Vini, Suiv Mwen
30 Desanm–5 Janvye. Paj entwodiksyon Liv Mòmon an: “Yon lòt temwayaj konsènan Jezikri“


“30 Desanm–5  Janvye. Paj entwodiksyon Liv Mòmon an: ‘Yon lòt temwayaj konsènan Jezikri,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Liv Mòmon 2020 (2020)

“30 Desanm–5 Janvye. Paj entwodiksyon Liv Mòmon an,” VIni, Suiv Mwen—Pou Primè: 2020

Imaj
plak lò yo

30 Desanm–5 Janvye

paj entwodiksyon Liv Mòmon an

“Yon lòt temwayaj konsènan Jezikri“

Kòmanse preparasyon ou pou anseye a avèk lekti paj entwodiksyon ak entwodiksyon Liv Mòmon an; temwayaj Twa Temwen yo, temwayaj Yuit Temwen yo, ak temwayaj Pwofèt Joseph Smith la; ak “Yon brèf eksplikasyon sou Liv Mòmon an.” Reflechi sou fason w ka enspire timoun yo pou yo aprann nan Liv Mòmon an.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Envite timoun yo pou yo pataje istwa yo konnen nan Liv Mòmon an, kote y ap itilize foto 67–86 nan Liv Ilistrasyon Levanjil la oubyen lòt foto w genyen.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi piti yo

Paj tit Liv Mòmon an

Liv Mòmon an ka ede m gen lafwa nan Jezikri.

Ede timoun yo wè ke objektif Liv Mòmon an se pou rann temwayaj konsènan Jezikri.

Aktivite posib

  • Kenbe yon Liv Mòmon, epi montre yo tit la, Yon lòt temwayaj konsènan Jezikri. Fè timoun yo pran tou pou yo di: “Yon lòt temwayaj konsènan Jezikri.“ Brèfman di yo kijan Liv Mòmon an te ranfòse lafwa ou nan Jezikri.

  • Rakonte yon istwa nan Liv Mòmon an ki anseye sou Jezikri, tankou istwa Samyèl, Lamanit la k ap pwofetize konsènan Kris la (gade Elaman 14–16), Sovè a k ap beni timoun yo (gade 3 Nefi 17), oubyen Frè Jarèd la ki wè Jezikri (gade Etè 2–3). Chapit nan Istwa Liv Mòmon yo (ak videyo korespondan yo nan ChurchofJesusChrist.org) ka ede. Fè timoun yo remake sa nou aprann osijè Jezikri nan istwa sa yo. Di yo yo pral aprann anpil bagay sou Jezikri nan Liv Mòmon an ane sa a.

  • Chante yon chan sou Liv Mòmon an, tankou “Dans le livre de Mormon” (Chants pour les enfants, 118). Chante chan an plizyè fwa, epi fè chak timoun pran tou pa yo pou kenbe yon foto Sovè a pandan w ap chante a.

Entwodiksyon Liv Mòmon an.

Liv Mòmon an se kle relijyon nou an.

Prezidan Thomas S. Monson te eksplike: “Si [Liv Mòmon an] vrè—e m temwaye solanèlman ke li vrè—enben, Joseph Smith sete yon pwofèt … , Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo se Legliz Senyè a sou tè a, epi sent prètriz Bondye a retabli” (“La puissance du Livre de Mormon,” Ensign oswa Liahona, Me 2017, 86–87).

Aktivite posib

  • Li pou timoun yo deklarasyon sa a Joseph Smith te fè nan entwodiksyon Liv Mòmon an: “Liv Mòmon an [se] kle relijyon nou an.” Eksplike yo ke menmjan yon bon fondasyon kenbe tout rès batiman an solid la, se konsa temwayaj nou konsènan Liv Mòmon an kenbe ak fòtifye temwayaj nou konsènan Liv Mòmon an.

  • Envite paran youn nan timoun yo pou l vin di yo kijan l te jwenn yon temwayaj sou Liv Mòmon an. Li envitasyon ki nan fen entwodiksyon Liv Mòmon an avèk timoun yo, epi ede yo mime kèk bagay yo ka fè pou akeri pwòp temwayaj pa yo.

Temwayaj Pwofèt Joseph Smith la

Nou resevwa Liv Mòmon an pa pouvwa Bondye.

Temwayaj Joseph Smith la ka ede timoun yo konprann objektif diven Liv Mòmon an.

