Vini, Suiv Mwen
20–26 Janvye. 1 Nefi 11–15: “Ame avèk jistis ak pouvwa Bondye”


“20–26 Janvye. 1 Nefi 11–15: ‘Ame avèk jistis ak pouvwa Bondye,’” Vini Suiv, Mwen—Pou Lekòldidimanch: Liv Mòmon 2020 (2020)

“20–26 Janvye. 1 Nefi 11–15,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2020

Imaj
moun k ap manje fwi pyebwa lavi a

Pi dous pase tout sa ki dous, tablo Miguel Ángel González Romero

20–26 Janvye

1 Nefi 11–15

“Ame avèk jistis ak pouvwa Bondye”

Kòmanse preparasyon w pou anseye a avèk lekti 1 Nefi 11–15. Ekri ide ak enpresyon sou pasaj ak prensip ou pral ankouraje manm klas yo pou yo diskite yo. Ide sa yo ka ede.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Chapit sa yo gen prensip manm yo ta ka vle konsidere lè y ap pataje levanjil la avèk lòt moun. Panse pou w ekri kesyon tankou sa yo sou tablo a epi envite manm klas yo pou yo pataje sa yo te jwenn nan lekti yo te fè semèn sa a ki ka ede yo reponn kesyon sa yo:

  • Kisa Apostazi a ak Retablisman an ye?

  • Poukisa Liv Mòmon an nesesè?

  • Kòman m ka konnen verite Bondye yo pou tèt pa m?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

1 Nefi 11:1–5, 13–33

Bondye te voye Jezikri kòm yon ekspresyon amou li.

  • Yon zanj te montre Nefi senbòl ak evènman nan lavi Sovè a ki demontre amou Bondye. Li ta bon pou nou ta egzamine senbòl ak evènman sa yo nan klas la epi diskite sou fason yo demontre amou Bondye pou nou. Èske gen nenpòt foto, video, oubyen lòt èd vizyèl ou ta ka montre ki dekri kèk nan evèman nan vèsè sa yo? (gade, paegzanp, biblevideos.ChurchofJesusChrist.org). Kijan lavi ak ekspyasyon Sovè a ede w konprann amou Bondye pou ou?

1 Nefi 12–15

Bondye ap ede nou reziste anba enfliyans Satan.

  • Manm klas ou yo kapab kèkfwa santi yo tankou moun nan vizyon Nefi yo ki t ap ere nan gouf tenèb la oubyen ki t ap sibi mepri moun ki te nan gwo kay byen laj la. Ou ta ka mande klas la poukisa gouf tenèb la se yon bon senbòl pou tantasyon (gade 1 Nefi 12:17) epi poukisa gwo kay byen laj la se yon bon senbòl pou vye imajinasyon ak lògèy mond la (gade 1 Nefi 12:18). Apresa, ou gen dwa divize chapit 12–15 pami manm klas yo epi envite yo pou yo chèche vèsè ki anseye kijan Bondye ap ede nou simonte tantasyon, vanite, ak lògèy (gade, paregzanp, 1 Nefi 13:34–40; 14:14).

  • Kijan w ka ede yo pi byen konprann pouvwa ki genyen nan pawòl Bondye a? (gade 1 Nefi 15:24). Ou gen dwa envite yo pou yo diskite sou kesyon tankou sa yo: Kisa Nefi te aprann konsènan pouvwa pawòl Bondye a? HowKijan Satan eseye pyeje pawol Bondye a? (gade 1 Nefi 13:26–29). Kisa Senyè a ak pwofèt li yo fè pou prezève pawòl li? Kòm yon pati nan diskisyon an, ou ta ka mande kèk nan manm klas yo pou yo di kijan yo etidye ekriti yo ak kisa yo fè pou yo fè pawòl Bondye a fè pati lavi kotidyèn yo.

1 Nefi 13

Senyè a te prepare chemen pou retablisman Legliz li a.

  • Petèt yon lis kwonolojik ta ka ede manm klas yo konprann vizyon Nefi a sou evènman Retablisman yo. Ou gen dwa envite yo pou yo kreye youn sou tablo a, avèk evènman yo jwenn ki dekri nan 1 Nephi 13 yo. Kiyès nan evènman sa yo ki deja pase? Kiyès k ap pase kounyeya? Panse pou w pataje sitasyon George Washington, premye prezidan Etazini a ki nan seksyon “Resous Adisyonèl” la, ki montre ke l te rekonèt enfliyans Bondye nan Revolisyon Amerikèn nan, yon evènman ki te prepare chemen pou Retablisman an.

  • Kinjan manm klas la ta itilize 1 Nefi 13 pou eksplike pou yon moun nan yon lot konfesyon lafwa poukisa Retablisman an te nesesè? (paregzanp gade 1 Nefii 13:26–29, 35–42). Ki lòt ekriti manm klas yo ta ka ititlize pou ede lòt moun konprann poukisa Rezireksyon an te nesesè? (pou kèk ezanp, gade Gid pa sijè, “Retablisman Levanjil la”) Manm klas yo ta ka benefisye nan jwe yon wòl sou fason yo ta ka eksplike yon moun nesesite pou Retablisman an ak fason l beni yo.

1 Nefi 13:20–41

Liv Mòmon an anseye verite klè ak presye.

