Vini, Suiv Mwen
Dokimantasyon adisyonèl pou anseye timoun yo


“Dokimantasyon adisyonèl pou anseye timoun yo,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Liv Mòmon 2020 (2020)

“Dokimantasyon adisyonèl pou anseye timoun yo,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Liv Mòmon 2020

Dokimantasyon adisyonèl pou anseye timoun yo

Ou ka jwenn resous sa yo nan app Bibliyotèk Levanjil la ak nan ChurchofJesusChrist.org.

Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo

Ou ka adapte nenpòt ki aktivite nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a pou itilizasyon klas Primè w la. Sa pa fè anyen si timoun yo deja fè aktivite sa yo avèk fanmi yo lakay yo; repetisyon ede timoun aprann. Timoun yo gen dwa byen anvi di w kijan yo te fè aktivite sa yo avèk fanmi yo ak sa yo te aprann.

Cantiques ak Chants pour les enfants

Mizik sakre envite Lespri epi l anseye doktrin nan nan yon fason inoubliyab. Anplis vèsyon nou ka enprime pou Cantiques ak Chants pour les enfants yo, ou ka jwenn anrejistreman odyo ak videyo pou anpil kantik ak chan timoun tou nan music.ChurchofJesusChrist.org ak nan app LDS Music la.

Gade timoun piti nou yo

Anpil nan sijè yo anseye nan manyèl Gadri a Gade timoun piti nou yo: Manyèl Gadri yo menm jan avèk sa w pral anseye nan Primè yo. Espesyalman si w ap anseye timoun piti, panse pou w konsilte manyèl gadri a pou w ka jwenn chan, istwa, aktivite, ak desen siplemantè.

Revi Zanmi an ak Liahona

Revi Zanmi an ak Lyawona yo ka ba w istwa ak aktivite ki ka konplete prensip w ap anseye nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè yo.

Istwa Liv Mòmon yo

Istwa Liv Mòmon yo ka ede timoun yo aprann doktrin ak istwa ki nan Liv Mòmon yo. Ou ka jwenn videyo sou istwa sa yo tou nan medialibrary.ChurchofJesusChrist.org.

Medyatèk

Ilistrasyon, videyo, ak lòt medya ka ede timoun w ap anseye yo vizyalize doktrin nan ak istwa nou jwenn nan Nouvo Testaman yo. Vizite medialibrary.ChurchofJesusChrist.org pou fè yon koudèy sou koleksyon resous media Legliz la genyen yo, ansanm avèk seri video sou Bib la, ki dekri evenman nan Nouvo Testaman yo. Resous medya yo disponib nan app Bibliyotèk LDS la tou.

Ilistrasyon Levanjil

Ilistrasyon yo kapab ede timoun yo vizyalize doktrin ak istwa yo ki nan Nouvo Testaman an. Gen anpil foto ou ka itilize nan klas la ke w ap jwenn nan Liv Ilistrasyon Levanjil la, nan medialibrary.ChurchofJesusChrist.org, ak nan app LDS Music ak Bibloyotèk LDS Medya a.

Ankre nan Lafwa

Si w bezwen èd adisyonèl pou konprann prensip debaz w ap anseye timoun yo, ou gen dwa al gade nan liv Ankre nan lafwa a . Liv sa a bay eksplikasyon senp sou kèk sijè levanjil, ki klase nan lòd alfabetik.

Imaj
timoun k ap chante

Anseye nan fason Sovè a

Anseye nan fason Sovè a ka ede w aprann ak aplike prensip pou anseye nan fason Kris la. Nan reyinyon konsèy enstriktè yo, nou diskite sou prensip sa yo epi fè pratik avèk yo.