Vini, Suiv Mwen
6–12 Janvye. 1 Nefi 1–7: “M prale epi m ap fè”


“6–12 Janvye. 1 Nefi 1–7: ‘M prale epi m ap fè,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Liv Mòmon 2020 (2020)

“6–12 Janvye. 1 Nefi 1–7,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2020

Imaj
Fanmi Leyi k ap vwayaje nan dezè a

Leyi ap vwayaje bò Lanmè Wouj la, foto Gary Smith

6–12 Janvye

1 Nefi 1–7

“M prale epi m ap fè“

Pandan w ap li 1 Nefi 1–7 la, panse ak vèsè, eksperyans, kesyon, ak lòt resous ou santi w enspire pou w itilize pou anseye timoun yo. Ou gen dwa adapte aktivite yo ki nan plan leson sa a pou timoun ki pi gran yo oubyen timoun ki pi piti yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Kèk nan timoun nan klas ou yo gen dwa deja konn tande oubyen li eksperyans fanmi Leyi yo ki nan 1 Nefi 1–7. Envite yo pou yo pataje sa yo jwenn. Si timoun yo pa konn anpil bagay sou eksperyans Nefi yo, ba yo yon opòtinite nan fen leson an pou yo pataje sa yo te aprann.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan: timoun ki pi piti yo

1 Nefi 2:16

Mwen bezwen pwòp temwayaj pa m.

Nefi te vin kwè pawòl papa l yo paske l te gen dezi pou l te konnen pou tèt pa li epi l te priye Senyè a. Ede timoun yo aprann nan egzanp li.

Aktivite posib

  • Pote yon bwat ki gen yon foto Sovè a andedan l, epi bay chak timoun yon tou pou l dekouvri sa k andedan bwat la. Di yo ke Nefi te vle gen pwòp temwayaj pa li pou l te konnen pou tèt pa l ke Senyè a te kòmande fanmi l pou l te kite Jerizalèm. Mande yo pou yo koute kisa Nefi te fè pou l te akeri pwòp temwayaj pa l pandan w ap li 1 Nefi 2:16 la. Temwaye ke, menmjan nou chak te oblije ouvri bwat la pou n te wè sa k te andedan l lan, se konsa tou nou bezwen mande Bondye pou n ka akeri pwòp temwayaj pa nou.

  • Pote kèk foto oubyen objè ki reprezante kèk bagay timoun yo ta ka chèche gen yon temwayaj de yo, tankou yon foto Jezikri, Liv Mòmon an, oubyen foto pwofèt vivan an. Envite yo pou yo chwazi yon foto oubyen yon objè epi pataje temwayaj yo konsènan bagay sa a avèk klas la.

1 Nefi 2:2–4; 3–4

Bondye ap ede m kenbe kòmandman yo.

Kijan w ka itilize istwa sa yo pou ede timoun yo konprann ke Bondye ede nou kenbe kòmandman yo, menm lè yo sanble yo difisil pou n obeyi?

Aktivite posib

  • Li 1 Nefi 2:2–4 pou timoun yo, epi montre yo foto kèk atik fanmi Leyi ta ka pote avèk yo nan dezè a, tankou yon tant, dra, ak flèch ak fistibal. Mande yo pou yo imajine kijan yo ta ka santi yo si yo te oblije kite lakay yo pou y ale nan dezè a. Kisa Senyè a mande nou pou n fè pou n obeyi l jodia?

  • Ede yo kolore epi koupe figi an papye sou paj aktivite semèn sa a; epi apresa, mande yo pou yo itilize yo pou fè rezime istwa Nefi ak frè l yo ki t ap chèche gen plak eren yo (gade 1 Nefi 3–4). Kantik “Le courage de Néphia (Chants pour les enfants,120–21) ak “Chapit 4: Plak Eren yoHistoires du Livre de Mormon,10–12; gade videyo korespondan an tou nan ChurchofJesusChrist.org) ka ede w rakonte istwa sa a tou.

  • Itilize foto 103–15 la nan Liv Ilistrasyon Levanjil la pou ede timoun yo panse sou kèk bagay Senyè a kòmande nou pou nou fè. Kijan nou beni lè nou obeyi kòmandman l yo? Ede yo dekore kèk badj pou yo mete, ki ekri M prale epi m ap fè sa Senyè a kòmande m nan (1 Nefi 3:7). Repete fraz la ansanm plizyè fwa.

1 Nefi 3:19–21; 5:19–22

Ekriti yo se yon gwo trezò.

Kijan w ka enspire timoun yo pou yo renmen ekriti yo, oubyen pawòl Bondye a.

Aktivite posib

  • Montre yo yon bagay (oubyen foto yon bagay) ki presye anpil pou ou. Di yo kijan w trete li ak pran swen li. Eksplike yo ke, pou fanmi Leyi, ekriti yo te presye anpil, tankou yon trezò.