  • Li ta bon si w ta itilize 1 Nefi 13:20–41 an pou kòmanse yon diskisyon sou rezon k fè nou bezwen Liv Mòmon an. Manm klas yo ta ka fè lis kèk nan “bagay klè ak presye” ki te pèdi nan Bib la epi ki te retabli atravè Liv Mòmon an (pou kèk egzanp, gade nan vèsè 26 ak 39 oubyen nan lis ki nan seksyon “Resous Adisyonèl ” la). Ou gen dwa mande yo tou pou yo di kijan “bagay klè ak presye” ki te retabli yo te ede yo vin pi pre Bondye.

    Imaj
    yon fanmi k ap li ekriti yo

    Lespri a ka ede nou dekouvri “verite klè ak presye yo” pou tèt pa nou.

  • Konsidere pase video “Liv Mòmon an—Yon Liv Bondye” a (ChurchofJesusChrist.org), epi envite manm klas yo pou yo pataje kisa video sa a anseye konsènan rezon k fè nou bezwen Liv Mòmon an. Oubyen ou gen dwa envite yo pou yo desine ilistrasyon yo dekri nan sitasyon Èldè Tad R. Callister a ki nan seksyon “Resous Adisyonèl” la sou tablo a. Apresa, mande yo pou yo di kijan Liv Mòmon an ede yo pi byen konprann levanjil Jezikri a.

Imaj
Senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Pou ankouraje manm klas yo pou yo li 1 Nefi 16–22 pandan semèn pwochèn nan, ou ta ka mansyone ke leson an gen yon istwa ki ka enspire yo ak ede yo lè yo mande yo pou yo fè yon bagay ki parèt enposib.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Video Liv Mòmon.

Chèche video ki dekri evènman ki nan 1 Nefii 11–15 yo nan koleksyon video Liv Mòmon an nan ChurchofJesusChrist.org oubyen nan app Bibliyotèk Levanjil la.

Men Bondye nan Revolisyon Amerikèn nan.

George Washington te di: “Yon moun dwe vrèman yon move moun si l ta gade evènman Revolisyon Amerikèn yo san l pa santi yon pwofon rekonesans pou gran Kreyatè Linivè a ki te manifeste entèvansyon divin ni si souvan an favè nou an”(Letter to Samuel Langdon, Sept. 28, 1789, founders.archives.gov/documents/Washington/05-04-02-0070).

Prezidan Russell M. Nelson, lis yo nan Liv Moman an.

Nan “Liv Mòmon an: kisa lavi w t ap ye san li?” (Ensign oubyen Lyawona, Nov. 2017, 60–63).

Liv Mòmon an demanti nosyon ki di:

  • Pa gen lòt revelasyon apre Bib la.

  • Ti bebe bezwen batize.

  • Moun ka jwenn bonè nan inikite.

  • Bonte pèsonèl sifi pou egzaltasyon (òdonans ak alyans yo nesesè).

  • Chit Adan an tache limanite avèk “peche orijinèl.”

Liv Mòmon an klarifye konpreyansyon nou sou:

  • Egzistans premòtèl nou.

  • Lanmò. Se yon bagay ki nesesè pou gran plan bonè Bondye a.

  • Egzistans apre lanmò, ki kòmanse nan paradi.

  • Kijan rezirèksyon kò a, reyini avèk lespri a, vin tounen yon nanm imòtèl.

  • Kijan Senyè a pral jije nou daprè aksyon nou ak dezi kè nou.

  • Fason apwopriye pou akonpli òdonans yo: paregzanp, batèm, sentsèn, konfere Sentespri a.

  • Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a.

  • Rezirèksyon an.

  • Wòl enpòtan zanj yo jwe.

  • Nati etènèl prètriz la.

  • Kijan konpòtman lèzòm enfliyans plis pa pouvwa pawòl la ke pouvwa epe.

Nou bezwen Liv Mòmon an.

Eldè Tad R. Callister te anseye:

“Bib la se yon temwen Jezikri; Liv Mòmon an se yon lòt. Poukisa dezyèm temwen an si enpòtan konsa? Ilistrasyon sa a ka petèt ede: Konbyen liy dwat ou ka trase atravè yon sèl pwen sou yon moso papye? Repons la se enfini. Pandan yon moman, annou sipoze ke sèl pwen sa a reprezante Bib la epi pakèt santèn liy dwat sa yo ki sòti nan pwen sa a reprezante diferant entèpretasyon Bib la, epi chak enteprètasyon sa yo reprezante yon legliz diferan.

“Men, kisa k ap rive si sou moso papye sa a, gen yon dezyèm pwen ki reprezante Liv Mòmon an? Konbyen liy dwat ou ta ka trase ant de pwen referans sa yo: Bib la ak Liv Mòmon an? Yon sèl. Se yon sèl entèpretasyon doktrin Kris la ki siviv temwayaj de temwen sa yo” (“Liv Mòmon an—yon Liv Bondye,” Ensign oubyen Liahona, Nov. 2011, 75).

Amelyore Ansèyman Nou

Dirije diskisyon ki enspire. Chak moun gen yon bagay pou l kontribye nan diskisyon nan klas la, men pafwa se pa tout moun ki gen yon chans pou fè sa. Chèche fason pou w ogmante opòtinite pou manm klas yo pataje temwayaj yo. (Gade Anseye nan Fason Sovè a, 33.)