Vini, Suiv Mwen
Ou se yon Enstriktè nan Legliz Jezikri a


“Ou se yon Enstriktè nan Legliz Jezikri a,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo Testaman 2020 (2020)

“Ou se yon Enstriktè nan Legliz Jezikri a,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2020

Imaj
Jezi ap anseye moun

Ou se yon enstriktè nan Legliz Jezikri a.

Bondye aple ou pou anseye pitit li yo nan fason Sovè a. Yo te mete w apa pou apèl sa a pa otorite sent prètriz li a. Menmsi w pa yon enstriktè ki gen eksperyans, si w viv diy, ou priye chak jou, epi ou etidye ekriti yo, Papa nou ki nan syèl la ap akòde w enfliyans ak pouvwa Sentespri a (gade nan 2 Nefi 33:1).

Moun yo konfye w yo se pitit Bondye, epi li konn kisa yo bezwen ak pi bon fason pou touche yo. Atravè Sentespri a, w ap jwenn direksyon pandan w ap prepare ak pandan w ap anseye. Lap revele w sa pou w di ak sa w dwe fè (gade 2 Nefi 32:5).

Objektif prensipal aprantisaj levanjil la se pou chanje lavi. Objektif ou kòm enstriktè se pou ede moun w ap anseye yo fè tout sa yo kapab pou yo vin konvèti nan levanjil Jezikri a—yon objektif ki ale pi lwen pase tan w ap pase nan klas la. Envite moun wap anseye yo pou yo patisipe aktivman nan pwòp aprantisaj pèsonèl yo sou prensip ak doktrin Jezikri yo epi pou yo aplike sa yo aprann yo. Ankouraje yo pou yo fè etid pèsonèl ak etid familyal lè yo pa nan klas la vin premye sous nan aprantisaj yo nan levanjil la. Si yo aji ak lafwa epi yo etidye endividiyèlman epi avèk fanmi yo, y ap envite Lespri a nan lavi yo epi y ap beni pi pwofondeman pase nenpòt sa enstriktè a ta ka ba yo. Tout bagay ou fè antanke enstriktè dwe ale nan sans objektif sakre sa a.

Anseye sèlman doktrin levanjil retabli Jezikri a jan nou jwenn li nan ekriti yo ak nan pawòl pwofèt dènye jou yo. Doktrin pure la—verite etènèl ak enchanjab Bondye ak sèvitè l yo anseye yo—envite Lespri epi li gen pouvwa pou chanje lavi.

Apèl pou anseye a se yon responsablite sakre, e se nòmal pou w santi w depase pafwa. Men, sonje se Bondye ki aple ou, e li p ap janm abandone ou. Sa a se travay Bondye, epi, si w sèvi “avèk tout kè w, tout pouvwa ou, ak tout panse w, ak tout fòs ou” (DA 4:2), l ap ogmante kapasite ou, don w, ak talan ou, epi sèvis ou va vin yon benediksyon nan lavi moun w ap anseye yo.