Bondye pa mwayen Ekspyasyon Kris la”


“9–15 Mas. Jakòb 1–4: ‘Rekonsilye nou avèk Bondye pa mwayen Ekspyasyon Kris la,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Liv Mòmon 2020 (2020)

“9–15 Mas. Jakòb 1–4,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldimanch: 2020

Imaj
Yon fi ki ajenou nan pye Jezi

Padone, pa Greg K. Olsen

9–15 Mas

Jakòb 1–4

Rekonsilye nou avèk Bondye pa mwayen Ekspyasyon Kris la

Jakòb 1–4 genyen anpil ansèyman ki aplike pou epòk nou an. Pandan wap li chapit sa yo, konsidere kijan w ka ede moun w ap anseye yo mete doktrin Jakòb te anseye a an pratik.

Ekri Enpresyon Ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Pou ede manm klas yo pataje ide yo jwenn nan Jakòb 1–4 yo, ou ta ka pase kèk moso papye ba yo epi envite yo ekri yon referans ekriti nan chapit sa yo ke yo te twouve k siyifikatif. Mete moso papye yo nan yon veso, tire kèk, epi envite moun ki te ekri referans yo pataje ide yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Jakòb 1:6–8, 15–19; 2:1–11; 4:18

Bon dirijan travay avèk dilijans pou byennèt nanm moun.

  • Ou ka kòmanse yon diskisyon sou travay dilijan Jakòb te fè nan pami pèp li a kote w mande manm klas yo pataje eksperyans kote yo te beni gras ak sèvis yon dirijan nan Legliz la. Oubyen, panse pou w mande yon dirijan lokal Legliz la—pase oubyen prezan—pou l pale de yon okazyon kote l te santi l enspire pou l te sèvi yon moun. Apresa, manm klas yo ta ka chèche pawòl ak fraz nan Jakòb 1:6–8, 15–19; 2:1–11; ak 4:18 yo ki ede nou konprann kòman Jakòb te santi l osijè apèl li ak pèp li t ap sèvi a. Kòman nou wè dirijan nou yo mayifye apèl yo? Kisa vèsè sa yo sigjere sou fason nou ta dwe soutni dirijan nou yo?

Imaj
de mesye k ap bay lamen

Tankou Jakòb, dirijan Legliz nan epòk nou yo “mayifye ofis [yo] devan Senyè a.”

Jakòb 2: 12–21

Nou dwe evite lògèy epi lonje lamen bay moun ki nan bezwen.

  • Senyè a te bay Nefit yo gwo avètisman konsènan lògèy. Pou ede kòmanse yon diskisyon sou sijè sa a, ou ta ka kontakte kèk manm nan klas la alavans epi mande yo pou yo chèche fason advèsè a pouse amou richès nan mond nou an jodi a. Apresa, envite yo pou yo pataje sa yo remake avèk klas la. Manm klas yo ka travay de pa de pou yo li Jakòb 2:12–21 epi pou yo jwenn sa Senyè a te anseye konsènan fason nou dwe konsidere byen materyèl. Apresa, yo ta ka kreye ak pataje yon afich ki ankouraje prensip sa a. Bayo tan pou yo medite endividyèlman sou sa yo ka fè pou aplike sa yo aprann nan mesaj Jakòb la.

  • Yo ta ka revize Jakòb 2:12–21 epi ekri pwòp kesyon pa yo pou ajoute sou lis Elder Perry a. Kisa deklarasyon Èldè Perry nan “Resous Adisyonèl yo” ajoute sou konpreyansyon nou konsènan ansèyman Jakòb yo?

Jakòb 2: 23–35

Senyè a rejwi nan chastete.

  • Eldè David A. Bednar te anseye ke n ap viv “nan yon mond ki plis anplis ap moke sentete pwokreyasyon an epi minimize valè lavi imèn” (“Nou kwè nan chasteteEnsign oswa Lyawona, Me 2013, 41–44). Kijan w ta ka ede manm klas ou yo itilize Jakòb 2:23–35 a pou yo ka kontrekare mesaj mond la konsènan chastete a? Yon fason pou w ta fè sa se ta ekri sou tablo a Kijan Senyè a santi l osijè chastete? epi envite manm klas yo pou yo chèche repons pou kesyon an. Kèk manm ta ka gade nan Jakòb 2:23–35, epi lòt yo ta ka gade nan diskou Èldè Bednar la nou deja mansyone a. Yo ka fè lis repons yo jwenn yo sou tablo a. Pou pale de prensip ak benediksyon ki asosye avèk obeyi lwa chastete a, ou ta ka revize “Pite Seksyèl” (Pou fòs jèn yo, 35–37) oubyen pase youn nan video ki nan seksyon “Resous Adisyonèl” la. Ki benediksyon ki vini nan viv yon lavi chastete?

