Vini, Suiv Mwen
Resous adisyonèl


“Resous adisyonèl,” Vini, Suiv Mwen—Pou LekòlDidimanch: Liv Mòmon 2020 (2020)

“Resous adisyonèl,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2020

Resous adisyonèl

Nou ka jwenn majorite resous sa yo nan app Bibliyotèk Levanjil la ak nan ChurchofJesusChrist.org.

Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo

Ou ka adapte nenpòt aktivite ki nan manyèl sa a pou w itilize nan klas Lekòldidimanch ou a. Si manm klas yo itilize aktivite sa yo nan etid ekriti pèsonèl oubyen familyal yo, ankouraje yo pou yo pataje eksperyans yo ak enpresyon yo.

Revi Legliz yo

New Era, Ensign, ak Lyawona bay atik ak lòt dokimantasyon ki ka konplete prensip w ap anseye yo nan Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch la.

Cantiques ak Chants pour les enfants

Mizik sakre envite Lespri epi l anseye doktrin nan nan yon fason inoubliyab. Anplis vèsyon enprime Cantiques ak Chants pour les enfants yo, ou ka jwenn anpil kantik ak chan pou timoun nan music.ChurchofJesusChrist.org ak nan app LDS Music la.

Medyatèk

Ilistrasyon, videyo, ak lòt medya ka ede moun w ap anseye yo vizyalize doktrin nan ak istwa nou jwenn nan Liv Mòmon an. Vizite medialibrary.ChurchofJesusChrist.org pou fè yon koudèy sou koleksyon resous media Legliz la genyen yo, ansanm avèk seri video sou Bib la, ki dekri evenman nan Liv Mòmon yo. Gen resous medya ki disponib nan app Bibliyotèk Levanjil SDJ a tou.

Ilistrasyon Levanjil

Ilistrasyon yo kapab ede timoun yo vizyalize doktrin ak istwa yo ki nan Liv Mòmon an. Gen anpil imaj ou ka itilize nan klas la ke w ap jwenn nan Liv Ilistrasyon Levanjil la, nan medialibrary.ChurchofJesusChrist.org, ak nan app Bibliyotèk Mizik Levanjil SDJ yo

Liv Seminè ak Enstiti

Liv seminè ak enstiti yo bay kontèks istorik ak kòmantè doktrinal pou prensip nou jwenn nan ekriti yo. Yo gen dwa ba w ide pou anseye klas Lekòldidimanch yo tou.

Sijè Levanjil

Nan topics.ChurchofJesusChrist.org ou ka jwenn enfòmasyon debaz sou yon varyete sijè levanjil, ansanm avèk lyen pou enfòmasyon itil, tankou bagay ki gen anrapò avèk diskou konferans jeneral, atik, ekriti ak video. Ou ka jwenn Gospel Topics Essays (Tèks sou sijè Levanjil) tou, ki ofri repons an pwofondè pou kesyon sou levanjil la.

Ankre nan Lafwa

Liv sa a bay eksplikasyon senp sou kèk sijè levanjil, ki klase nan lòd alfabetik.

Preche Levanjil Mwen an

Manyèl pou misyonè sa a ofri yon apèsi sou prensip debaz levanjil yo.

Pou fòs jèn yo

Livrè sa a souliyen prensip Legliz ki ka ede nou rete diy pou benediksyon Senyè a. Panse pou w konsilte yo souvan, espesyalman si w ap anseye jèn yo.

Anseye nan fason Sovè a

Liv sa a ka ede w aprann ak aplike prensip pou anseye nan fason Kris la. Nan reyinyon konsèy enstriktè yo, nou diskite sou prensip sa yo epi fè pratik avèk yo.

Imaj
tablèt ki montre Bibliyotèk Levanjil la