Vini, Suiv Mwen
17–23 Fevriye. 2 Nefi 11–25: “Nou rejwi nan Kris la”


“Fevriye 17–23. 2 Nefi 11–25: ‘Nou rejwi nan Kris la,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Liv Mòmon 2020 (2020)

“17–23 Fevriye. 2 Nefi 11–25:,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2020

Imaj
Ezayi ap ekri sou woulo

17–23 Fevriye

2 Nefi 11–25

“Nou rejwi nan Kris la”

Anplis konpare 2 Nefi 11–25 la avèk tèt ou, konsidere kijan w ta kapab ede moun w ap anseye yo aplike chapit sa yo pou tèt pa yo (gade 2 Nefi 11:8). Lè Lespri a enspire w avèk panse ak ide, ekri yo.

Ekri enpresyon ou.

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Anvan w diskite sou kèk pasaj byen espesifik nan 2 Nefi 11–25 la, li ta bon pou w ta mande manm klas yo pou yo imajine yo gen yon zanmi k ap lite pou l jwenn yon bagay siyifikan oubyen enspiran nan ekriti Ezayi yo. Ki vèsè yo t ap pataje avèk zanmi sa a?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

2 Nefi 11–24

Ezayi te temwaye konsènan Kris la.

  • Li ka petèt pi fasil pou n konprann pwofesi Ezayi yo lè nou konn poukisa yo te ekri. Pou lanse yon diskisyon sou pwofesi Ezayi yo nan 2 Nefi a, ou gen dwa envite manm klas yo pou yo etidye chapit 11 la pou yo ka fè lis tout objektif Nefi genyen pou l te site Ezayi anpil fwa konsa. Epitou, yo ka mansyone pasaj yo te jwenn nan etid pèsonèl oubyen familyal yo sou 2 Nefi 12–24 yo yo santi ki atenn objektif sa yo. Kijan konprann objektif Nefi yo ka ede yo pi byen konprann ekriti Ezayi yo? Ankouraje yo pou yo kenbe objektif sa yo nan lespri yo pandan y ap diskite sou ekriti Ezayi yo nan klas la.

  • Paske Ezayi te itilize yon langaj ki te si tèlman senbolik, li ka fasil pou nou pa wè temwayaj puisan li rann konsènan Jezikri. Men yon aktivite ki ka ede klas ou a konsantre sou temwayaj sa a. Prepare plizyè moso papye epi ekri sou yo referans ekriti nan 2 Nefi 12–24 yo ki anseye konsènan Sovè a (paregzanp, 2 Nefi 13:13; 14:4–6; 15:1–7; 16:1–7; 17:14; 18:14–15; 19:6–7; 21:1–5; 22:2). Chak manm nan klas ka chwazi youn nan papye yo, etidye vèsè ki ekri sou li yo, epi ekri sa l aprann konsènan Jezikri sou papye a. Apresa, manm klas yo ka fè echanj papye avèk yon lòt moun epi ajoute ide oubyen konpreyansyon yo aprann sou Sovè a nan menm vèsè sa yo. Apresa, ou gen dwa bayo yon chans pou yo pataje sa yo aprann nan Ezayi ak sa youn aprann nan men lòt ki te apwofondi apresyasyon yo pou Jezikri.

  • Pwofesi nan 2 Nefi 19:6 la mansyone plizyè tit Jezikri. Panse pou w mande yon moun fè lis yo sou tablo a epi envite manm klas yo pou yo diskite sou rezon k fè chak tit sa yo se yon deskripsyon ki sanble avèk Sovè a. Kòman Kris la ranpli wòl sa yo nan lavi nou? Pou yo aprann pi plis sou kèk nan tit sa yo, li ta bon pou nou ta gade nan referans ki nan nòt anba paj ekriti yo nan 2 Nefi 19:6 la.

2 Nefi 12:2–5; 21:10–1222

Nan dènye jou yo, moun pa Bondye yo pral rasanble epi yo pral viv nan lapè.

  • Gen kèk pati nan pwofesi Ezayi yo ki espesyalman aplike pou nou paske yo dekri aspè travay Bondye a nan dènye jou yo. Paregzanp, ou gen dwa etidye 2 Nefi 21:10–12, ki dekri yon “banyè” ki pral leve pou rasanble pèp Bondye a. Nan ki fason nou wè Senyè a rasanble pèp li a espirityèlman? Pètèt, kèk manm nan klas la ta ka eksplike kisa k pouse yo pou yo anvi rasanble oubyen reyini avèk pèp Bondye a nan Legliz la. Petèt yo ta ka renmen kreye pwòp banyè pa yo pou ilistre oubyen endike kèk verite levanjil yo panse moun ap “chèche” epi ki pral ede “asanble” ak “rasanble” (vèsè 10 ak 12) pitit Bondye yo nan epòk nou an. Kijan nou ka ede nan rasanbleman an?

