Vini, Suiv Mwen
30 Desanm–5 Janvye. Paj entwodiksyon Liv Mòmon an: “Yon lòt temwayaj konsènan Jezikri”


“30 Desanm–5 Janvye. Paj entwodiksyon Liv Mòmon an: ‘Yon lòt temwayaj konsènan Jezikri,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Liv Mòmon: 2020 (2020)

“30 Desanm–5 Janvye. Paj entwodiksyon Liv Mòmon an,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2020

Imaj
Plak lò yo.

30 Desanm–5 Janvye

Paj entwodiksyon Liv Mòmon an

“Yon lòt temwayaj konsènan Jezikri”

Etidye paj tit Liv Mòmon an ansanm ak entwodiksyon an; temwayaj Twa Temwen yo, temwayaj Yuit Temwen yo; ak temwayaj Pwofèt Joseph Smit la; ak “Yon brèf eksplikasyon konsènan Liv Mòmon an.” Pandan wap fè sa, chèche enspirasyon nan men Sentespri a sou fason w ka enspire klas ou a pou kòmanse yon etid siyifikan nan Liv Mòmon an.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Pou kòmanse, ou gen dwa envite kèk moun pou yo pataje yon bagay yo te aprann nan paj entwodiksyon Liv Mòmon an ki te ogmante temwayaj yo konsènan liv sakre sa a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Paj tit Liv Mòmon an

Liv Mòmon an ka ranfòse lafwa nou nan Jezikri.

  • Lè yo li paj tit Liv Monmon an Moroni te ekri yo, sa ka prepare manm klas ou yo pou yo etidye Liv Mòmon an ane sa a. Kijan mesaj ki nan paj tit yo ka amelyore etid yo? Petèt ou ta ka ekri youn oubyen plis kesyon sou tablo a—tankou Poukisa nou gen Liv Mòmon an? oubyen Nan ki fason Liv Mòmon an diferan de lòt liv?—epi envite manm klas yo pou yo chèche repons pandan y ap revize paj tit la endividyèlman oubyen de pa de. Apresa, yo ta ka pataje enpresyon yo resevwa. Epi tou, ou gen dwa ankouraje yo pou yo pale de plan yo fè pou yo etidye Liv Mòmon an ane sa a. Paregzanp, kisa yo pral chèche ladan l? Kijan yo pral aprann nan men Sentespri a pandan y ap etidye l la?

  • Nou jwenn youn nan objektif ki pi enpòtan Liv Mòmon an genyen nan paj tit li a: pou konvenk “Juif ak Janti yo, ke Jezi se Kris la.” Ou gen dwa envite manm yo pou yo pataje pasaj nan Liv Mòmon an ki te ranfòse lafwa yo nan Jezikri (yo gen dwa li kèk pasaj ki nan lis seksyon “Resous Adisyonèl” la tou). Manm klas yo ta ka li kèk nan pasaj sa yo avèk yon moun ki chita bòkote yo epi yo ka di kijan Liv Mòmon an enfliyanse temwayaj yo sou Sovè a.

Entwodiksyon Liv Mòmon an

Liv Mòmon an ka ede nou “vin pi pre Bondye.”

  • Entwodiksyon Liv Mòmon an bay enfòmasyon ki enpòtan pou moun k ap li yo konprann. Manm klas ou yo ta ka benefisye si yo fè koudèy nan entwodiksyon an pou yo idantifye twa a senk pwen ki ta ka itil yo lè y ap fè yon konvèsasyon avèk yon moun k ap li Liv Mòmon an pou lapremyè fwa. Apresa, manm klas yo ta ka pataje sa yo jwenn. Yo gen dwa menm jwe wòl pou montre jan y ap prezante Liv Mòmon an bay yon moun. Video yo sigjere nan seksyon “Resous Adisyonèl” la ka ede tou.

  • Petèt ka gen kèk manm nan klas ou a ki te fè eksperyans ki konfime verasite pawòl sa yo Joseph Smith te di a: “Yon moun ka apwoche pi pre Bondye lè l obeyi presèp ki nan [Liv Mòmon yo], pase nenpòt lòt liv.” Mande yo pou yo eksplike kijan lè yo suiv verite yo aprann nan Liv Mòmon yo, sa ede yo vin pi pre Bondye. Ou gen dwa envite yo pou yo pataje repons pou twa kesyon sa yo Prezidan Russell M. Nelson te sigjere yo: “Premyèman, kijan lavi w t ap ye san Liv Mòmon an? Dezyèmman, kisa w pa t ap konnen? Epi twazyèmman, kisa w pa t ap genyen? (“Liv Mòmon an: Kisa lavi w t ap ye san li? Ensign oswa Liahona, Nov. 2010, 129).

  • Èske gen moun nan klas ou a ki te li kèk pasaj nan Liv Mòmon an ki gen diferan non pou plan sali a, jan yo sigjere nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a? Si wi, envite yo pou pataje sa yo te aprann.

Temwayaj Twa Temwen yo”; “Temwayaj Yuit Temwen yo

Nou tout ka temwen Liv Mòmon an.

