Vini, Suiv Mwen
13–19 Janvye. 1 Nefi 8–10: “Vini manje fwi a”


“13–19 Janvye. 1 Nefi 8–10: ‘Vini manje fwi a,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Liv Mòmon 2020 (2020)

“13–19 Janvye. 1 Nefi 8–10,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2020

Imaj
Vizyon Leyi sou pyebwa lavi a

Rèv Leyi a, pa Steven Lloyd Neal

14–20 Janvye

1 Nefi 8–10

“Vini manje fwi a“

Anplis imajine tèt ou nan vizyon Leyi a, eseye wè timoun w ap anseye yo. Kijan vizyon sa a aplike pou yo?

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Kontakte kèk timoun alavans epi mande yo pou yo panse a kèk eksperyans oubyen ekriti yo ki te ede yo santi amou Bondye, pou yo pataje avèk klas la.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan: timoun ki pi piti yo

1 Nefi 8:2, 5–34

Pawòl Bondye a mennen m bay Bondye epi l ede m santi amou li.

Nan vizyon Leyi a, yo envite nou pou n goute amou Bondye, ki senbolize pa pyebwa a ak fwi l la. Kijan w ka ede timoun yo aksepte envitasyon sa a?

Aktivite posib

  • Envite yo pou yo ede w rakonte istwa vizyon Leyi a ki nan 1 Nefi 8:10–34 la. Pou ede yo vizyalize istwa a, ou gen dwa montre yo yon foto sou vizyon Leyi a (gade nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo) oubyen foto ki nan “Chapit 6: Rèv Leyi a” (Istwa Liv Mòmon yo, 18–20, oubyen videyo korespondan an nan ChurchofJesusChrist.org). Asire w ke yo konnen bafè a reprezante pawòl Bondye a, ke nou li nan ekriti yo epi nou tande nan bouch pwofèt yo. Ede yo konprann ke pyebwa a reprezante amou Bondye pou nou.

  • Pote yon kòd pou reprezante bafè a nan vizyon Leyi a. Mande yo pou yo kenbe li pandan w ap dirije yo toutotou sal la al nan foto yon pyebwa. Ede yo konprann ke pawòl Bondye a rapwoche nou ke li, menmjan kòd la ki reprezante bafè a mennen nou nan pyebwa a. Pou montre ke pyebwa a reprezante amou Bondye, ou gen dwa montre foto kèk bagay Bondye ba nou ki montre amou li pou nou, tankou Sovè a, fanmi nou, ak bèl mond lan.

  • Pote yon fwi ki gen yon kè tache sou li. Bay chak timoun yon moso nan fwi a pou l goute epi mande yo ki fwi yo pi renmen. Eksplike yo ke fwi nan vizyon Leyi a sete fwi k te pi dous li te janm goute, epi li te ranpli nanm ni ak lajwa. Menmjan fwi ki dous fè nou kontan an, se konsa n ap santi n kontan tou lè nou suiv Jezi epi n retounen al viv avèk Pè Selès la ankò.

  • Li 1 Nefi 8:12, epi envite timoun yo pou yo byen koute kisa Leyi te vle fè lè l te fin goute fwi a. Fè yo chak fè tankou yo se Leyi k ap envite lòt moun pou vin jwenn ni pou yo vin manje fwi a. Kisa nou ka fè pou n envite lòt moun vin goute benediksyon levanjil yo avèk nou?

1 Nefi 10:17, 19

Bondye ap revele m laverite pa pouvwa Sentespri a.

Lè l te fin tande vizyon papa l la, Nefi te gen yon dezi ke nou tout ta dwe genyen—dezi pou l te konn verite a pou tèt pa li.

Aktivite posib

  • Li 1 Nefi 10:19, epi envite timoun yo pou leve men yo lè yo tande mo “devwale” ak “Sentespri” yo. Ede yo konprann ekriti sa a, ki anseye ke Sentespri a ap ede nou konnen repons pou kesyon nou yo. Pou ede yo vizyalize kisa sa vle di pou verite a “devwale,” pote yon dra plwaye ki gen foto Sovè a andedan li, epi mande yo pou yo deplwaye li.

  • Chante yon kantik sou chèche laverite, tankou “Search, Ponder, and Pray” (Children’s Songbook, 109). Montre yo foto ki ilistre pawòl yo nan kantik la pou ede yo sonje kijan Sentespri a anseye nou.

