Vini, Suiv Mwen
20–26 Janvye. 1 Nefi 11–15: “Ame ak lajistis ak pouvwa Bondye”


“20–26 Janvye. 1 Nefi 11–15: ‘Ame ak lajistis ak pouvwa Bondye,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Liv Mòmon 2020 (2020)

“20–26 Janvye. 1 Nefi 11–15,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2020

Imaj
moun k ap manje fwi pyebwa lavi a

Pi dous pase tout sa ki dous, pa Miguel Angel González Romero

14–20 Janvye

1 Nefi 11–15

“Ame ak lajistis ak pouvwa Bondye”

Li 1 Nefi 11–15 avèk timoun w ap anseye yo nan lespri ou, epi ekri enpresyon w resevwa yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Montre yon foto sou vizyon Leyi a sou pyebwa lavi a, epi envite timoun yo pou yo di kisa yo sonje yo te aprann osijè vizyon sa a semèn pase a. Mande yo si yo te aprann kèk nouvo bagay depi lè sa a.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan: timoun ki pi piti yo

1 Nefi 11:16–33

Pè Selès la te voye Jezikri sou tè a paske l renmen m.

Nefi te wè lavi ak ministè Jezikri nan yon vizyon. Medite sou sa timoun nan klas ou yo ta ka aprann sou Sovè a nan 1 Nefi 11.

Aktivite posib

  • Bay chak timoun yon foto ki ilistre youn nan evenman nan lavi Sovè a yo te predi nan 1 Nefi 11:20, 24, 27, 31, ak 33 yo (gade Gospel Art Book, nos. 30, 35, 39, 4257). Pandan w ap li vèsè sa yo, mande yo pou yo kenbe foto a lè yo tande vèsè k mache avèk li a.

  • Rakonte yo kèk nan bagay Nefi te aprann Jezikri t ap fè pandan lavi li (gade 1 Nefi 11:16–33), epi montre yo foto kèk nan evenman sa yo (paregzanp, gade, Liv Ilistrasyon Levanjil la, nos. 41, 46, 47, 49, 56, 57, 58, 59). Di yo kisa Sovè a te fè pou nou. Montre yo foto pou ede yo panse sou fason nou ka pataje amou Bondye (gade Liv Ilistrasyon Levanjil la, nos. 109, 110, 115).

1 Nefi 13:26–29, 35–36, 40

Liv Mòmon an anseye verite ki presye.

Poukisa nou rekonesan pou Liv Mòmon an? Panse sou fason w ka pataje temwayaj ou konsènan Liv Mòmon an avèk timoun yo.

Aktivite posib

  • Desine yon foto sou tablo a, epi envite yo pou yo chanje oubyen retire kèk pati nan foto a pou fè l parèt diferan. Ede yo konprann ke, menmjan ak foto sa a, gen kèk bagay nan Bib la yo te chanje epi yo te retire atravè ane yo. Li kèk pati nan 1 Nefi 13:40 la ki anseye kijan Liv Mòmon an (Nefi rele “dènye anal sa yo”) ede nou konprann “verite klè ak presye” yo ki disparèt nan Bib la.

  • Andedan sal la, kache kèk foto ki reprezante verite levanjil Liv Mòmon an klarifye, tankou batèm, sentsèn, ak rezirèksyon an. Envite timoun yo pou yo chèche foto sa yo. Eksplike yo ke Liv Mòmon an retabli verite levanjil ki te pèdi yo.

1 Nefi 15:23–25

Pawòl Bondye a ban m pouvwa.

Kijan w ka itilize foto ba fè a pou anseye timoun yo sou fòs, sekirite, ak pouvwa pawòl Bondye a?

Aktivite posib

  • Montre yon foto rèv Leyi a nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo. Envite yo pou yo chèche ba fè a nan foto a, epi ede yo konprann kijan nou ka pwoteje lè nou kenbe pawòl Bondye a (gade 1 Nefi 15:23–24). Ba yo yon bagay ki sanble avèk yon ba fè pou yo kenbe, tankou yon tiyo oubyen yon baton, pandan w ap li vèsè 24 la. Ki kote nou jwenn pawòl Bondye a? Kisa nou ka fè pou n fè pawòl Bondye a vin fè pati lavi nou chak jou?

  • Ede timoun yo kolore ak konplete paj aktivite semèn sa a. Ki fason nou ka “kenbe fèm” nan pawòl Bondye a? 1 Nefi 15:24).

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi gran yo

1 Nefi 11:16–33

Pè Selès la te voye Jezikri sou tè a paske l renmen mwen.

