Vini, Suiv Mwen
27 Janvye–2 Fevriye. 1 Nefi 16–22: “M ap prepare chemen an devan ou”


“27 Janvye–2 Fevriye. 1 Nefi 16–22: “M ap prepare chemen an devan ou,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Liv Mòmon 2020 (2020)

“Janvye–2 Fevriye. 1 Nefi 16–22,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2020

Imaj
Leyi k ap gade Lyawona a

Leyi ak Lyawona a, foto Joseph Brickey

27 Janvye–2 Fevriye

1 Nefi 16–22

“M ap prepare chemen an devan ou”

Pandan wap li 1 Nefi 16–22 a, panse sou fason egzanp Nefi devan difikilte yo ka ede moun nan klas ou yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Nefi te wè l enpòtan pou l te relye ekriti yo a limenm epi ak pèp li a (gade 1 Nefi 19:23). Panse pou w envite manm klas yo pou yo di ki prensip yo aprann nan istwa vwayaj Nefi a pou l t al nan tè pwomiz la ki gen relasyon avèk lavi pa yo.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

1 Nefi 16:10–16, 23–31; 18:10–13, 20–22

Bondye itilize ti mwayen pou l akonpli gwo bagay.

  • Èske ou menm oubyen yon moun nan klas ou a, ka panse a yon ti bagay piti nou ka itilize pou akonpli yon gwo bagay? (gade 1 Nefi 16:29). Ou gen dwa envite manm klas ou yo pou yo di kisa yo aprann osijè prensip sa a lè yo fin li ekriti sa yo endividyèlman oubyen an gwoup: 1 Nefi 16:25–31; Alma 37:3–8; ak Doktrin ak Alyans 64:33; 123:12–17. Kijan Bondye itilize ti mwayen pou l akonpli gwo bagay nan lavi nou?

  • Klas la ta ka benefisye nan yon diskisyon sou fason Papa ki nan Syèl la dirije chemen nou. Pou kòmanse, mande pou yo pou yo pale de prensip ki te pèmèt Lyawona a fonksyone yo (gade 1 Nefi 16:10–16, 23–31; 18:10–13, 20–22; gade Alma 37:38–47) tou. Nan ki fason nou ka konsidere prensip sa yo kòm “ti mwayen”? Fè yo fè yon lis sou tablo a sou bagay Bondye bay pou dirije nou (gade nan seksyon “Resous Adisyonèl” la pou ide). Ki ti aksyon nou ka fè pou nou resevwa direksyon Bondye?

Imaj
Leyi k ap itilize Lyawona a

Si w prepare ou p ap pè, pa Clark Kelley Price

1 Nefi 16:18–32; 17:7–16; 18:1–4

Lè nou kenbe kòmandman yo, Bondye ap ede nou fè fas a difikilte yo.

  • Manm klas ou yo gen dwa ap fè fas devan kèk tach ak difikilte ki parèt enposib. Kijan w ka itilize eksperyans Nefi devan tach ki te aparaman enposib li te genyen yo—pou l te nouri fanmi l nan dezè a ak konstwi yon bato—pou ede yo? Petèt yo ta ka li 1 Nefi 16:18–32; 17:7–16; ak 18:1–4, pou yo ka chèche prensip ki ka ede yo lè yo rankontre eprèv difisil (paregzanp, 1 Nefi 16:24–26 anseye ke lapriyè ak imilite pèmèt nou resevwa enspirasyon ak direksyon nan men Bondye). Pou kòmanse, ou gen dwa bayo egzanp sou yon prensip ou jwenn nan vèsè sa yo. Pandan y ap pataje sa yo jwenn, yo ka rakonte eksperyans pèsonèl ki ki anrapò avèk prensip sa a tou.

1 Nefi 16:18–32; 17:7–22

Lafwa mennen nan aksyon

  • Eksperyans Leyi ak fanmi l nan dezè a ilistre pouvwa lafwa ak konsekans enkwayans. Pou ede manm klas yo dekouvri verite sa yo, ou gen dwa ekri kesyon sa yo sou tablo a: Kijan lafwa Nefi te pouse l pou l aji? Ki benediksyon l te resevwa kòm rezilta? Ki konsekans enkwayans Laman ak Lemyèl la te genyen? Envite manm klas yo pou mete yo an gwoup pou yo ka chèche repons pou kesyon sa yo nan 1 Nefi 16:18–32 or 17:7–22 epi pataje sa yo jwenn.

1 Nefi 19:22–24

Nou ka aplike ekriti yo pou tèt pa nou.

  • Pou ede yo aprann kijan pou yo aplike ekriti yo pou tèt pa yo, yo gen dwa li egzanp sou fason Nefi te fè sa yo. Paregzanp, nan 1 Nefi 4:1–3 ak 17:23–32, 41–45, ki prensip Nefi te anseye lè l te aplike ekriti yo nan sitiyasyon fanmi l? Istwa Èldè Robert D. Hales la nan “Resous Adisyonèl” la ilistre kijan nou ka beni lè nou aplike ekriti yo a noumenm. Panse pou w mande manm klas yo pou yo idantifye kèk difikilte yo menm oubyen manm fanmi yo ap rankontre epi apresa pou yo chèche istwa nan ekriti yo ki ta ka ba yo ide ak èd nan sityasyon sa yo. Daprè 1 Nefi 19:22–24 la, kijan nou ka jwenn benediksyon lè nou aplike ekriti yo a noumenm?