  • Panse pou w rakonte yo yon eksperyans kote Sentespri a te ede w konnen ke yon bagay vrè. Di yo kijan Sentespri a te pale avèk ou.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi gran yo

1 Nefi 8:2, 5–34

Pawòl Bondye a mennen m bay Bondye epi l ede m santi amou li.

Mande timoun nan klas ou yo pou yo aprann vizyon Leyi a, ankouraje yo pou yo etidye pawòl Bondye a epi pataje amou Bondye avèk lòt moun.

Aktivite posib

  • Pandan y ap li kèk vèsè w chwazi nan 1 Nefi 8, envite yo pou yo chèche detay nan vèsè sa yo nan foto vizyon Leyi a (tankou foto ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo). Oubyen envite yo pou yo desine kèk foto sou tablo a sou detay y ap li yo. Apresa, ede yo dekouvri kisa senbòl nan rèv yo reprezante (gade 1 Nefi 11:21–22; 12:16–18; 15:23–33, 36).

  • Si posib, pote yon moso fè oubyen moso yon lòt metal nan klas la epi envite yo pou yo dekri kèk nan pwopriyete l yo ak poukisa yo ta ka itilize l. Kijan pawòl Bondye a se tankou yon bafè? Ki kote nou jwenn pawòl Bondye a? Poukisa bafè a si enpòtan nan vizyon Leyi a?

    Imaj
    Leyi k ap manje fwi pyebwa lavi a

    Leyi k ap manje fwi pyebwa lavi a. Pyebwa lavi a, pa Marcus Alan Vincent

  • Sou yon moso papye, ede timoun yo pou yo ekri yon eksperyans kote pawòl Bondye a te ede yo konnen sa yo te dwe fè oubyen te ede yo santi yo pi pwòch Pè Selès la. Pandan y ap pataje sa yo ekri a, envite yo pou yo woule papye a fè l vin pran fòm yon bafè. Ou gen dwa menm tepe “bafè” yo ansanm pou reprezante ba fè a nan rèv Leyi a.

  • Envite kèk ladan yo pou li 1 Nefi 8:10–12 epi dekri kisa Leyi te wè. Mande lòt yo pou yo li 1 Nefi 11:20–23 epi dekri kisa Nefi te wè. Poukisa zanj lan te montre Nefi tibebe Jezi pou l te anseye l sou lanmou Bondye? Pou ede yo reponn kesyon sa a, li Jan 3:16 ansanm oubyen chante yon kantik sou Sovè a, tankou “Il envoya son Fils” (Chants pour les enfants, 34–35). Di yo kijan w konn santi amou Pè Selès la ak Pitit Gason l lan, Jezikri, nan lavi w.

  • Sou tablo a, ekri: Kisa nou aprann nan egzanp Leyi a? Envite timoun yo pou yo panse a vizyon Leyi a epi ekri otan repons yo kapab. Envite yo pou yo pataje repons yo avèk klas la. Apresa mande yo pou yo panse a yon bagay yo ka pataje lajwa levanjil la.

1 Nefi 10:17–19; 11:1

Bondye ap revele m laverite pa pouvwa Sentespri a.

Si nou mande Pè Selès la ak lafwa, verite a ap “devwale devan [nou] pa pouvwa Sentespri a” (1 Nefi 10:19). Kijan w ka ede timoun w ap anseye yo konprann verite sa a?

Aktivite posib

  • Envite yo pou yo pale de kèk fason yo ka jwenn repons pou yon kesyon. Ankouraje yo pou yo li 1 Nefi 10:17–19 ak 11:1. Kisa Nefi t ap di si yon moun ta mande l kijan l te jwenn repons pou yon kesyon sou levanjil la? Ki fason Bondye anseye nou atravè Sentespri a? gade DA 8:2).

  • Mande timoun yo pou yo pale de yon lè kote Sentespri a te ede yo konnen yon bagay sete verite. Mande yo pou yo imajine yo gen yon zanmi ki panse ke l pa ka resevwa repons atravè Sentespri a. Kisa yo ka pataje nan 1 Nefi 10:17–19 ak 11:1 la pou ede zanmi sa a?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Ankouraje timoun yo pou yo itilize paj aktivite semèn sa a pou pataje avèk fanmi yo sa yo te aprann osijè vizyon Leyi a sou pyebwa lavi a.

Amelyore ansèyman nou

Timoun aprann nan plizyè fason. Timoun renmen aprann apati nouvo eksperyans ki varye. Itilize aktivite sa yo pou ede yo bouje, itilize tout sans yo, eksplore, ak eseye nouvo bagay. (Gade Anseye nan fason Sovè a,25–26.)