Nefi te fè yon vizyon kote l te wè plan Pè Selès la pou nou, epi Jezikri sete yon pati santral nan vizyon sa a.

Aktivite posib

  • Envite yo pou yo matche vèsè ki nan 1 Nefi 11:16–33 yo avèk foto ki ilistre sa vèsè yo dekri yo (tankou 1 Nefi 11:20, 24, 27, 29, 31, 33; gade Liv Ilistrasyon Levanjil la, nos. 30, 35, 38, 39, 4257). Kisa timoun yo aprann sou Kris la nan vèsè ak foto sa yo?

  • Mande yo poukisa Jezikri enpòtan pou yo. Chante yon kantik sou Sovè a, tankou “Il envoye son Fils aimé” (Chants pour les enfants, 20–21), epi mande yo kisa kantik la anseye sou Jezi. Envite yo pou yo pran tan pandan semèn nan pou yo panse a Jezikri epi pou yo vin pataje eksperyans yo avèk klas la semèn pwochèn nan.

Imaj
Liv Mòmon an nan plizyè lang diferan

Liv Mòmon an gen levanjil Jezikri a.

1 Nefi 13:26–29, 35–36, 40

Liv Mòmon an anseye verite presye.

Kisa timoun yo konnen apwopo Apostazi a? Kijan w ka ede yo konprann enpòtans Liv Mòmon an nan retablisman verite levanjil ki te pèdi yo pandan Apostazi a?

Aktivite posib

  • Li 1 Nefi 13:26–29 ansanm, epi envite timoun yo pou yo chèche kisa k rive lè moun yo pa gen verite “klè ak presye” levanjil yo. Kijan Senyè a te retabli verite ki te pèdi yo? (gade vèsè 35–36, 40). Envite yo pou yo pataje temwayaj yo sou verite yo aprann nan Liv Mòmon yo, oubyen pataje temwayaj pa ou.

  • Pase videyo “Liv Mòmon an—yon liv ki sot nan Bondye” nan (ChurchofJesusChrist.org) pou ilistre fason Bib la ak Liv Mòmon an travay ansanm pou anseye laverite. Poukisa li itil pou gen plis pase yon temwen? Trase yon pwen sou tablo a, epi rele l Bib la, epi envite chak timoun pou trase yon liy dwat ki pase atravè pwen an pou montre yo kijan moun ka entèprete ansèyman ki nan Bib yo nan plizyè fason diferan lè se Bib la poukont li yo genyen. Efase liy yo, epi trase yon lòt pwen ki rele Liv Mòmon an. Envite yon timoun pou l trase yon liy dwat ki pase atravè de pwen yo pou montre ke gen yon sèl fason pou n entèprete levanjil la lè nou itilize Bib la ak Liv Mòmon an ansanm.

  • Ede yo memorize yuityèm atik lafwa a.

1 Nefi 15:23–25

Pawòl Bondye a ban m pouvwa pou m reziste anba tantasyon

Kijan w ka ede timoun w ap anseye yo fòtifye temwayaj yo de ekriti yo? Medite sou kesyon sa a pandan w ap li 1 Nefi 15:23–25 la, epi itilize aktivite anba la yo pou kore ide w yo.

Aktivite posib

  • Mande timoun yo pou yo fè rezime vizyon pyebwa lavi a (gade 1 Nefi 811). Kisa k te anpeche moun yo rive nan pyebwa a? Kisa k te ede yo atenn ni? Envite yo pou yo li 1 Nefi 15:23–25. Ki fason ba fè a te ede moun yo travèse gouf tenèb la? Ki fason lè nou li pawòl Bondye a, sa ka ede nou reziste anba tantasyon ak tenèb jodia?

  • Konplete paj aktivite semèn sa a avèk timoun yo. Pandan y ap fè sa a, mande yo pou yo pale de kèk tantasyon timoun ap rankontre. Kijan yo ka sonje pou yo kenbe ba fè a chak jou? Chante “The Iron Rod” (Hymns, no. 274) kòm yon pati nan aktivite sa a.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Ankouraje timoun yo pou yo montre fanmi yo “ba fè” yo te fè nan paj aktivite a epi eksplike kijan yo ka kenbe ba fè a nan li ekriti yo.

Amelyore ansèyman nou

Itilize bagay atistik pou atire atansyon manm klas yo. Lè w ap anseye timoun yo yon istwa nan ekriti yo, chèche fason pou w ede yo vizyalize li. Ou gen dwa itilize foto, videyo, maryonèt, degizman, eksetera.