Vini, Suiv Mwen
16–22 Mas. Jakòb 5–7: “Senyè a travay avèk nou”


“16–22 Mas. Jakòb 5–7: ‘Senyè a travay avèk nou,‘” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Liv Mòmon 2020 (2020)

“16–22 Mas. Jakòb 5–7,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2020

Imaj
gason k ap travay nan yon jaden olivye

Parabòl pye olivye a, tablo Brad Teare

16–22 Mas

Jakòb 5–7

Senyè a travay avèk nou

Kòmanse preparasyon w pou anseye a avèk lekti Jakòb 5–7 la pèsonèlman epi avèk fanmi ou. Kisa w te aprann ki ta pi benefisye moun wap anseye yo? Plan leson sa a ka ba w ide adisyonèl.

Ekri enpresyon ou .

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Kisa manm klas yo jwenn nan Jakòb 5–7 ki enspire yo pou yo “travay nan” kote y ap viv la? (Jakòb 5:15).

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Jakòb 5

Senyè a envite sevitè l yo pou yo travay avèk li nan jaden l lan.

  • Paske alegori pye olivye a long epi l yon ti jan konplike, ou gen dwa ta anvi travay ansanm kòm yon klas pou kreye yon brèf apèsi sou parabòl la. Paregzanp, ou ka desine eleman prensipal parabòl la sou tablo a oubyen kreye yon kwonoloji evenman yo (paregzanp, gade dyagram ki nan fen plan leson sa a). Manm klas yo ta ka ajoute referans ekriti oubyen deskripsyon sou desen yo epi diskite kisa kèk nan senbòl yo ka vle di, tankou pye olivye ki pwodui a ak pye oli mawon an, Senyè ki mèt Jaden an, sèvitè a, epi bon fwi ak move fwi a. Pandan diskisyon sa a, repase vèsè 61–75 yo, ki dekri travay Senyè a nan epòk nou an. Kijan nou sèvi nan jaden Senyè a? Ki relasyon vèsè sa yo genyen avèk travay n ap fè a?

  • Pawòl “Mèt jaden an” ta ka pote rekonfò pou paran ki gen timoun ki egare yo. Paregzanp, kisa Jakòb 5:41, 46–47 sigjere sou fason Papa nou ki nan Syèl la santi l apwopo pitit li ki pèdi yo? Kijan l eseye sove yo? (gade vèsè 61–75).

  • Jakòb 5:61–75 anseye ke Senyè a travay ansanm avèk sèvitè l yo nan jaden an. Manm klas yo ta ka li vèsè sa yo an ti gwoup epi diskite sou eksperyans ki montre yo Senyè a ap travay avèk sèvitè l yo pou l fè travay li a avanse. Ki limyè adisyonèl manm klas yo ka ajoute sou mesaj Prezidan Henry B. Eyring nan “Senyè a ap dirije Legliz li a”? (Ensign oswa Liahona, Nov. 2017, 81–84).

    Imaj
    Yon koup misyonè devan yon konpitè avèk lòt moun.

    Nou ka travay avèk “Mèt jaden an” isit sou tè a.

Jakòb 6:3–13

Senyè a sonje pèp li a avèk amou ak mizèrikòd.

  • Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo envite nou pou n chèche nan Jakòb 6:3–5 mesaj Jakòb te vle souliyen yo epi apresa, pou nou jwenn mesaj sa yo nan parabòl pye olivye a (gade Jakòb 5). Petèt manm klas yo ta ka benefisye nan tande kòmantè moun ki te fe aktivite sa yo oubyen nan fè aktivite sa a nan klas la. Yo ta ka fè lis verite levanjil yo jwenn nan Jakòb 6 yo sou tablo a. Apresa, anba chak verite, yo ta ka mete lis vèsè nan parabòl la nan Jakòb 5 la ki kominike mesaj sa a. Ki fason yo wè menm mesaj sa yo ilistre nan pwòp lavi pa yo?

  • Yonn nan siyifikasyon mo atache a vle di konsantre sou yon bagay solidman, byen kole, e san devye. Li ta bon pou w ta pataje definisyon sa a avèk klas ou a epi mande yo ki ide sa ba yo konsènan Jakòb 6:5 la.

Jakòb 7:1–23

Nou ka kanpe fèm lè lòt moun opoze ak lafwa nou.

  • Pifò nan nou konn fè rankontre opozisyon pou lafwa nou, tankou sa te ye pou Jakòb lè l te rankontre Cherèm nan. Yon fason pou ede manm klas yo prepare yo pou opozisyon konsa se fè yo gade nan Jakòb 7:1–23 pou yo ka jwenn prensip ki te ede Jakòb kanpe fèm yo. Ki lòt egzanp sou kanpe fèm nan lafwa nou ka pataje—nan ekriti yo, nan istwa familyal nou, oubyen nan lavi pa nou? Petèt, gen mesaj kèk dirijan Legliz ki te ede nou lè lòt moun t ap chèche sekwe lafwa nou (gade nan, paregzanp, Quentin L. Cook, “Vanyan nan Temwayaj Jezi a ,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2016, 40–43). Ankouraje manm klas yo pou yo pataje mesaj yo jwenn ki te ede yo.

  • Lè Cherèm te konfwonte Jakòb la, li te espere ke l t ap fè Jakòb pèdi lafwa li, men lafwa Jakòb te inebranlab (gade Jakòb 7:5). Manm klas yo ta ka jwe wòl dyalòg ant Jakòb ak Cherèm nan kote yo ta itilize Jakòb 7:1–23 a kòm yon senaryo. Kisa nou aprann nan vèsè sa yo sou taktik ak ansèyman moun ki opoze a pawòl Bondye yo? Kisa nou aprann nan men Jakòb sou fason pou n vin pi fèm nan lafwa nou?

Jakòb 7: 24–25

Nou ka mete konfyans nou nan Bondye.

  • Nefit yo t ap viv anba menas atak Lamanit yo konstamman. Malgre ke nou pa fè fas a menas lagè fizik chak jou, ki danje espirityèl ki devan nou? Kisa nou aprann nan reyaksyon Nefit yo devan sityasyon yo te ye a, ki dekri nan Jakòb 7:24–25 la? Li ta bon pou n ta chante, oubyen li, e menm diskite kèk kantik Legliz la ki itilize batay kòm yon metafò, tankou “La Lutte Supreme” oubyen “Behold! A Royal Army” (Hymns, nos. 246, 251).

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Pou ankouraje manm klas yo li liv Enòs la, di yo ke l ka aprann yo kijan pou yo fè priyè yo vin pi siyifikan.

Amelyore ansèyman nou

Santre ansèyman ou sou doktrin nan. Asire w ke w fè diskisyon klas ou a konsantre sou doktrin fondamantal ki nan ekriti yo. Pou w fè sa, ou ka mande manm klas yo pou yo li ekriti yo epi apre pou yo pataje verite yo jwenn yo, ansanm avèk eksperyans yo te fè lè yo t ap aplike verite sa yo. (Gade Anseye nan fason Sovè a, 20–21