Vini, Suiv Mwen
24 Fevriye–Mas 1. 2 Nefi 26–30: “Yon travay mèveye ak yon pwodij”


“24 Fevriye–Mas 1. 2 Nefi 26–30: ‘Yon travay mèveye ak yon pwodij,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Liv Mòmon 2020 (2020)

“24 Fevriye–Mas 1. 2 Nefi 26–30,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2020

Imaj
Jezi k ap lonje lamen bay yon fi

L ap pran men ou pou kondui ou, foto Sandra Rast

24 Fevriye–1e Mas 

2 Nefi 26–30

“Yon travay mèveye ak yon pwodij”

Sonje ke fwaye nou ta dwe yon sant aprantisaj levanjil la. Etid pèsònèl ak familyal ou nan 2 Nefi 26–30 la ta dwe baz preparasyon w pou anseye a. Planifye fason pou w bati, ranfòse, ak ankouraje etid pèsonèl ak familyal levanjil la pou klas ou a.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Nan kòmansman leson an, bay manm klas yo yon chans pou yo pataje yon bagay nan 2 Nefi 26–30 yo te touve siyifikan pandan yo t ap etidye lakay yo. Paregzanp, ou ta ka mande yo pou yo brèfman pataje yon vèsè ki te ede yo konprann epòk nou an ak difikilte n ap fè fas yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

2 Nefi 26:24–28, 33

Tout bagay Senyè a fè motive pa amou li pou nou

  • Si w santi w enspire pou w diskite sou ansèyman Nefi yo konsènan amou Senyè a, ou ta ka eseye bagay sa a: Apre nou fin li 2 Nefi 26:24 ansanm, envite manm klas yo pou yo fè lis bagay Jezikri te fè pou yo ki te motive pa amou. Kijan l “atire tout moun sou li”? Kisa nou santi nou enspire pou n fè an repons a ekspresyon amou li?

  • Envitasyon Senyè a nan 2 Nefi 26:24–28, 33 yo se gwo prèv amou li. Yon fason w ta ka ede manm klas yo pou yo dekouvri envitasyon sa yo se mande yo pou yo kondanse mesaj Senyè a nan yon sèl fraz rezime. Pètèt, kèk manm nan klas la ta ka dispoze pou pataje rezime pa yo a. Kijan vèsè sa yo ta ka enfliyanse fason nou envite lòt moun vin jwenn Kris la? Ankouraje klas la pou yo ekri kèk nan panse yo ak santiman yo. Pou ede envite Lespri a, panse pou w jwe anrejistreman yon kantik sou amou Sovè a, tankou “Venez-à Jésus ” (Cantiques, no. 62), pandan manm klas yo ap medite.

2 Nefi 27; 29; 30:3–8

Li Mòmon an esansyèl pou travay Bondye a nan dènye jou yo.

  • Moun nan klas ou yo ka bezwen yon ti èd pou yo konprann pwofesi ki nan 2 Nefi 27 la konsènan liv ki sele a ak moun ki edike a. Rapò istorik nan seksyon “Resous Adisyonèl” la ta ka ede. Èske sa ta ka ede klas ou a si kèk manm nan klas la ta brèfman jwe yon senaryo sou evenman yo dekri nan resi sa a ak nan 2 Nefi 27:15–22 brèfman? Poukisa Bondye te montre Nefi evenman sa yo pandan sitèlman ane alavans konsa? Kisa pwofesi Nefi yo anseye nou sou enpòtans Liv Mòmon an? Ankouraje manm klas yo pou youn pataje avèk lòt fason yo te akeri temwayaj pèsonèl yo konsènan Liv Mòmon an.

  • Èske gen moun nan klas ou a ki ta vle pataje yon eksperyans yo te fè kote yo te envite yon moun li Liv Mòmon an? Ki rezon yon moun ta ka bay pou l pa aksepte yon envitasyon pou l li Liv Mòmon an? W ap jwenn repons Senyè a te bay sou youn nan rezon sa yo nan 2 Nefi 29:6–11 la. Ou gen dwa envite manm klas yo pou yo li vèsè sa yo epi apre pou yo jwe wòl sou fason yo ta ka jantiman reponn reponn yon moun ki di Liv Mòmon an pa nesesè. Ki lòt ide manm klas yo genyen sou fason yo ka ede lòt moun “konnen [Liv Mòmon an] se yon benediksyon pou yo ki sòti nan men Bondye”? (2 Nefi 30:6).

2 Nefi 28

Satan ap chèche twonpe nou.

  • Plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a sigjere pou nou chèche konnen mansonj Satan yo dekri nan 2 Nefi 28 yo. Petèt, manm klas yo ta ka pataje sa yo te jwenn, oubyen ekzamine 2 Nefi 28 nan klas la epi fè lis mansonj Satan yo idantifye yo. Sa ta ka ede tou si w ta kite yo travay an ti gwoup pou yo ka jwenn ekiti ki demanti mansonj sa yo (si yo bezwen èd, ou ka pataje sijesyon ki nan “Resous Adisyonèl” yo). Apresa, chak gwoup ta ka pataje sa yo jwenn avèk lòt, epi diskite sou fason yo ka detekte “fo doktrin san valè epi ki ensanse” advèsè a (2 Nephi 28:9).

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Manm klas yo ka enspire pou yo li 2 Nefi 31–33 si yo konn chapit sa yo gen dènye pawòl Nefi te ekri yo, ansanm avèk youn nan deskripsyon ki pi senp ak pi konplè sou doktrin Kris la.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

“Lè sa a, nonm save a pral di: M pa kapab li l.” (2 Nefi 27:18).

An Fevriye 1828, Martin Harris, yon zanmi Joseph Smith, te fè yon “vwayaj ale nan Lès vil New York avèk yon maniskri ki te gen kèk nan karaktè ki te sou plak [lò] yo pou l te montre save yo. Petèt li te bezwen yon asirans anplis pou te di l ke plak yo te otantik, oubyen li te petèt panse ke yon asirans konsa ta ka ede yo prete lajan pou yo te ka pibliye tradiksyon an. Antouka, li te ensiste ke Senyè a te enspire l pou l te fè vwayaj la.

“Nan epòk la, ni Joseph ni Martin pa t gen anpil konesans sou langaj ki te sou plak yo. Yo te sèlman konnen sa Anj Mowoni te di Joseph la: ke sete yon ansyen anal Ameriken. Konsa, tan pou l t al chèche yon savan ki te gen konesans sou lang Ejipsyen (nan apre, Joseph te vin aprann ke lang ki te sou plak yo te rele ‘Ejipsyen refòme‘), Martin te vizite plizyè save ki te enterese nan antikite, espesyalman nan antikite Amerikèn.

“… [Nan pami save Martin te vizite yo, te gen] Charles Anthon, yon jèn pwofesè gramè ak lang nan kolèj Columbia. Anthon t ap koleksyone istwa Endyen Ameriken yo ak diskou pou publikasyon epi l te dispoze pou l te enspekte dokiman Martin te pote ba li a.

“Martin te di ke Anthon te deklare ke karaktè yo te otantik jiskaske l te vin kijan Joseph Smith te fè jwenn yo. Li te sijere Martin pou l te pote plak yo ba li. Martin te refize, epi Anthon te di, pou l parafraze yon vèsè nan Ezayi: ‘M pa ka li yon liv ki sele.’ Malgre ke, nan apre, Anthon te renye kèk detay sou resi Martin an konsènan rankont yo a, men sa nou konnen: Martin te retounen soti nan vizit li te genyen avèk save nan lès sa a pi konvenki pase l te janm ye anvan ke sete Bondye ki te aple Joseph Smith epi plak yo ak karaktè k te sou yo yo te ansyen. Martin Joseph te konsidere vizit li kot Anthon an kòm akonplisman pwofesi Ezayi a (yo mansyone nan Liv Mòmon an limenm) konsènan ‘yon liv ki sele, yo bay yon lòt moun, pou l kapab montre moun save a, pou di l: m priye w, li sa a epi li di, m pa kapab; paske l sele‘’ [Ezayi 29:11; gade 2 Nefi 27:15–18]” tou, (“The Contributions of Martin Harris,” Revelations in Context [2016], 3–4, history.ChurchofJesusChrist.org).

Ekriti ki demanti mansonj Satan yo.

Fos doktrin

Vrè doktrin

“Jodia li pa yon Bondye mirak; li fin fè travay li” (2 Nefi 28:6).

Mowoni 7:35–37

“Bondye … ap jistifye moun ki komèt ti peche” (2 Nefi 28:8).

Doktrin ak Alyans 1:31.

“Tout bagay byen nan Siyon” (2 Nefi 28:21).

Doktrin ak Alyans 68:31; 82:14

“M pa dyab, paske pa gen dyab” (2 Nefi 28:22).

2 Nefi 2:17; Doktrin ak Alyans 76:25–27

“Nou pa bezwen plis pawòl Bondye, paske nou gen ase” (2 Nefi 28:29).

2 Nefi 28:30; Atik lafwa 1:9

Amelyore ansèyman nou

Pa pè silans. “Bon kesyon pran tan pou yo jwenn repons. Yo mande meditasyon, rechèch, ak enspirasyon. Tan w pase ap tann repons pou yon kesyon an kapab yon moman meditasyon sakre. Evite tantasyon pou w entèwonp moman saa twò vit nan kouri reponn kesyon w yo oubyen pase nan yon lòt sijè” (Anseye nan fason Sovè a, 31).