Jakòb 4:4–11

Nefit yo te kwè nan Jezikri.

  • Jakòb te vle nou konnen ke, malgre limenm ak pèp li a te viv dè santèn ane anvan ministè Sovè a nan mòtalite a, yo te konnen l epi yo te tounen yo vè limenm pou sali yo. Selon Jakòb 4:4–5, poukisa Nefit yo te kenbe lwa Moyiz la? Kisa nou genyen nan epòk nou an ki pwente nanm nou sou Sovè a? Ki senbo; oswa similarite Jakob te itilize pou anseye konsènan Jezikri? (gade also Jenèz22:1–13).

Jakòb 4:8–18

M ka evite avègleman espirityèl nan konsantre m sou Sovè a.

  • Èske gen moun nan klas ou a ki te fè yon egzamen nan je l dènyèman? Si wi, ou ta ka mande moun sa a pou l dekri kijan doktè a te teste vizyon l. Manm klas yo ta ka di kisa yo panse sa vle di pou yo avèg espirityèlman. Kijan avègleman espirityèl ka konpare avèk avègleman fizik? Envite manm yo pou yo sijere fason nou ka teste si nou avèg espirityèlman. Yo gen dwa repase Jakòb 4:8–18 tou epi sijere kèk bagay nou ka fè pou ogmante kapasite nou pou nou “wè” bagay espirityèl yo.

  • Èldè Quentin L. Cook te souliye kat fason moun ka gade “odela mak la” nan epòk pa nou an (gade nan “Resous Adisyonèl yo”). Kisa pawòl li yo ajoute sou fason nou konpann Jakòb 4:13–15 la? Kisa sa vle di pou nou gade odela mak la? Kijan nou ka evite gade odela mak la?

Imaj
Senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Pou enspire manm klas yo li Jakòb 5–7, di yo ke y ap jwenn repons pou kesyon ki nan Jakòb 4:17 yo si yo li twa pwochen chapit yo nan lapriyè.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Atitid nou vizavi byen materyèl

An referans ak Jakob 2:13–19, EldèL. Tom Perry te anseye: “Nou dwe suiv konsèy Jakob la. Nou ta dwe li ekriti yo kòmsi yo te ekri pou nou presizeman nan epòk sa yo, paske yo te ekri pou nou. Pawòl li yo ta dwe fè nou fè yon egzamen konsyans. Èske tout bagay gen lòd nan lavi pa nou? Èske n ap envesti nou nan bagay ki gen nati etènèl yo? Èske nou gen yon pèspektif etènèl? Oubyen èske nou tonbe nan pyèj pou nou envesti nan bagay ki nan mond sa dabò epi nou bliye Senyè a?” (“Unis dans l‘édification du royaume de Dieu,” L‘Etoile, Me 1987, 34).

Video sou Chastete nan (ChurchofJesusChrist.org)

  • “M chwazi pou m pur”

  • “Chastete: Kisa Limit yo Ye?”

  • “Lwa chastete a”

Gade pi lwen mak la

Èldè Quentin L. Cook te anseye ki fason nou riske gade “pi lwen mak la”:

“Lè nou ranplase verite levanjil yo pa filozofi lèzòm”

“Gen kèk moun ki sanble yo anbarase pa senplisite mesaj Sovè a. Yo vle ajoute konpleksite e menm obskirite sou verite a pou fè l vin pi entelektyèlman konplèks oubyen pi konpatib avèk tandans akademik aktyèl yo. … Nou gade pi lwen mak la lè nou refize aksepte verite senp levanjil yo pou sa yo ye a.”

“Ekstremis nan levanjil la”

“Nou gade pi lwen mak la lè nou leve nenpòt prensip, kèlkeswa valè l genyen, nan yon nivo ki diminye angajman nou nan lòt prensip ki egalman enpòtan oubyen lè nou pran pozisyon ki kontrè a ansèyman Pwofèt yo.”

“Jès ewoyik ki ranplase konsekrasyon jounalye”

“Kèk manm deklare ke yo t ap angaje yo avèk antouzyas si yo ta ba yo yon gwo apèl, men, yo pa konsidere enstriksyon ofwaye ak vizit ofwaye, [ki rele sèvis pastoral kounyeya] kòm bagay ki ase diy oubyen ase ewoyik pou yo soutni.”

“Mete règ pi wo pase doktrin nan”

“Moun ki angaje yo pou yo suiv règ yo san referans ak doktrin nan ak prensip yo patikilyèman gen tandans pou yo gade pi lwen mak la” (“Regarder au-delà du point marqué,” Ensign oswa Liahona, Mas. 2003, 42–44).