Vini, Suiv Mwen
3–9 Fevriye. 2 Nefi 1–5: “Epi, se te konsa, nou te viv nan bonè”


“3–9 Fevriye. 2 Nefi 1–5: “Epi, se te konsa, nou te viv nan bonè,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Liv Mòmon 2020 (2020)

“3–9 Fevriye. 2 Nefi 1–5: “Epi, se te konsa, nou te viv nan bonè,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Liv Mòmon 2020

Imaj
Adan ak Èv k ap kite Jaden Eden an

Adan ak Èv, foto Douglas Fryer

3–9 Fevriye

2 Nefi 1–5

“Epi, se te konsa, nou te viv nan bonè”

Kòmanse preparasyon espirityèl ou nan li 2 Nefi 1–5 epi ekri enpresyon ou. Gen plis prensip nan chapit sa yo pase tan w genyen pou w diskite sou yo nan yon sèl leson, se poutèt sa, suiv Lespri a epi pote atansyon a ide manm klas yo ap pataje pou ede w detèmine sou ki prensip pou w konsantre ak kijan pou w gide konvèsasyon an.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Se pwobab ke manm klas ou yo te make oubyen te pran nòt sou omwen youn nan vèsè ki nan 2 Nefi 1–5 yo. Pou kòmanse klas la, ou gen dwa envite yo pou yo di ki vèsè ki te siyifikan pou yo. Envite yo pou yo fè rezime yon prensip doktrinal yo aprann nan vèsè yo pataje yo.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

2 Nefi 2:11–30

Nou lib pou nou aji pou tèt pa nou.

  • Twò souvan, moun itilize libabit yo pou yo koze lòt moun anpil soufrans. Si se konsa, poukisa libabit si enpòtan pou Papa nou ki nan Syèl la konsa? Petèt ou ta ka ekri kesyon sa a sou tablo a, epi fè manm klas yo chèche repons nan 2 Nefi 2:11–30 epi ekri repons yo sou tablo a. Kijan advèsè a chèche diminye libabit nou? Kijan Sovè a ede nou “chwazi libète ak lavi etènèl”? (2 Nefi 2:27). Nou kapab chante yon kantik sou libabit ansanm, tankou “Sachez que chacun peut choisir” (Cantiques, no. 155), epi mande manm klas yo pou yo ajoute lòt ide yo jwenn nan kantik la sou lis yo a.

  • Plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a idantifye kat kondisyon esansyèl ki rann libabit posib. Men yon fason ou ta bati sou sa manm klas yo te aprann lakay yo a: Ekri kat kondisyon yo sou tablo a. Apresa, envite yo pou yo pataje deklarasyon ki nan 2 Nefi 2 ki anseye poukisa kondisyon sa yo esansyèl pou nou atenn potansyèl diven nou.

2 Nefi 2:15–29

Chit Adan an ak Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a se pati esansyèl nan plan Papa nou ki nan syèl la.

  • Anpil kretyen kwè ke Chit Adan an sete yon trajedi epi Èv te komèt yon fot terib. Vèsè sa yo nan 2 Nefi 2 a klarifye verite konsènan Chit Adan ak Èv la, epi yo temwaye ke Jezikri rachte nou anba Chit la. Yon fason pou n diskite sou ide sa yo se envite manm klas yo pou yo gade nan 2 Nefi 2:15–25 epi fè yon lis sou verite yo aprann sou sa k te pase nan Jaden Edèn an. Ki lòt ide yo jwenn nan sitasyon Prezidan Dallin H. Oaks la ki nan seksyon “Respons Adisyonèl” la? Kijan Jezikri te rachte nou anba tonbe Chit la? (gade 2 Nefi 2:6–8, 26–29).

  • Apre w fin fè yon aktivite tankou sa anvan la a, ou gen dwa afiche plizyè kesyon tankou sa a epi envite manm klas yo pou yo pataje ide yo.

    • Kijan ansèyman Leyi yo nan vèsè sa yo korije kèk malantandi konsènan Chit Adan an?

    • Nan ki fason Chit Adan an se yon benediksyon?

    • Kijan lefèt ke nou konprann Chit la korèkteman ka ede nou pi byen konprann ke nou bezwen Jezikri ak Sakrifis Ekspyatwa l la?

    • Site yon rezon ki fè w rekonesan pou chwa Adan ak Ev te fè nan Jaden Edèn an?

    • Kijan chwa w te fè pou w te vin sou tè a sanble avèk chwa Adan ak Èv te fè pou yo te manje fwi pyebwa konesans byen ak mal la?

    • Ki bi lavi a? Poukisa Chit Adan an te nesesè pou atenn bi sa a?

2 Nefi 4:15–35

Nou ka vire gade Bondye nan feblès nou.