  • Etidye temwayaj Twa ak Yuit temwen yo ta ka ranfòse temwayaj manm klas ou yo epi ede yo medite sou fason yo ta ka pataje temwayaj pa yo. Ou gen dwa mande mwatye klas la pou yo li “Temwayaj Twa Temwen yo” epi rès mwatye a li “Temwayaj Yuit Temwen yo” epi pataje kisa yo te santi oubyen oubyen detay ki te make yo. Nan kisa de temwayaj yo diferan? Kijan yo sanble? Kisa nou aprann nan men temwen sa yo konsènan pataje temwayaj nou? Pou kòmanse yon diskisyon sou rezon ki fè Twa Temwayaj yo enpòtan an, ou ka pataje deklarasyon Prezidan Dallin H. Oaks la oubyen pa John Whitmer a ki nan seksyon “Resous Adisyonèl” la, oubyen ou gen dw apase video “Temwayaj Twa Temwen yo” (ChurchofJesusChrist.org).

Imaj
Joseph Smith ak Twa Temwen yo ap priye ansanm

Twa Temwen yo te rann temwayaj yo konsènan Liv Mòmon an.

Temwayaj Pwofèt Joseph Smith

Joseph Smith te yon enstriman nan men Bondye pou l te fè parèt Liv Mòmon an.

  • Manm klas yo gen dwa petèt deja familye avèk evenman yo dekri nan “Temwayaj Pwofèt Joseph Smith la,” men petèt, ou ka ede yo jwenn nouvo limyè. Paregzanp, ou ta ka envite yo pou yo fè lis evenman kle yo nan resi Joseph Smith la. Ki konklizyon nou ka tire nan eksperyans li a sou enpòtans Senyè a mete nan Liv Mòmon an?

  • Kantik “Un ange saint de Dieu” (Cantiques, no. 8) la pale nou de parisyon Liv Mòmon an. Apre yo fin chante oubyen koute kantik sa a, manm klas yo ta ka chèche deklarasyon nan “Temwayaj Pwofèt Joseph Smith la” ki koresponn avèk fraz yo nan kantik la oubyen ki ranfòse yo.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Pou enspire manm klas yo li 1 Nefi 1–7, envite yo pou yo chèche ide oubyen verite ki ap ede yo nan sitiyasyon aktyèl yo—paregzanp, yon pwoblèm familyal oubyen yon apèl nan Legliz la.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Pasaj nan Liv Mòmon an ki temwaye konsènan Jezikri.

Video sou Liv Mòmon an nan ChurchofJesusChrist.org.

  • “Entwodiksyon Liv Mòmon an”

  • “Kisa Liv Mòmon an ye? Yon koudèy 60-Segond”

  • “Yon Istwa Liv Mòmon an”

Pou plis video, gade nan Koleksyon Video Liv Mòmon an nan ChurchofJesusChrist.org oubyen app Bibliyotèk Levanjil la.

Enpòtans Twa Temwen yo.

President Dallin H. Oaks te eksplike poukisa temwayaj Twa Temwen yo tèlman enpòtan:

Temwayaj Twa Temwen Liv Mòmon yo kanpe avèk anpil fòs. Chak nan twa temwen sa yo te gen bon rezon ak opòtinite pou te rejte temwayaj yo a si l te fo, oubyen pou yo te chanje detay yo si yo pa t byen egzat. Kòm nou tout konnen, poutèt dezakò oubyen jalouzi ki te enplike lòt dirijan nan Legliz la, yo te ekskominye chak nan Twa Temwen sa yo nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo nan anviwon yuitan apre piblikasyon temwayaj yo a. Chak Twa Temwen yo t al suiv wout pa yo, san okenn enterè komen ke yon moun ta ka itilize pou akize yo de konnivans. Men, nen fen lavi yo—peryòd ki te petèt ant 12 a 50 ane apre ekskominikasyon yo—yo youn nan temwen sa yo pa t renye temwayaj yo te publiye a ni yo pa t janm di onkenn bagay ki te montre yon dout sou verasite li” (“Temwen yo: Martin Harris,” Ensign, Me 1999, 36).

Temwayaj John Whitmer.

John Whitmer, youn nan Yuit Temwen Liv Mòmon yo te deklare: “M pa janm tande okenn nan twa oubyen nan yuit temwen yo janm renye temwayaj yo te bay la. … Non nou al nan pami tout nasyon, lang ak pèp kòm yon revelasyon divin ki soti nan men Bondye. Epi liv la ap akonpli plan Bondye yo konfòmeman avèk deklarasyon ki ladan l lan” Noel B. Reynolds, ed., Book of Mormon Authorship Revisited: The Evidence for Ancient Origins [1997], 55–56).

Amelyore ansèyman nou

Chèche pwòp enspirasyon pa w. Olye w konsidere plan leson sa yo kòm enstriksyon ou dwe suiv alalèt, itilize yo pito pou w ka jwenn ide oubyen pou w ka resevwa pwòp enspirasyon pa w pandan w ap medite sou bezwen moun w ap anseye yo.