Ekriti yo
Abraram 5


Chapit 5

Bondye yo fini plan Yo te fè pou kreyasyon tout bagay yo—Yo reyalize Kreyasyon an daprè plan Yo a—Adan bay chak kreyati yon non.

1 Epi se konsa nou pral fini syèl yo ak tè a, ak tout espès ki ladan yo.

2 Epi Bondye yo te di pami yo: nan asetyèm tan an n ap fini travay nou te pwopoze a; epi nou pral repoze nan setyèm tan an anba tout travay nou te pwopoze yo.

3 Epi Bondye yo te fèmen nan setyèm tan an, paske nan setyèm tan an, yo te vle arepoze apre tout travay yo (Bondye yo) te pwopoze pami yo pou yo fòme; epi yo te bsanktifye l. Epi se te desizyon yo lè yo te fè konferans sa a nan pami yo pou yo fòme syèl yo ak tè a.

4 Epi Bondye yo te desann pou yo fòme jenerasyon sa yo pou syèl yo ak tè a, nan epòk yo te planifye a, nan epòk Bondye yo te fòme tè a ak syèl yo,

5 Daprè sa yo te di konsènan chak pyebwa ki nan chan yo anvan pyebwa yo te sou tè a, ak chak plant ki te nan chan yo aanvan yo te grandi; paske Bondye yo pa t ko fè lapli tonbe sou tè a lè yo te pwopoze pou yo fè yo a, epi yo pa t ko fòme yon moun pou kiltive tè a.

6 Men, te gen yon nyaj ki te soti nan tè a ki te monte, ki te wouze tout sifas tè a.

7 Epi aBondye yo te fòme lòm avèk bpousyè tè a, epi yo te pran clespri a (ki vle di lespri lòm), epi yo te mete l andedan l; epi yo te soufle souf lavi a nan twou nen l, epi lòm te vin tounen yon dnanm vivan.

8 Epi Bondye yo te plante yon jaden nan kote lès aEdenn nan, epi se la yo te mete lòm nan, lòm yo te fòme epi yo te mete lespri l andedan l.

9 Epi Bondye yo te fè chak pyebwa pou fè je plezi epi pou nouriti grandi nan tè a; apyebwa lavi a te nan mitan jaden an tou ak pyebwa konesans byen ak mal la.

10 Te gen yon rivyè ki te soti nan Edenn nan, pou wouze jaden an, epi li te separe depi nan kote sa a epi l te vin fè kat branch.

11 Epi Bondye yo te pran lòm, epi yo te mete l nan Jaden Edenn an pou anbeli l epi pou pran swen l.

12 Epi Bondye yo te kòmande lòm, yo te di: ou kapab manje nan chak fwi ki nan jaden an san pwoblèm.

13 Men, ou pa dwe manje nan pyebwa konesans byen ak mal la; paske jou w manje ladan l, w ap mouri an verite. Kounyeya, mwen menm Abraram, m te wè sa te fèt daprè atan Senyè a, ki te daprè tan bKolòb; paske Bondye yo pa t ko bay Adan orè pa l.

14 Epi Bondye yo te di: An nou fè yon konpayon egalego pou lòm, paske se pa byen pou lòm pou kont li, se poutèt sa n ap fòme yon konpayon egalego pou li.

15 Epi Bondye yo te fè yon gwo somèy tonbe sou aAdan; li te dòmi epi yo te pran youn nan kòt li yo, epi yo te fèmen kò a ankò;

16 Epi avèk kòt Bondye yo te pran nan lòm nan, yo te fòme yon afi, epi yo te mennen l bay lòm nan.

17 Epi Adan te di: Sa se zo ki soti nan zo mwen, ak chè ki soti nan chè mwen; kounyeya m ap rele l fi, paske li te soti nan lòm;

18 Se poutèt sa, yon nonm dwe kite papa l ak manman l pou l aatache avèk madanm li, epi y ap vin tounen byon sèl kò.

19 Epi yo tou lède te toutouni, gason an ak madanm li, epi yo pa t wont.

20 Epi avèk tè a Bondye yo te fòme chak bèt ki nan jaden yo, ak chak volay ki anlè a, epi yo te pote yo bay Adan pou wè kòman Adan t ap rele yo; epi nenpòt jan Adan t ap rele chak kreyati vivan, se t ap non yo.

21 Epi Adan te bay tout zannimo yo non, volay yo ki anlè a, chak bèt ki nan chan yo; epi pou Adan, te gen yon konpayon egalego.