Vini, Suiv Mwen
10–16 Fevriye. 2 Nefi 6–10: “O Plan Bondye nou an gran anpil”


10–16 Fevriye. 2 Nefi 6–10: “O Plan Bondye nou an gran anpil’” vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Liv Mòmon 2020 (2020)

“10–16 Fevriye, 2 Nefi 6–10,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2019

Imaj
Jezi k ap priye nan Jetsemani

Se pa volonte pa m, men se volonte pa w ki pou fèt, pa Harry Anderson

10–16 Fevriye

2 Nefi 6–10

“O, Plan Bondye nou an gran anpil!”

Yon bon fason pou prepare tèt ou pou anseye se li 2 Nefi 6–10 la pou tèt pa w toudabò. Ekri tout enpresyon w resevwa, epi itilize plan leson sa a pou w jwenn eksplikasyon adisyonèl ak ide pou ansèyman.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Jakòb te di pèp li a ke ansèyman Ezayi yo “ka aplikab pou nou tou” (2 Nefi 6:5). Pou kòmanse, ou gen dwa mande manm klas yo pou yo pataje nenpòt nan ansèyman Jakòb yo ki nan 2 Nefi 6–10 yo ke yo santi yo ka aplike nan lavi yo. Yo gen dwa eksplike rezon i fè yo twouve ansèyman an enpòtan an.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

2 Nefi 6–8

Senyè a gen mizèrikòd pou pèp li a epi l ap akonpli pwomès li yo.

  • Pou mete mesaj ki nan 2 Nefi 6–8 yo nan kontèks yo, li ta bon pou manm klas ou yo ta kreye yon liy kwonolojik sou evenman yo dekri nan 2 Nephi 6:8–15 yo. Kisa evenman sa yo sigjere konsènan Senyè a ak santiman l pou pèp li a? (gade 2 Nefi 7:1–3; 8:3) tou. Li ta bon pou w ta eksplike antanke manm Legliz, nou se pèp alyans Bondye a jodia, epi l ap rasanble nou nan tout mond lan pou n vin nan sekirite levanjil la. Ki mesaj chapit sa yo genyen pou nou nan epòk nou an?

2 Nefi 9

Atravè Sakrifis li a, Jezikri delivre tout moun anba lanmò fizik ak espirityèl.

  • Yon fason pou nou apwofondi apresyasyon nou pou Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a se panse a sa k t ap rive nou san Sakrifis Ekspyatwa a. Manm klas yo ka reflechi sou bagay sa yo pandan y ap etidye 2 Nefi 9 la. Pou yo kòmanse, ou ta ka envite manm klas yo pou yo etidye vèsè 4–9 yo, epi apresa pou yo ekri sou tablo a kisa ki t ap rive si pa t gen Sakrifis Ekspyatwa Kris la. Daprè vèsè 10–14 yo, kòman Sovè a sove nou anba desten sa a? Mesaj Èldè Jeffrey R. Holland nan nan seksyon “Resous Adisyonèl” la ka ede klas ou a konprann poukisa nou bezwen Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a. Ou gen dwa pase video ki baze sou mesaj li a tou—“Kote Jistis, amou, ak mizèrikòd rankontre” (ChurchofJesusChrist.org). Manm klas yo gen dwa pataje nenpòt panse oubyen santiman mesaj Èldè Holland nan enspire yo sou Sovè a.

  • Mande yo pou yo reflechi sou fason yo t ap eksplike Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a pou yon moun ki pa konn kisa l ye oubyen poukisa l nesesè. Verite nou jwenn nan 2 Nefi a 9 yo ta ka ede prepare yo pou yon konvèsasyon konsa. Petèt, yo ta ka li vèsè 4–12 yo pou yo ka chèche kijan Sakrifis Ekspyatwa Sovè a simonte lanmò fizik ak espirityèl. Baze sou sa nou aprann nan ekriti sa yo, poukisa yo rele sakrifis Sovè a “yon ekspyasyon enfini”? (2 Nefi 9:7).

  • Jakòb te sitèlman emèveye pa plan redanmsyon Bondye a ke sa te mennen l nan pwen pou l te deklare “O ala gran” epi “O, plan Bondye nou an gran anpil” pandan l t ap dekri plan an. Pou ede manm klas yo pi byen konprann santiman sa yo pou Sovè a ak Sakrifis Ekspyatwa l la, panse pou w envite yo pou yo chèche nan 2 Nefi 9 pou yo ka jwenn eksklamasyon Jakòb yo (n ap jwenn pifò nan yo nan vèsè 8–20) yo. Kisa vèsè sa yo anseye sou Bondye ak plan l lan? Ki eksperyans ki te ede nou santi sa Jakòb te santi konsènan plan Bondye pou pitit li yo? Ou gen dwa chante yon kantik sou grandè Bondye, tankou “Seigneur, mon Dieu” (Hymns, no. 44), pou ranfòse diskisyon sa a.

2 Nefi 9:27–54

Nou ka vin jwenn Kris la epi resevwa benediksyon gloriye Sakrifis Ekspyatwa l yo.

