Vini, Suiv Mwen
27 Janvye–2 Fevriye. 1 Nefi 16–22: “M pral prepare chemen an devan ou”


“27 Janvye–2 Fevriye. 1 Nefi 16–22: “M pral prepare chemen an devan ou,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Liv Mòmon 2020 (2020)

“27 Janvye–2 Fevriye. 1 Nefi 16–22,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2020

Imaj
Leyi k ap gade Lyawona a

Leyi ak Lyawona a, pa Joseph Brickey

27 Janvye–2 Fevriye

1 Nefi 16–22

“M pral prepare chemen an devan ou”

Istwa enspire ki nan 1 Nefi 16–22 yo anseye verite ki ka beni timoun nan klas ou yo. Li chapit sa yo epi ekri enpresyon w resevwa.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Ekri pawòl sa yo sou tablo a, oubyen montre foto yo: Lyawona a, flèch la, ak bato a. Envite twa timoun pou chak chwazi yon mo oubyen yon foto epi rakonte ki pati nan istwa Nefi a ki dekri objè sa a. Bayo èd si yo bezwen.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan: timoun ki pi piti yo

1 Nefi 16:10, 28–29; 18:8–13, 20–22

Senyè a ka gide m ak dirije m.

Anseye timoun yo ke menm lè y ap fè fas ak pwoblèm, Senyè a ka gide yo (gade 1 Nefi 16:29).

Aktivite posib

  • Montre timoun yo yon bousòl, yon kat oubyen yon lòt bagay ki ka ede nou jwenn wout nou, epi eksplike yo kijan nou itilize zouti sa yo. Konpare zouti sa yo avèk Lyawona a pandan w ap rezime istwa nan 1 Nefi 16:10, 28–29 ak 18:9–13, 20–22 yo. Fè yo remake ke lè fanmi Leyi pa t obeyi, Lyawona a pa t mache (gade 1 Nefi 18:9–12, 20–22) tou. Kisa k ka ede nou jwenn chemen pou n retounen al jwenn Pè Selès la jodia?

  • Pote yon bwat ki gen plizyè endis ki dekri yon kote andedan legliz la oubyen deyò li. Itilize bwat la ak endis yo pou reprezante Lyawona a, epi fè timoun yo pran tan pou yo chak chèche yon endis epi apresa devine ki kote l ye. Apresa, ale ansanm nan kote a. Eksplike ke lè nou montre lafwa nou epi nou suiv direksyon Senyè a bay yo, l ap ede nou retounen al jwenn ni (gade Alma 37:38–42). Kijan Pè Selès la gide nou nan vwayaj nou pou retounen al jwenn ni an?

1 Nefi 16:14–32

M ka yon bon egzanp pou fanmi m.

Entèraksyon Nefi avèk fanmi li pandan yon peryòd difisil yo ka ede timoun yo wè ke, menmsi yo jèn, yo ka rete egzanp pou fanmi yo.

Aktivite posib

  • Bay chak timoun tach pou desine foto yon bagay nan istwa flèch Nefi a ki te kase a (gade 1 Nefi 16:14–32), tankou Nefi, yon flèch, oubyen Lyawona a. Apresa, itilize foto yo pou rakonte klas la istwa a, epi fè timoun yo pran tou pou yo fè menm bagay la. Kijan nou ka menmjan ak Nefi lè fanmi nou ap travèse moman difisil?

  • Envite yo chak pou yo koupe yon sèk an papye epi desine yon figi tris sou yon bò ak yon figi souriyan sou lòtbò a. Pandan w ap rakonte istwa flèch kase Nefi a, envite yo pou yo itilize figi yo pou montre kijan fanmi Nefi te santi yo nan diferant pati nan istwa a. Kijan Nefi te ede fanmi l pou fè yo kontan? Kisa nou ka fè pou fè fanmi nou kontan?

1 Nefi 17:7–19; 18:1–4

Papa nou ki nan Syèl la ka ede m fè bagay ki difisil tou.

Menmjan ak Nefi, timoun w ap anseye yo ap aprann fè sa k parèt difisil. Eksperyans Nefi a ka ede yo konnen ke Pè Selès la ap ede yo lè yo mande li.

Aktivite posib

  • Rakonte yo istwa Nefi yo te kòmande pou konstwi yon bato a, pandan w ap itilize 1 Nefi 17:7–19 ak 18:1–4. Ou gen dwa itilize “Chaptit 7: Konstwi bato a” tou (Istwa Liv Mòmon yo, 21–22) oubyen videyo korespondan an nan koleksyon videyo Liv Mòmon yo nan ChurchofJesusChrist.org. Paj aktivite semèn sa a ka ranfòse prensip ke Pè Selès la te ede Nefi a, epi l ap ede nou tou a.

