Vini, Suiv Mwen
Yon modèl pou anseye


“Yon modèl ansèyman”, Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Liv Mòmon 2020 (2020)

“Yon modèl pou anseye,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2020 an

Imaj
enstriktè k ap jwe avèk yon timoun

Yon modèl pou anseye

Nan manyèl sa a, w ap jwenn chema sa a repete nan chak plan leson: envite pataj, anseye doktrin nan, ak ankouraje aprantisaj lakay. Nan plizyè ka, lè w ap anseye, ou gen dwa wè nesesite pou w anseye eleman yo nan chema sa youn anvan lòt oubyen nan yon lòd diferan. Paregzanp, konsidere ke pataj la se yon opotinite pou w anseye doktrin nan, epi anseye doktrin nan dwe gen envitasyon pou pataje. Menmjan tou, ankouraje aprantisaj lakay la kapab fèt pandan yon diskisyon nan klas la. Kite chanjman sa yo fèt tou natirèlman, kote w ap suiv enfliyans Lespri a pou w reponn bezwen moun w ap anseye yo.

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Kòm yon pati nan klas ou a, envite timoun yo pou yo pataje sa yo santi, ak ide, ak eksperyans sou prensip w ap anseye yo. Kòmantè yo gen dwa enkli eksperyans aprantisaj yo te fè lakay yo. Epitou, ou gen dwa repase sa yo te aprann semèn pase yo epi mande yo ki enfliyans sa te genyen sou lavi yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Manyèl Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo ka ede w pi byen konprann doktrin w ap anseye timoun yo. Reflechi sou ki vèsè nan ekriti yo, ki sitasyon, ki eksperyans, ki kesyon, ak ki lòt resous ou kapab itilize pou ede timoun yo aprann ak aplike prensip levanjil yo. Chèche mwayen kreyatif pou ede yo enterese nan sa y ap aprann yo.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Paske fwaye a se sant aprantisaj levanjil la, youn nan objektif ou kòm enstriktè nan Primè se ankouraje aprantisaj nan fwaye a. Kijan w ka ede timoun yo pataje sa yo aprann nan klas la avèk fanmi yo? Kijan w ka ankouraje timoun yo ak paran yo pou yo kontinye aprann nan Liv Mòmon an lakay yo?