Vini, Suiv Mwen
Reponn bezwen timoun andikape yo


“Reponn bezwen timoun andikape yo,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Liv Mòmon 2020 (2020)

“Reponn bezwen timoun andikape yo,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2020

Imaj
Yon fanmi k ap dine sou tab

Reponn bezwen timoun andikape yo

Dirijan Primè yo gen responsablite pou anseye levanjil Jezikri a bay tout timoun, enkli timoun ki andikape yo. Primè a se yon plas kote yo dwe akeyi, renmen, nouri, ak entegre tout timoun. Nan atmosfè sa a, li pi fasil pou tout timoun yo konprann lamou Papa nou ki nan syèl la ak Jezikri epi santi ak rekonèt enfliyans Sentespri a. Ide sa yo ka ede w reponn bezwen timoun ki andikape yo.

  • Pran ransèyman sou bezwen presi timoun nan. Pi bon fason pou fè sa se pale avèk paran timoun nan oubyen avèk moun k ap okipe l yo. Chèche dekouvri ki metòd ak strateji pedagojik ki ap pi efikas pou li. Ou gen dwa mande konsèy lòt dirijan ak enstriktè nan Primè a ki gen eksperyans ak ide pou pataje tou.

  • Kreye yon atmosfè pozitif kote chak timoun santi yo renmen yo epi yo an sekirite. Aprann non tout timoun nan klas ou yo, epi ede yo santi yo aksepte, renmen, ak entegre. Yo souvan kritike timoun ki andikape yo. Chèche okazyon pou w felisite yo pou bon konpòtman yo.

  • Fè ajisteman pou tout moun ka patisipe. Gen kèk ti chanjman ki ka fèt nan aktivite yo pou asire w ke tout timoun ka aprann, enkli sa ki gen andikap fizik oubyen difikilte pou aprann yo. Paregzanp, si yon aktivite sigjere pou w montre yon foto, ou gen dwa fè yo chante yon chan pito olye ke w enkli timoun ki pa wè byen yo.

  • Etabli woutin ak abitid konsistan nan klas la. Yon fason pou w fè sa se kreye yon afich ki gen orè klas la ki montre kijan tan klas la pral pase. Orè sa a gen dwa gen priyè, tan pou anseye, ak tan pou aktivite. Sa ka ede diminye santiman ensètitid ki ka parèt akoz anksyete kèk nan timoun yo.

  • Itilize èd vizyèl. Timoun ki gen pwoblèm pou aprann oubyen pwoblèm konpòtman yo gen dwa benefisye nan èd vizyèl, tankou foto ki ilistre konpòtman apwopriye tankou leve men w anvan w reponn yon kesyon.

  • Konprann rezon k fè pwoblèm nan leve. Pran ransèyman sou tout andikap oubyen sitiyasyon ki ka enfliyanse yon timoun pou l aji nan yon fason ki pa apwopriye. Pote atansyon a sa k ap pase a lè pwoblèm konpòtman an parèt. Nan lapriyè, reflechi sou fason pou w rektifye sitiyasyon an pou w ka pi byen ede timoun nan.