Vini, Suiv Mwen
Yon modèl pou anseye


“Yon modèl pou anseye,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Liv Mòmon 2020 (2020)

“Yon modèl pou anseye,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2020

Imaj
Enstriktè pou klas Lekòldidimanch pou jèn yo

Yon modèl pou anseye

Nan manyèl sa a, w ap jwenn chema sa a repete nan chak plan leson: envite pataj, anseye doktrin nan, ak ankouraje aprantisaj lakay. Nan plizyè ka, lè w ap anseye, ou gen dwa wè nesesite pou w anseye eleman yo nan chema sa youn anvan lòt oubyen nan yon lòd diferan. Paregzanp, konsidere ke pataj la se yon opotinite pou w anseye doktrin nan, epi anseye doktrin nan dwe gen envitasyon pou pataje. Menmjan tou, ankouraje aprantisaj lakay la kapab fèt pandan yon diskisyon nan klas la. Kite chanjman sa yo fèt tou natirèlman, kote w ap suiv enfliyans Lespri a pou w reponn bezwen moun w ap anseye yo.

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Kòm pati klas, envite manm klas yo pou yo pataje ide yo te genyen ak eksperyans yo te fè pandan semèn pase a lè yo t ap etidye ekriti yo pèsonèlman epi avèk fanmi yo ak aplike sa yo te aprann. Ede manm klas yo wè ke l enpòtan pou yo aprann menm lè yo pa nan klas la tou. Konvèsyon pèsonèl yo ap fèt non sèlman atravè aprantisaj jou Dimanch yo, menm atravè eksperyans yo fè chak jou tou. Lè manm klas yo tande eksperyans yonn lòt, yo plis gen tandans pou yo enspire pou yo chèche menm kalite eksperyans yo pou tèt pa yo.

Se pa tout moun ki pral li chapit pou chak leson yo, e gen menm kèk nan pami sa ki te li yo ki gen dwa pa santi yo konfòtab pou yo pataje. Asire w ke tout manm klas yo santi yo se yon pati valab nan klas la, keseswa yo gen yon bagay pou yo pataje ou pa.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Oumenm ak manm klas ou yo ta dwe konsantre sou doktrin nan—verite etènèl levanjil yo—ke w ap jwenn nan pasaj ekriti yo bay yo. Lè w ap diskite sou doktrin ki nan ekriti yo, ki vèsè, ki sitasyon, ki eksperyans, ki kesyon ak resous adisyonèl ou ta ka pataje? Kijan w ka itilize resous sa yo pou ede manm klas yo dekouvri ak konprann prensip levanjil yo? Kijan w ka ankouraje manm klas yo pou yo ekri ide ak enpresyon yo resevwa yo epi pou yo suiv yo?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Nan fen leson an, pran yon moman pou w bay yon apèsi sou diskisyon semèn apre a. Reflechi sou fason pou w enspire manm klas yo pou yo kontinye aprann nan Nouvo Testaman an lakay yo, endividyèlman epi avèk fanmi yo.