Ekriti yo
1 Nefi 9


Chapit 9

Nefi fè de gwoup rejis—Yo chak rele liv Nefi—Pi gwo plak yo gen istwa òdinè; pi piti plak yo plis pale konsènan bagay sakre. Anviwon 600–592 anvan Jezikri.

1 Epi tout bagay sa yo papa m te wè, te tande ak li te pale yo pandan li te rete anba tant ki nan avale Lemyèl la, epi tou youn bann lòt gwo bagay ankò ki pa kapab ekri sou plak sa yo.

2 Epi kounyeya, menm jan m te pale konsènan plak sa yo, se pa sou plak sa yo m ekri tout istwa pèp mwen an; paske plak kote m ekri tout istwa pèp mwen an, mwen te rele yo Nefi; se poutèt sa, yo rele plak Nefi, daprè non pa m; epi plak sa yo rele aplak Nefi tou.

3 Kanmèm, m te resevwa kòmandman nan men Senyè a pou m te fè plak sa yo, pou arezon espesyal sa a, pou kapab gen ekri konsènan bministè pèp mwen an.

4 Sou lòt plak yo ta dwe gen istwa gouvènman wa yo, ak lagè yo, ak chirepit pèp mwen an; se sa ki fè, plak sa yo se pou pi gwo pa ti ministè a; epi alòt plak yo pou pi gran pa ti gouvènman wa yo ak lagè ak chirepit pèp mwen an.

5 Sè sa ki fè, Senyè a te kòmande m pou m fè plak sa yo pou yon rezon ki asaj nan li, rezon sa a m pa konnen l.

6 Men, Senyè a akonnen tout bagay depi nan kòmansman; se poutèt sa li prepare yon mwayen pou l akonpli tout travay li nan pami pitit lèzòm; paske li gen tout bpouvwa pou l akonpli tout pawòl li yo. Epi se konsa sa ye. Amèn.