Vini, Suiv Mwen
2–8 Mas. 2 Nefi 31–33: “Sa se chemen an”


“2–8 Mas. 2 Nefi 31–33: ‘Sa se chemen an,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Liv Mòmon 2020 (2020)

“2–8 Mas. 2 Nefi 31–33,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2020

Imaj
Jezi ap anseye disip li yo

Kris la ap anseye Disip li yo, foto Justin Kunz

2–8 Mas

2 Nefi 31–33

“Sa se chemen an”

Pandan w ap etidye 2 Nefi 31–33 a, panse a manm klas ou yo epi konsidere ki eksperyans yo ta ka fè avèk verite Nefi anseye yo. Kijan w ka envite yo pou youn anseye lòt sa yo aprann ak sa yo santi konsènan doktrin sa yo?

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Èske gen moun nan klas ou a ki te fè yon eksperyans siyifikatif semèn sa a avèk yonn nan sijesyon etid ki nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a? Bay manm klas yo opòtinite pou yo pataje eksperyans yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

2 Nefi 31–32

Jezikri ak doktrin ni an se sèl chemen ki mennen nan lavi etènèl.

  • Petèt, sa ta ka benefisye klas ou a si yo ta wè kijan lafwa, repantans, batèm, don Sentespri a, ak pèsevere jiskalafen gen relasyon yonn avèk lòt, epi avèk Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a. Pou fè sa, ou ta ka desine yon chemen sou tablo a epi envite manm klas yo pou yo ekri kèk nan prensip yo jwenn nan 2 Nefi 31 yo toutolon chemen an. Chak manm nan klas la ta ka chwazi youn nan prensip sa yo epi chèche nan 2 Nefi 31–32 pou yo ka jwenn yon bagay Nefi te anseye sou li. Apresa, yo ta ka pataje sa yo jwenn yo youn ak lòt epi pale de fason l te ede yo konprann prensip yo pi byen. Kòman lè nou li prensip sa yo, sa pote benediksyon Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a nan lavi nou?

  • Kijan w ta ka kòmanse yon diskisyon sou deskripsyon klè ak senp Nefi yo sou “chemen” ki mennen nan sali a? (2 Nefi 31:21). Petèt ou ta ka mande manm klas yo kisa yo tap di si yo te sèlman gen 60 segond pou yo eksplike kisa yon moun dwe fè pou l sove. Apresa, yo ta ka al gade nan 2 Nefi 31–32 pou yo ka jwenn kèk deklarasyon ki ta ka ede yo. Kisa nou aprann nan chapit sa yo konsènan wòl santral Sovè a nan sali nou? Deklarasyon ki nan “Resous Adisyonèl yo” ta ka ede nou nan konvèsasyon sa a.

  • Kèkfwa , nou konsidere prensip levanjil yo tankou bagay distenktif ki separe, men an reyalite yo gen relasyon yonn avèk lòt. Pou ede manm klas yo wè kouman prensip nan 2 Nefi 31 yo konekte, envite yo endividyèlman, oubyen an ti gwoup pou yo li vèsè 4–21 yo epi kreye yon dyagram ki montre kouman lafwa nan Kris la, repantans, batèm, don Sentespri a, ak pèsevere jiskalafen bati youn sou lòt, gen relasyon youn avèk lòt, eksetera. Ankouraje yo pou yo kreyatif. Pandan yap pataje dyagram yo a avèk klas la, mande yo pou yo pataje sa yo te aprann konsènan prensip sa yo. Kouman nou ka fè yo fè pati lavi kotidyèn nou?

2 Nefi 31:15–20

“Yon moun ki pèsevere jiskalafen, moun sa a ap sove.”

  • Èske manm klas yo konprann kisa sa vle di pou yo pèsevere jiskalafen? Men yon aktivite ki ka ede. Sou tablo a, ekri, Kouman map fè konnen si m ap pèsevere jiskalafen? Apresa, envite manm klas yo pou yo gade nan 2 Nefi 31:15–20 pou yo jwenn repons posib pou kesyon sa a. Mande yo pou yo ekri nenpòt mo oubyen fraz yo jwenn ki ka ede yo sou tablo a. Poukisa pèsevere jiskalafen se yon pati esansyèl nan doktrin Kris la? Ou ta ka pataje deklarasyon Èldè Dieter F. Uchtdorf la tou ki nan “Resous Adisyonèl yo” oubyen deklarasyon sou pèsevere jiskalafen an ki nan paj 6 nan Preche Levanjil Mwen an.

  • Èske manm klas yo konn yon moun ki se egzanp nan pèsevere jiskalafen? Kisa k ede moun sa a “avanse avèk fèmte nan Kris la”? (vèsè 20). Panse pou w pataje istwa sou lòt moun yo mansyone nan ekriti yo ki te pèsevere jiskalafen.

2 Nefi 32:1–6

Sentespri a ap montre nou sa nou dwe fè.