  • Pou kòmanse yon diskisyon sou ansèyman Jakòbyo ki nan vèsè sa yo, ou gen dwa mande manm klas yo pou yo imajine ki fason yo t ap envite yon moun pou l repanti epi vin jwenn Kris la. Kijan Jakòb te fè sa nan 2 Nefi 9:50–53? Ki benediksyon li te di nou t ap resevwa si nou aksepte envitasyon sa yo?

  • Nan 2 Nefi 9, Jakòb itilize de fraz puisan e opoze: “plan mezèrikòd gran Kreyatè a” ak “plan mètdam malen an” (2 Nefi 9:6, 28). Pou ede manm klas ou yo konprann kontras sa a, ou gen dwa desine yon chemen sou tablo a epi rele l Plan Papa nou ki nan Syèl la. Envite yo pou yo li 2 Nefi 9:27–52 pou yo chèche wè ki konsèy Jakòb te bay pou ede nou suiv plan Papa nou ki nan Syèl la. Mande yo pou yo ekri sa yo jwenn you akote chemen an. Kisa Jakòb te anseye sou fason Satan lolo nou pou rale nou lwen plan Papa nou ki nan Syèl la? Kisa nou aprann nan vèsè sa yo sou kote plan Papa nou ki nan syèl la ap mennen nou lè nou suiv li ak kote sa ap mennen nou si nou suiv Satan? (gade 2 Nefi 9:9, 18). Dapre vèsè sa yo, kisa nou ka fè pou nou pi totalman suiv plan Papa nou ki nan Syèl la?

  • Nan 2 Nefi 9:28–38, Jakòb avèti kont plizyè atitid ak konpòtman ki anpeche nou suiv plan Bondye genyen pou nou an. Mande manm klas yo pou yo chèche yo. Kiyès nan atitid ak konpòtman sa yo ki parèt espesyalman popilè jodia? Kisa k fè yo si danjere? Kisa nou aprann nan 2 Nefi 9:50–53 a sou fason pou nou evite danje sa yo?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Pou ede manm klas yo santi yo alèz pou yo li ekriti Ezayi yo Nefi te site nan 2 Nephi 11–24 yo, ou gen dwa eksplike yo ke Nefi te mete ekriti sa yo pou l te ka ranfòse lafwa pèp li a nan Jezikri. Envite yo pou konsidere tach lekti semèn pwochèn nan kòm yon opòtimite pou yo bati pwòp lafwa pa yo nan li.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Nou bezwen yon Sovè

Èldè Jeffrey R. Holland te rakonte istwa yon alpinis ki te an ekilib enstab sou pwent tèt yon mòn, san anyen pou te pwoteje l pou l pa t tonbe epi mouri. Lè l te kòmanse pa t ka kenbe pwent tèt sab wòch la ankò, li te santi men ti frè li ki te atrape ponyèt li epi l te rale l mennen nan sekirite. Èldè Holland te konpare eksperyans alpinis sa a avèk sitiyasyon nou nan mond dechi sa a:

“Te gen yon Adan ak Èv yo te reyèlman chase soti nan yon Jaden Edèn, avèk tout konsèkans chit sa a te pote avèk li. … Paske nou ne nan mond tonbe sa a epi paske nou menm tou nou t ap vin transgrese lwa Bondye yo, nou menm tou nou te kondane pou n resevwa menm chatiman Adan ak Èv yo.

“Ala yon dezespwa! Tout ras imèn nan te tonbe an chit lib—chak gason, chak fi, chak timoun nan ras sa a te fizikman trebiche desann al nan lanmò pèmanan, kote yo te espirityèlman plonje nan yon angwas etènèl. Èske se sa lavi a te sipoze ye? Èske sa a se sèn final eksperyans imèn nan? Èske nou tout pandye nan tèt yon mòn frèt yon kote nan yon inivè endiferan, kote nou chak ap chèche yon kote pou kore pye nou, kote nou chak ap chèche yon bagay pou nou gripe—san anyen pase sansasyon sab la k ap glise anba dwèt nou, san anyen pou sove nou, san anyen pou n akwoche nou, epi sètènman anyen ki pou kenbe nou? …

“Repons pou kesyon sa yo se yon non kategorikman ak etènèl! … Sakrifis Ekspyatwa [a] te kouwone viktwa total sou lanmò fizik la, pou pote rezirèksyon san kondisyon pou tout moun ki te fèt oubyen ki ap gen pou fèt nan mond sa a. Gras ak mizèrikòd li, li te pote padon tou pou peche pèsonèl tout moun, depi nan Adan rive jis nan fen mond la, a kondisyon pou yo repanti epi obeyi kòmandman diven yo” (“Kote jistis, amou, ak mizèrikod rankontre,” Ensign oubyen Liahona, Me 2015, 105–6).

Amelyore ansèyman nou

Rann temwayaj ou souvan. Temwayaj senp e sensè ou konsènan laverite a kapab gen yon enfliyans puisan sou moun w ap anseye yo. Li pa bezwen elokan ni twò long. Panse pou w rann temwayaj pèsonèl ou sou Sovè a pandan w ap anseye 2 Nefi 9 la.