Aktivite posib

  • Brèfman rakonte timoun yo istwa aparisyon Liv Mòmon an jan yo dekri l nan “Temwayaj Pwofèt Joseph Smith la.” Ou gen dwa itilize “Chapit 1:Kijan nou te fè jwenn Liv Mòmon an” (Histoires du Livre de Mormon, 2–4, oswa videyo korespondan an nan ChurchofJesusChrist.org). Ede yo jwe wòl istwa a plizyè fwa pandan w ap rakonte yo li ankò.

  • Montre yo foto karaktè yo ki te sou plak lò yo. Eksplike yo ke Bondye te ede Joseph tradui karaktè sa yo nan mo nou ka li ak konprann.

    Imaj
    de plak lò ki gen karaktè ekri sou yo

    Joseph Smith te tradui karaktè ki te ekri sou plak lò yo.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan: timoun ki pi gran yo

Paj tit Liv Mòmon an

Liv Mòmon an ede m gen lafwa nan Jezikri.

Sonje ke objektif nou nan anseye timoun yo Liv Mòmon an se pou bati lafwa yo nan Sovè a.

Aktivite posib

  • Divide klas la an de gwoup. Envite chak gwoup pou li dezyèm paragraf nan paj tit Liv Mòmon an, pandan y ap chèche yon bagay ki di kisa Liv Mòmon an sipoze fè. Apresa envite chak gwoup pou pataje sa yo jwenn yo avèk klas la.

  • Nan paj tit la, ede yo jwenn fraz ki di “pou konvenk Juif yo ak Janti yo ke Jezi se Kris la“ a. Kijan Liv Mòmon an ka konvenk nou ke Jezi se Kris la? Envite yo pou yo rakonte yon istwa nan Liv Mòmon an ki ranfòse lafwa yo nan Kris la, oubyen rakonte yo youn.

Entwodiksyon Liv Mòmon an.

Liv Mòmon an se kle relijyon nou an.

Akeri yon temwayaj sou Liv Mòmon an ap ede timoun yo konnen ke Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo se vrè Legliz Bondye a.

Aktivite posib

  • Mande yo pou yo pretann ke w pa t janm tande pale de Liv Mòmon an anvan sa. Envite yo pou yo travay avèk yon lòt timoun pou yo ka panse sou fason yo ta ka eksplike w kisa l ye ak ki kote l soti, pandan w ap itilize detay nan entwodiksyon an. Apresa, fè chak ekip pran tou pa l pou anseye ou. Foto Bib la ak Liv Mòmon an temwaye konsènan Kris la (ChurchofJesusChrist.org) ka ede tou.

  • Envite yon timoun pou l li deklarasyon Joseph Smith la nan sizyèm paragraf entwodiksyon an. Pandan w ap itilize paj aktivite semèn sa a, eksplike kijan yon fondasyon kenbe yon batiman solid. Selon dènye paragraf nan entwodiksyon an, ki kèk lòt bagay nou vin konnen lè nou jwenn yon temwayaj ke Liv Mòmon an vrè.

Temwayaj Twa Temwen yo”; “Temwayaj Yuit Temwen yo

M ka yon temwen Liv Mòmon an.

Kijan w ka ede timoun yo akeri pwòp temwayaj pa yo sou Liv Mòmon an epi pataje li.

Aktivite posib

  • Envite yo pou yo dekri yon bagay yo wè ke okenn lòt moun nan klas la pa ka wè. Eksplike ke Liv Mòmon an gen temwayaj sou 11 moun, anplis Joseph Smith, ki te wè plak lò yo yo te itilize pou tradui Liv Mòmon an. Li temwayaj yo ansanm. Poukisa temwen sa yo te vle pou lòt moun konnen temwayaj yo?

  • Mande si kèk nan timoun yo ta renmen rakonte kijan yo te fè konnen Liv Mòmon an te vrè. Li ansanm Mowoni 10:3–5, epi envite chak timoun pou li Liv Mòmon an ane sa a pou l ka akeri oubyen ranfòse temwayaj li ke l se verite. Di yo kijan w te fè jwenn temwayaj ou konsènan Liv Mòmon an.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Si posib, asire w ke chak timoun gen yon Liv Mòmon, epi envite yo pou yo kòmanse li l pèsonèlman epi avèk fanmi yo.

Amelyore ansèyman nou

Chèche pwòp enspirasyon ou. Olye w konsidere plan leson sa yo kòm enstriksyon ke w dwe suiv, itilize yo kòm sous ide pou pouse pwòp enspirasyon pa w pandan w ap medite sou bezwen timoun w ap anseye yo.