  • Nan 2 Nefi 32, Nefi pale de yon bagay ki te preyokipe l lakay pèp li a konsènan aplikasyon doktrin Kris la. Ou ta ka envite manm klas yo pou yo chèche wè kisa bagay sa a ye nan 2 Nefi 32:1 apresa pou yo li repons Nefi a nan 2 Nefi 32:2–6 la. Kouman manm klas yo ta redi sa Nefi te anseye a nan pwòp mo pa yo? Ki eksperyans yo te fè kote Sentespri a oubyen pawòl Kris yo te montre yo sa yo te dwe fè?

2 Nefi 33

Liv Mòmon an pèsyade nou pou nou kwè nan Kris la.

  • Nefi te espere pawòl li yo t ap pèsyade nou pou nou “fè byen [epi] pou nou kwè nan [Kris la]” (2 Nefi 33:4). Ki pasaj oubyen istwa nan 1 ak 2 Nefi ki pèsyade nou pou nou fè byen ak pou nou kwè nan Kris la? Panse pou w chèche kèk kantik klas ou a ta ka chante oubyen koute ki ranfòse mesaj sa yo, tankou, “Oui, je crois au Christ” oubyen “Ai-je fait du bien?” (Cantiques, nos. 71, Cantiques, 194).

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Yon fason pou enspire manm klas yo pou yo etidye Jakòb 1–4 semèn pwochèn nan se eksplike yo ke, nan chapit sa yo, yo pral jwenn avètisman Jakòb te bay sou de peche ki patikilyèman popilè nan epòk nou an.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Doktrin Kris la

Èldè Jeffrey R. Holland te anseye: “Doktrin Kris la, jan Nefi anseye l nan gran diskou ki rezime tout bagay la konsantre sou lafwa nan Senyè a, Jezikri, repantans, batèm pa imèsyon, resevwa don Sentespri a, ak pèsevere jiskalafen. Nan deklarasyon sa a, li pa eseye kouvri tout plan sali a, tout vèti lavi yon kretyen, ni rekonpans k ap tann nou nan diferan degre glwa selès yo. Nan deklarasyon sa a, li pa pale de ofis nan prètriz la, de òdonans tanp, oubyen anpil lòt doktrin ki vrè. Tout bagay sa yo enpòtan, men, jan l itilize nan Liv Mòmon an, ‘doktrin Kris la’ senp epi l dirèk. Li konsantre sou premye prensip levanjil yo prensipalman, ansanm avèk yon ekspresyon ankourajman pou nou pèsevere, pou nou pèsiste, pou nou avanse. Anfèt, se nan klate ak senplisite ‘doktrin Kris la’ enpak li chita” (Christ and the New Covenant: The Messianic Message of the Book of Mormon [1997], 49–50).

Èldè D. Todd Christofferson te di: “M priye nou tout … pou nou chèche nan lapriyè ak etid ekriti yo [yon] temwayaj konsènan karaktè divin, Sakrifis Ekspyatwa, ak Rezirèksyon Jezikri a. Aksepte doktrin ni an atravè repantans, batèm, resevwa don Sentespri a, epi apresa, suiv lwa ak alyans levanjil Jezikri yo pandan tout lavi nou” (“Doktrin Kris la,” Ensign or Liahona, Me 2012, 89).

Pèsevere jiskalafen.

Èldè Dieter F. Uchtdorf te eksplike:

“Lè m te piti, pou mwenmenm,, ‘pèsevere jiskalafen’ te prensipalman vle di ke m te dwe fè plis efò pou m rete reveye jiskalafen reyinyon Legliz yo. Nan apre, lè m te adolesan … m te konpare l avèk efò manm aje nou yo pou yo te kenbe fèm jiskalafen lavi yo. …

“… Pèsevere jiskalafen se pa jis pasivman tolere sikonstans difisil lavi yo oubyen ‘kenbe la.’ Relijyon nou an se yon relijyon aktif, ki ede pitit Bondye yo sou chemen dwat ki etwat la pou yo ka devlope tout potansyalite yo pandan lavi sa a epi pou yo retounen al jwenn ni yon jou. Lè nou wè l nan pèspektif sa a, pèsevere jiskalafen se yon bagay egzaltan ak gloriye, li pa tris ni mizerab. Relijyon nou an se yon relijyon lajwa, yon relijyon espwa, fòs, ak delivrans. …

“Pèsevere jiskalafen vle di ‘kontinye fè byen avèk pasyans’ (Women 2:7), fè efò pou n kenbe kòmandman yo (gade 2 Nefi 31:10), epi akonpli zèv lajistis (gade DA 59:23)” (“Èske nou pa gen rezon pou nou rejwi?Ensign oswa Liahona, Nov. 2007, 20).

Amelyore ansèyman nou

Nou aprann ansanm. Antanke enstriktè, ou fè plis pase jis dispanse enfòmasyon—w ap aprann asanm avèk rès klas la. Di yo sa w ap fè pou w aprann nan ekriti yo.