  • Ekri Nefi yo ki nan 2 Nefi 4:15–35 la ka pote espwa ak rekonfò lè nou santi nou depase pa difikilte nou ak feblès nou yo. Petèt manm klas yo ka reli vèsè sa yo de pa de pou yo ka chèche pasaj yo ta ka itilize pou rekonfòte yon moun ki santi l akable anba afliksyon li. Apresa, mande chak gwoup pou yo pataje pasaj sa yo avèk klas la. Petèt yon moun nan klas la ta ka rakonte yon eksperyans kote l te jwenn rekonfò lè l te tounen vè Bondye, jan Nefi te fè a.

  • Yon lòt fason pou repase 2 Nefi 4 la se ta envite kèk manm nan klas la alavans pou yo vini tou prepare pou pataje kèk vèsè ak fraz nan chapit sa ki te enpòtan pou yo. Mande yo pou yo di kisa yo fè lè yo santi yo akable anba anba feblès yo. Yon kantik sou rekonfò ak esperans, tankou “Où pourrais-je chercher?” (Cantiques, no. 68), ta ka ajoute sou diskisyon an. Paregzanp, yo ta ka di kijan kantik la ranfòse egzanp Nefi a konsènan repoze sou Senyè a nan moman dekourajman.

2 Nefi 5

Moun jwenn bonè nan viv levanjil la.

  • Malgre difikilte Nefi ak pèp li a te rankontre yo, yo te rive bati yon sosyete ki te baze sou prensip ki mennen nan bonè. Ki prensip manm klas yo te jwenn nan etid yo sou 2 Nefi 5 la ki te kontribye nan bonè Nefit yo te jwenn nan? Bayo yon moso papye epi envite yo pou yo chèche nan 2 Nefi 5 pou yo ka jwenn kèk prensip ki mennen nan bonè epi ekri yo. Nan ki sans fason mond lan chèche bonè a diferan avèk fason nou jwenn bonè nan 2 Nephi 5 la? Ki bi manm klas yo ka fikse pou yo aplike youn nan prensip sa yo?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Di manm klas yo ke 2 Nefi 6–10 la gen youn nan pi bèl diskou sou Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a nan tout ekriti yo. Epi tou, ou gen dwa pataje yon vèsè w jwenn nan chapit sa yo ki fè w anvi li li.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Chit Adan an te fè pati plan Bondye a.

Prezidan Dallin H. Oaks te anseye:

“Lè Adan ak Èv te resevwa premye kòmandman an, yo te nan yon eta trazisyon, yo pa t nan mond dèzespri a ankò, men yo te gen kò fizik ki pa t ko ka sijè anba lanmò, epi ki pat ko kapab pwokreye. Yo pa t ka akonpli premye kòmandman Papa a san yo pa t transgrese baryè k te egziste ant felisite Jaden Edèn nan ak eprèv tèrib ak bèl posiblite lavi motèl yo. …

“… Pwofèt Leyi te eksplike ke ‘si Adan pa t transgrese, li pa t ap tonbe’ (2 Ne. 2:22), men li t ap rete nan menm eta jan l te kreye a.

“… Leyi te tire konklizyon sa a: Chit Adan an te planifye, paske ‘tout bagay te fèt nan sajès moun ki konn tout bagay la’ (2 Ne. 2:24).

“Sete Èv ki te premye transgrese limit yo te fikse nan Jaden Edèn nan pou l te ka entwodui kondisyon mòtalite yo. Kèlkeswa nati li, aksyon Èv la sete yon transgresyon ofisyèlman men etenèlman, li sete yon nesesite gloriye pou te louvri pòt ki mennen nan lavi etnèl la. Adan te montre sajès li nan fè menm bagay la. Epi se konsa, Èv ak ‘Adan te tonbe pou lèzòm te kapab fèt’ (2 Ne. 2:25).

“Gen kèk kretyen ki kondane Èv pou sa l te fè a, epi yo konkli ke limenm ak pitit fi l yo sibi konsekans la nan yon sèten fason. Se pa Sen Dènye Jou yo! Gras avèk enfòmasyon nou resevwa pa revelasyon, nou aklame aksyon Èv la epi nou onore sajès li ak kouraj li nan gran epizòd ki rele Chit la. …

“Revelasyon modèn nan montre ke premye paran nou yo te konprann nesesite Chit la. Adan te deklare: ‘Se pou non Bondye beni, paske poutèt transgresyon m nan, je m louvri epi m ap gen lajwa nan lavi sa a, epi ankò nan kò fizik la, m pral wè Bondye’ (Moyiz 5:10)” (“Gran Plan Bonè a,” Ensign, Nov. 1993, 72–73).

Amelyore ansèyman nou

Lonje lamen bay moun ki pa vini yo. Anseye se plis pase dirije yon diskisyon nan jou Dimanch; li enplike sèvi avèk amou ak pote benediksyon levanjil yo bay pwochen nou. Petèt ou gen dwa panse a yon moun ki pa vini epi w voye yon envitasyon espesifik ba li pou l vin patisipe nan yon pwochen leson. (Gade Anseye nan fason Sovè a, 8–9