  • Yon diskisyon sou 1 Nefi 19:22–24 la ta ka yon bèl opòtinite pou manm klas yo pataje fason yo “aplike ekriti yo” a yomenm ak fanmi yo, ansanm avèk benediksyon yo resevwa lè yo fè sa. Panse pou w fè yon lis sou tablo a sou ide manm klas yo genyen sou fason pou yo aplike ekriti yo a yomenm (pou kèk sigjesyon, gade nan lis ki nan seksyon “Resous Adisyonèl” la). Nan yon pwochèn klas, ou gen dwa envite yo pou yo pataje eksperyans te fè lè yo te itilize ide ki nan lis yo.

1 Nefi 20–21

Senyè a ap rasanble kay Izrayèl la nan dènye jou yo.

  • Pou ankouraje manm klas yo pataje ansèyman siyifikan yo te jwenn nan 1 Nefi 20–21 yo, panse pou w ekri antèt tankou sa yo sou tablo a: Piti Izraèl yo, Fanmi Leyi a, ak Moun nan epòk pa nou yo. Ba yo tan pou yo revize 1 Nefi 20–21 epi anba chak tit, yo ka ekri kijan pwofesi Ezayi yo aplike a gwoup sa yo.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Pou enspire yo pou yo li 2 Nefi 1–5, envite manm klas yo pou yo panse a sa yo t ap di fanmi yo si tan yo sou tè a te prèske fini. Fè yo wè ke premye chapit 2 Nefi yo gen dènye mesaj Leyi te bay fanmi li.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Video Liv Mòmon.

Chèche video ki dekri evènman ki nan 1 Nefi 16–22 yo nan koleksyon Video Liv Mòmon yo nan ChurchofJesusChrist.org oubyen app Bibilyotèk Levanjil la.

“Lyawona” pa nou.

Èldè David A. Bednar te anseye: “Sentespri a opere nan lavi nou egzakteman jan Lyawon a a te opere pou Leyi ak fanmi l lan, selon lafwa nou ak dilijan nou ak atansyon nou” (“That We May Always Have His Spirit to Be with Us,” Ensign oswa Liahona, Me 2006, 31).

Nan konferans jeneral Oktòb 2005 la, Èldè Lowell M. Snow nan Swasanndis yo te di: “Konferas jeneral sa a se yon Lyawona modèn, yon moman ak yon kote pou nou resevwa gidans ak direksyon enspire ki ap fè nou pwospere” (“La boussole du Seigneur,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2005, 97).

Prezidan Thomas S. Monson te anseye: “Menm Senyè ki te bay Leyi yon Lyawon a a bay oumenm avèk mwen yon kado ra ki gen gwo valè pou ba nou direksyon nan lavi nou jodia. … Kado m ap pale a se benediksyon patriyakal nou” (Thomas S. Monson, “Votre bénédiction patriarcale: un Liahona de lumière,” Ensign, Nov. 1986, 65).

Aplike ekriti yo a noumenm.

Èldè Robert D. Hales te anseye:

“Sa gen kèk ane, m t ap anseye jèn pitit gason m nan sou lavi frè Jarèd la ak eksperyans li yo. Malgre istwa a te trè enteresan, li pat twò enterese. M te mande l kisa istwa a vle di pou li pèsonèlman. Sa enpòtan anpil pou pitit nou yo lè nou mande yo: ‘Kisa sa vledi pou ou?’ Li te reponn: ‘Ou konnen, sa pa diferan de sa Joseph Smith te fè nan boskè sakre a lè l te priye epi l te resevwa repons la.’

“M te di, ‘Ou gen aviwon menm laj avèk Joseph. Èske w panse yon priyè konsa ta ka ede ou? Toudenkou, nou pa t ap pale de yon istwa ki te pase depi lontan nan yon peyi byen lwen ankò. Nou t ap pale de pitit gason m nan—de lavi li, bezwen li, ak fason lapriyè ka ede li.

“Antanke paran, nou gen responsablite pou n ede piti nou yo ‘aplike tout ekriti yo [anfèt, chak pati nan levanjil Jezikri a] a noumenm [epi a pitit nou yo], … [pou] pwofi ak enstriksyon [fanmi nou]’” (“Avec tout le sentiment d’un père tendre,” Ensign oswa Liahona, Me 2004, 90).

Sijesyon pou aplike ekriti yo.

  • Panse a evènman ak sikonstans nan epòk nou an ki sanble avèk sa k nan ekriti w ap li yo.

  • Chèche bagay moun konnen, yo aprann, oubyen yo fè nan ekriti yo ki ta ka ede w nan yon pwoblèm pèsonèl oubyen yon kesyon w genyen aktyèlman.

  • Idantifye ki prensip nan istwa sa a ki ka ede w nan pwòp sikonstans pa w.