  • Yon lòt fason pou nou diskite doktrin sa a se ta ekri tèm sa yo sou tablo a: Dispèsyon Izrayèl, Rasanbleman Izrayèl, ak Pwofesi Kris yo. Ou bay kèk gwoup nan manm klas la tach pou yo li 2 Nefi 12–24 epi envite yo pou yo chèche vèsè ki anseye sou bagay sa yo epi ekri vèsè sa yo anba tit apwopriye a sou tablo a. Ki mesaj vèsè sa yo genyen pou nou? (Li ta bon tou pou w ta di manm klas yo ke Doktrin ak Alyans 113:1–6 ka ede yo konprann 2 Nefi 21:1–5, 10.)

  • Kantik tankou “Tout au sommet des monts” (Cantiques, no. 5) oubyen “Christ est ma lumière” (Cantiques, no. 89), ki baze,an pati, sou pwofesi ki nan 2 Nefi 12:2–5 ak 2 Nefi 22 yo kapab ranfòse mesaj ak espri pawòl Ezayi yo.

2 Nefi 14:4–6

Fwaye nou ak “asanble” Siyon yo kapab lye sekirite ak refij.

  • Nan 2 Nefi 14:4–6 Ezayi te pwofetize sou sekirite ak lapè moun ki jis yo pral jwi apre Senyè a fin “lave” ak “prije” peche yo. Byenke vèsè sa yo dekri kondisyon ki pral egziste nan Milenyòm nan, yo ta ka ede manm klas yo, pandan y ap chèche sekirite espirityèl nan mitan mechanste ki nan dènye jou yo. Envite yo pou yo medite ak diskite sou kisa sa vledi pou gen “yon nyaj lafimen” ak “yon flanm dife” sou “lye rasanbleman yo” ak asanble yo” (vèsè 5; gade Egzòd 13:21–22) tou. Ki kèk bagay nou ta ka konpare avèk chalè, loraj, ak lapli yo mansyone nan vèsè 6 yo? Kijan nou ka jwenn refij? (gade tou D&A 115:6). Petèt manm klas yo ta ka sigjere kèk fason pou nou asire nou ke fwaye nou ak rasanbleman Legliz yo se kote ki gen pwoteksyon espirityèl.

2 Nefi 9:5–12

“Vrè chemen an se kwè nan Kris la.”

  • Manm klas ou yo ka pwobableman konprann dezi Nefi pou “pèsyade pitit nou yo, ak frè nou yo tou, pou yo kwè nan Kris la.” Kijan Nefi te “travay dilijaman” pou akonpli objektif sa? (2 Nefi 25:23). Petèt, manm klas yo ta ka li 2 Nefi 25:19–29 pou yo chèche kèk verite sou Sovè a ak sou levanjil li a Nefi te vle pèp li a konnen. Apresa, yo gen dwa di kisa yo te fè pou anseye fanmi yo ak zanmi yo verite sa yo. Paregzanp, kijan yo te anseye verite ki di “se pa mwayen lagras nou sove apre tout sa nou kapab fè 0148 a? (Deklarasyon Prezidan Dieter F. Uchtdorf la nan “Resous Adisyonèl” ka founi plis lide sou verite sa a.) Kijan yo te ede lòt moun “rejwi nan Kris” la?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Manm klas yo ta ka enterese pou konnen ke 2 Nefi 26–30 ka ede yo reponn moun ki di, “Nou pa bezwen Liv Mòmon an.”

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

“Paske yon tibebe fèt pou nou.”

Pou konplete diskisyon w lan sou 2 Nefi 19:6la, gade oubyen koute Kè Tabènak la k ap chante “For unto Us a Child Is Born” (ChurchofJesusChrist.org).

“Se pa mwayen lagras nou sove apre tout sa nou kapab fè.”

Nan kòmante sou pawòl Nefi yo nan 2 Nefi 25:23a, Prezidan Dieter F. Uchtdorf te di:

“M ap mande tèt mwen si pafwa nou pa mal entèprete fraz ki di ’apre tout sa nou kapab fè a.’ Nou dwe konprann ke ‘apre’ pa vledi ‘akoz.’

“Nou pa sove ‘akoz’ tout sa nou kapab fè. Èske gen youn nan nou ki fè tout sa nou ka fè? Èske Bondye tann jiskaske nou fin fè tout efò nou anvan l entèvni nan lavi nou pou aplike gras li pou sove nou an? …

“Mwen sèten ke Nefi te konnen ke gras Sovè a pèmèt nou epi fè nou kapab simonte peche [gade 2 Nefi 4:19–35; Alma 34:31]. Se poutèt sa Nefi te travay avèk sitèlman dilijans pou l te pèsyade pitit li yo ak frè l yo pou yo te ‘kwè nan Kris la, epi pou yo rekonsilye yo avèk Bondye’ [2 Nefi 25:23].”

Apretou, sa se tout sa nou kapab fè! Epi se tach nou nan mòtalite a!” (“Don lagras la, ”Ensign oswa Lyawona, Me 2015, 110).

Amelyore ansèyman nou

Poze kesyon ki envite temwayaj. “Poze kesyon k ap ankouraje manm klas yo rann temwayaj yo sou prensip y ap anseye yo a kapab yon mwayen efikas pou envite Lespri a. … Temwayaj yo—ak temwayaj lòt moun nan klas la—ap grandi lè Lespri a rann temwayaj konsènan verite a” (Anseye nan Fason Sovè a, 32).