  • Chante dezyèm kouplè “Le courage de Néphi” a ansanm (Chants pour les enfants, 64–65). Kisa k te ede Nefi gen kouraj lè frè l yo t ap moke l paske l t ap eseye konstwi yon bato a?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi gran yo

1 Nefi 16:10, 28–29; 17:13–15; 18:8–13, 20–22

Lè m kenbe kòmandman yo, Senyè a gide m.

Itilize istwa fanmi Leyi ki te gide pa Lyawona a pou montre timoun yo kijan Bondye ap gide yo lè y ap eseye fè volonte li.

Aktivite posib

  • Chwazi youn oubyen plis nan pasaj sa yo pou w li avèk timoun yo: 1 Nefi 16:10, 28–29; 17:13–15; ak 18:8–13, 20–22. Mande yo pou yo chèche kisa nou dwe fè pou n resevwa gidans ak direksyon nan men Bondye epi diskite sou sa yo aprann yo.

  • Lè w fin repase istwa yo ki nan 1 Nefi 16–18 la, entèvyouve plizyè timoun kòmsi yo t ap vwayaje avèk fanmi Leyi. Ou gen dwa poze kesyon tankou sa yo tou: Poukisa w te rekonesan pou Lyawona a? Kisa w te bezwen fè pou Lyawona te ka travay? (gade 1 Nefhi 16:28–29). Envite klas la pou pale de sa Senyè a bay pou gide nou nan epòk pa nou an.

  • Mande yo pou yo reflechi sou fason yo ta ka itilize istwa Lyawona a pou ede yon zanmi ki bezwen pran yon desizyon enpòtan. Sigjere ke, anplis 1 Nefi 16:10, 26–31 ak 18:9–22 a, yo ta ka fè referans a Alma 37:38–44 tou. Pataje yon eksperyans kote Pè Selès la te ede w travèse yon moman difisil, oubyen envite yo pou yo pataje youn. Kisa nou dwe fè pou n resevwa èd li?

1 Nefi 16:14–39; 18:1–5

Atitid mwen ak chwa mwen ka gen yon bon enfliyans sou fanmi m.

Lafwa Nefi te yon gwo benediksyon lè fanmi l t ap travèse eprèv. Kijan w ka ede timoun yo aprann apati egzanp li?

Aktivite posib

  • Envite yo pou yo desine desine foto ki dekri istwa flèch kase Nefi a (gade 1 Nefi 16:14–39). Repase istwa a avèk yo, si bezwen. Pandan y ap pataje desen yo, ede yo idantifye fason kote fidelite Nefi te beni fanmi li. Envite yo pou yo medite sou pwoblèm y ap travèse. Kisa yo ka fè pou suiv egzanp Nefi?

  • Li kèk vèsè nan 1 Nefi 16:21–32 yo ansanm. Diskite sou kèk bi fanmi timoun yo dwe genyen, tankou fè sware familyal oubyen priyè familyal regilyèman. Kijan yo ka ede fanmi yo atenn bi sa yo? Envite yo pou yo planifye pou fè yon bagay pou ede fanmi yo atenn bi yo genyen semèn sa a.

1 Nefi 19:22–24

M ka aplike ekriti yo a lavi m.

Ede timoun yo wè ke istwa nan ekriti yo se plis pase istwa yo ye—yo gen prensip ki ka beni lavi yo.

Aktivite posib

  • Mande yon timoun pou l li 1 Nefi 19:22–24 fò, epi mande lòt yo, selon yomenm, kisa savledi pou “aplike ekriti yo” a noumenm. Ede yo dekouvri kijan Nefi te aplike yon istwa nan ekriti yo a eksperyans li te fè lè l t al chèche plak eren yo (gade 1 Nefi 4:1–4; gade Egzòd 14 tou). Kijan sonje istwa sa a te ede Nefi ak frè l yo?

  • Repase kèk nan istwa timoun yo te aprann osijè Leyi ak fanmi l yo nan 1 Nefi a, epi envite yo pou yo pataje sa yo aprann nan istwa sa yo. Ede yo panse a sitiyasyon nan lavi yo ki te ka menm avèk sa k nan istwa sa yo. Paregzanp, Senyè a k ap mande Nefi pou konstwi yon bato ki ka raple yo moman kote yo te bezwen fè yon bagay difisil epi yo te chèche èd Senyè a.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Envite yo pou yo chwazi yon istwa nan 1 Nefi 16–22 epi di fanmi yo kijan yo ka “konpare” istwa sa a ak lavi yo.

Amelyore ansèyman nou

Itilize istwa. Istwa yo ede timoun yo konprann prensip levanjil yo paske yo demontre kijan lòt moun viv prensip sa yo.