  • Envite yo pou yo ede w rakonte oubyen jwe wòl sa Nefi ak frè l yo te fè pou yo te ka jwenn plak eren yo: yo te vwayaje sou yon distans byen long, yo te abandone lò yo ak lajan yo, epi yo te oblije kache nan yon gwòt pou yo te ka sove lavi yo. Li 1 Nefi 5:21. Poukisa ekriti yo te si presye pou fanmi Leyi konsa? Kijan nou ka trete ekriti yo tankou yon trezò?

Imaj
Leyi k ap etidye plak eren yo

Leyi k ap resevwa plak eren yo, pa Clark Kelley Price

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi gran yo

1 Nefi 2:16, 19–20

Mwen ka gen pwòp temwayaj pa m.

Kisa w aprann nan egzanp Nefi a sou akeri yon temwayaj poukont pa w? Kijan w ka ede timoun yo aprann nan egzanp li a?

Aktivite posib

  • Mande yo pou yo ale nan 1 Nefi 2:16, 19 pou yo ka dekouvri kijan Nefi te akeri yon temwayaj konsènan pawòl papa l yo. Envite yo pou yo ekri aksyon Nefi yo sou blòk oubyen sou lòt objè epi apresa bati yon bagay avèk objè yo pou ilistre ki fason bagay sa yo ede nou bati yon temwayaj.

  • Rakonte yo kijan w te akeri temwayaj ou konsènan levanjil la. Envite yo pou yo pataje kèk eksperyans menmjan an yo te fè, epi ankouraje yo pou yo suiv egzanp Nefi a pou yo kontinye bati temwayaj yo. Ki fason sa ka ede nou lè n akeri pwòp temwayaj pa nou?

1 Nefi 3:1–8

M ka reyaji ak lafwa nan kòmandman Bondye yo.

Devlope yon atitid tankou atitid Nefi a ap ede timoun yo lè Senyè a mande yo pou yo fè yon bagay ki parèt difisil.

Aktivite posib

  • Divize timoun yo an de gwoup. Envite yon gwoup pou li repons Laman ak Lemyèl te bay Leyi a (gade 1 Nefi 3:2–5) epi fè lòt gwoup la li repons Nefi a (gade 1 Nefi 3:2–4, 7). Envite yon timoun pou l pretann ke l se Leyi epi pou l mande lòt timoun yo pou yo pretann y ap retounen Jerizalèm pou al chèche plak yo. Envite chak gwoup pou reponn nan pwòp mo pa yo, kòmsi yo sete pèsonaj y ap li yo. Ki kèk bagay Pè Selès la kòmande nou pou nou fè? Kijan nou ka tankou Nefi?

  • Chante yon chan ansanm sou obeyisans, tankou “Le courage de Néphi” oubyen “Pour trouver la paix” (Chants pour les enfants, 120–21, 146–47), epi mande yo pou yo koute fraz ki anseye kijan nou dwe reyaji lè Senyè a ba nou yon enstriksyon yo.

1 Nefi 3–4

Sentespri a ap gide m lè m ap chèche fè volonte Senyè a.

Nefi te suiv Lespri a, “san [l] pa t konnen anvan kisa [li] ta dwe fè” (1 Nefi 4:6). kijan w ka ede timoun w ap anseye yo chèche gidans Sentespri a?

Aktivite posib

  • Envite yo pou yo mime istwa Nefi ak frè l yo k ap eseye jwenn plak eren yo (gade 1 Nefi 3–4). Envite youn ladan yo pou li 1 Nefi 4:6, epi mande klas la pou pote atansyon ak sa Nefi te fè ki te pèmèt yo reyisi.

  • Ba yo kèk egzanp sou kèk bagay Bondye ta renmen yo fè, tankou fè zanmi avèk yon moun nan lekòl yo ke yo santi k solitè, padone yon frè oswa yon sè, oubyen di laverite lè yo fè yon erè. Mande yo pou yo di kisa Sentespri a ta ka fè pou ede yo nan sitiyasyon sa yo. Kijan nou ka envite Sentespri a pou l ede nou obeyi Bondye?

Imaj
Senbòl ansèyman

Ankouraje aprantisaj lakay

Envite timoun yo pou yo rakonte fanmi yo kèk eksperyans kote yo te jwenn benediksyon paske yo te obeyi kòmandman yo. Ankouraje yo pou yo mande manm fanmi yo pataje menm kalite eksperyans yo tou.

Amelyore ansèyman nou

Ede timoun ki pi piti yo aprann nan ekriti yo. Pou ede timoun ki pi piti yo aprann nan ekriti yo, konsantre sou yon grenn vèsè ekriti oubyen sou yon fraz kle. Ou gen dwa envite yo pou yo kanpe oubyen leve men yo lè yo tande mo a oswa fraz la. (Gade nan Anseye nan fason Sovè a, 21 tou.)