Ekriti yo
1 Nefi 21


Chapit 21

Mesi a pral yon limyè pou Janti yo, e li pral libere prizonye yo—Izrayèl pral rasanble avèk pouvwa nan dènye jou yo—Wa a pral sèvi yo kòm papa pou nouri yo—Konpare ak Ezayi 49. Anviwon 588–570 anvan Jezikri.

1 Epi, ankò: Koute, O, w menm kay Izrayèl la, tout moun ki rache e ki chase poutèt mechanste pastè pèp mwen yo fè; wi, tout moun ki chase e ki dispèse lòtbò dlo, ki fè pati nan pèp mwen an, O, kay Izrayèl la. Tande m, O, azile yo, e tande tout pèp mwen ki rete blwen anpil, Senyè a te chwazi m depi nan vant; li te rele m depi nan zantray manman m.

2 Epi, li te fè bouch mwen tankou yon epe file; li te kache m nan lonbraj pla men l, e li te fè m tounen yon flèch poli; li te kache m nan bwat li;

3 Epi, li te di m: O Izrayèl, w se asèvitè ki gen pou ban m laglwa.

4 Apre, m te di; m te travay pou anyen, m te gaspiye fòs mwen pou anyen e anven; m konnen se Senyè a k ap jije m e travay mwen ak Bondye m nan.

5 E kounyeya, Senyè ki te afòme m nan vant manman m pou m te kapab sèvi l la, pou m te kapab fè Jakòb retounen vin jwenn li ankò—menm si Izrayèl pa rasanble, m ap glorifye devan je Senyè a, e m ap jwenn fòs nan Bondye m nan.

6 Epi, li te di: Se pa anyen si w ta tounen sèvitè m pou w leve atribi Jakòb yo e restore moun ki prezève nan Izrayèl yo. M ap mete w tankou yon blimyè pou cJanti yo pou w kapab reprezante sali m tout kote sou tè a.

7 Senyè a, Redanmtè Izrayèl la, Sen an, di, pou moun lèzòm meprize a, pou moun nasyon yo deteste a, pou sèvitè gouvènè yo: Wa yo pral wè e yo pral kanpe, prens yo pral adore tou, poutèt fidelite Senyè a.

8 Senyè a di: Nan yon tan akseptab, nou menm zile yo ki nan lanmè a, m te tande nou, e nan jou pou m te sove nou an, m te ede nou; e m ap prezève nou, e m ap ba nou sèvitè am nan kòm alyans pou pèp la, pou tabli tè a, pou eritaj ki te pèdi yo kapab jwenn mèt yo ankò;

9 Pou nou kapab di aprizonye yo: Ale; pou kapab di moun ki chita nan bfènwa yo: Montre tèt nou. Y ap manje nan wout la e cpatiraj yo ap tout kote anlè.

10 Yo p ap ni grangou, ni swaf; yo p ap cho, ni tou, solèy la p ap boule yo; paske moun ki gen mizèrikòd pou yo a pral dirije yo, e li pral mennen yo kote ki gen dlo fre.

11 Epi, m pral fè wout sou tout mòn mwen yo e awout laj mwen yo pral egzalte.

12 Epi, O kay Izrayèl la, amoun sa yo pral sòti lwen; e gen lòt ki pral sòti nan nò ak nan lwès; e genyen ki pral sòti nan kote ki rele Sinim.

13 O, syèl yo la, achante; O tè a, fè kè nou kontan; paske moun yo ki nan kote lès la pral pran pye; O mòn yo, louvri bouch pou nou chante paske yo p ap sibi chatiman ankò, paske Senyè te rekonfòte pèp li, e l ap gen mizèrikòd pou moun pa li yo ki nan afliksyon an.

14 Men gade, Siyon te di: Senyè a te abondone m e Senyè m nan te bliye m—men l ap pwouve yo lekontrè.

15 Paske, èske yon amanman ta kapab bliye pitit li ki nan tete, pou l pa ta gen konpasyon pou pitit gason ki nan vant li? Wi, yo kapab bbliye, men, mwen, O kay Izrayèl la, m p ap bliye nou.

16 Gade wè, m te grave w nan apla men m; tout tan, je m sou miray w yo.

17 Pitit w yo pral kouri avèk tout vitès dèyè ènmi w yo; e moun ki te aravaje ou yo pral retire kò yo bò kote ou.

18 Leve je w toupa tou pou w gade; tout moun sa yo arasanble ansanm e yo pral vin jwenn w. Epi, Senyè a di konsa, menm jan m vivan an, ou pral pran yo tout fè rad pou mete sou w tankou yon dekorasyon, e w pral mare ren w tankou yon lamarye.

19 Paske, dezè w yo ak peyi abandone w yo pral twò piti pou kantite moun y ap vin genyen; e moun ki t ap devore w yo pral voye kò yo lwen w.

20 Lè w fin pèdi premye pitit ou yo, lòt pitit ou pral genyen yo pral di ou nan zòrèy: Kote sa a twò etwat pou mwen, ban m kote pou m kapab laji kò m.

21 Lè sa a, aou pral di nan kè w: Kiyès ki te fè pitit yo pou mwen; èske m pa t pèdi pitit mwen yo, èske m pa babandone, èske m pa nan kaptivite, epi èske m p ap mache pasipala? Kiyès ki te elve sa yo? M konnen m te pou kont mwen; kote sa yo te ye?

22 Men sa Senyè Bondye a di: Gade m pral louvri bra m bay aJanti yo; e m pral leve bdrapo m pou pèp yo. Epi, yo pral pote pitit gason w yo sou cbra yo, pitit fi w yo pral sou zèpòl yo.

23 Epi, awa yo pral sèvi w btankou papa pou nouri w, rèn yo pral mete manje nan bouch ou; yo pral bese tèt devan w avèk figi yo nan direksyon tè a, e yo pral niche pousyè nan pye w; ou pral konnen m se Senyè a, paske moun k ap ctann mwen yo p ap wont.

24 Paske èske yo kapab sezi prizonye nan men yon nonm puisan; oubyen èske yo kapab libere yon prizonye alalwa kondane?

25 Men, Senyè a di konsa, moun puisan pral pèdi prizonye l; e tiran yo pral pèdi sa yo te pran; paske m pral goumen ak moun ki goumen avèk ou, e m pral sove pitit ou yo.

26 Moun ki maltrete ou, m ap fè yo amanje chè ki sou kò pa yo; y ap sou avèk san pa yo tankou moun ki bwè diven dous; e tout moun vivan pral bkonnen, mwen menm Senyè a, m se Sovè ou ak Redanmtè ou, m se cToupuisan Jakòb la.