Ekriti yo
1 Nefi 12


Chapit 12

Nan vizyon, Nefi wè tè pwomiz la; lajistis, inikite ak dekadans abitan li yo; aparisyon Ti Mouton Bondye a nan pami yo; kòman Douz Disip ak Douz Apot yo pral jije Izrayèl; e malpwòp ak eta salte moun ki rete nan enkwayans yo. Anviwon 600–592 anvan Jezikri.

1 Epi, se te konsa, zanj la te di m: Gade, epi kontanple desandan w yo ak desandan frè w yo. Epi m te gade, m wè atè pwomiz la. Epi, m te wè anpil moun, wi, se tankou m te wè menm kantite moun avèk grenn sab bò lanmè.

2 Epi, se te konsa, m te wè anpil anpil moun ki te rasanble ansanm pou yo goumen, youn kont lòt; m te wè alagè, e m te tande bri ak mouvman konsènan lagè, e pakèt masak fèt avèk kout epe nan pami pèp mwen an.

3 Epi, se te konsa, m te wè plizyè jenerasyon pase nan mitan lagè ak chirepit nan peyi a; e m te wè anpil vil, wi, tèlman anpil, m pa konte yo.

4 Epi, se te konsa, m te wè yon agouf btenèb sou sifas tè pwomiz la; m te wè zeklè e m te tande loray ak tranbleman tè ak tout kalite bri terib; m te wè tè a ak wòch yo fann; m te wè mòn yo chavire fè ti mòso; m te wè plèn yo ki sou tè a fann; m te wè anpil vil ki te cnwaye; m te wè anpil moun ki te boule nan dife; e m te wè anpil ki te tonbe atè a, poutèt tranbleman tè a.

5 Epi, se te konsa, lè m fin wè bagay sa yo, m te wè avapè tenèb la retire kò l sou sifas tè a; e m te wè anpil foul moun ki pa t tonbe poutèt gran jijman terib Senyè a.

6 M te wè syèl la louvri, e Ti aMouton Bondye a t ap desann sòti nan syèl la; li te desann, e li te fè yo wè l.

7 M te wè, e m rann temwayaj Sentespri a te desann sou adouz lòt, Bondye te òdone yo, e li te chwazi yo.

8 Epi, zanj la te pale avèk mwen, li di: Gade douz disip Ti Mouton an te chwazi pou sèvi desandan w yo.

9 Epi, li te di m: Èske w sonje adouz apot Ti Mouton an yo? Se yo menm ki pral bjije douz tribi Izrayèl yo; menm jan an, yo pral jije douz minis desandan w yo, paske ou fè pati nan kay Izrayèl la.

10 Epi, adouz minis sa yo ou wè a pral jije desandan w yo. Epi gade, yo jis pou tout tan; paske, poutèt lafwa yo nan Ti Mouton Bondye a, brad yo te vin blanchi nan san li.

11 Epi, zanj la te di m: Gade! E m te gade, m wè atwa jenerasyon pase nan lajistis; e rad yo te blan tankou rad Ti Mouton Bondye a. Epi, zanj la te di m: Moun sa yo blanchi nan san Ti Mouton an, poutèt lafwa yo nan li.

12 Epi, mwen menm, Nefi, m te wè anpil moun nan akatriyèm jenerasyon an pase nan jistis tou.

13 Epi, se te konsa, m te wè foul yo sou tè a rasanble ansanm.

14 Epi, zanj la te di m: Men desandan w yo, ak desandan frè w yo.

15 Epi, se te konsa, m te gade e m wè desandan m yo rasanble ansanm fè bann akont desandan frè m yo; e yo te rasanble ansanm pou yo goumen.

16 Zanj la te pale avèk mwen, li di: Men fontèn dlo asal papa w te wè a; wi, brivyè sa a li te pale a menm; e pwofondè l se pwofondè clanfè a.

17 Epi, agouf tenèb yo se tantasyon dyab la, ki bvegle je e ki fè kè pitit lèzòm di, pou l mennen yo nan chemen claj yo pou yo peri epi pou yo pèdi.

18 Epi, gwo akay byenlaj papa w te wè a, se vye bimajinasyon ak clògèy pitit lèzòm. Epi, yon gwo dgouf terib separe yo; wi, pawòl elajistis Bondye Etènèl la, ak Mesi a ki se Ti Mouton Bondye a tou. Sentespri a rann temwayaj konsènan li depi nan kòmansman mond lan kounyeya, e depi kounyeya pou tout tan.

19 Epi, pandan zanj la t ap pale pawòl sa yo, m te gade e m wè desandan frè m yo t ap goumen kont desandan m yo, daprè pawòl zanj la; epi poutèt lògèy desandan m yo, ak atantasyon dyab la, m te wè desandan frè m yo te bdomine desandan m yo.

20 Epi, se te konsa, m te gade epi m te wè desandan frè m yo te domine desandan m yo; e yo t al fè bann sou sifas peyi a.

21 M te wè yo rasanble ansanm pou fè bann; m te wè alagè ak bri lagè nan pami yo; e nan lagè ak mouveman pou lagè, m te wè anpil jenerasyon pase.

22 Epi, zanj la te di m: Moun sa yo pral atonbe nan enkwayans.

23 Epi, se te konsa, m te wè, lè yo te fin tonbe nan enkwayans, yo te vin tounen yon pèp afonse, degoutan, bsal, ki te plen cparès ak tout kalite abominasyon.