Ekriti yo
Faksimile 1


Yon Faksimile ki soti nan Liv Abraram nan

No. 1

Imaj
Faksimile 1

Esplikasyon

Tablo 1. Zanj Senyè a.

Tablo 2. Abraram ki te mare sou yon lotèl.

Tablo 3. Prèt idolat Èlkena a ki t ap eseye ofri Abraram kòm sakrifis.

Tablo 4. Lotèl pou sakrifis prèt Èlkena a, ki te kanpe devan fo bondye Èlkena, Libna, Mamakra, Korach, ak Farawon yo.

Tablo 5. Fo bondye zidòl Èlkena a.

Tablo 6. Fo bondye zidòl Libna a.

Tablo 7. Fo bondye zidòl Mamakra a.

Tablo 8. Fo bondye zidòl Korach la.

Tablo 9. Fo bondye zidòl Farawon an.

Tablo 10. Abraram nan peyi Ejip.

Tablo 11. Destine pou reprezante kolòn syèl la, jan Ejipsyen yo te konprann li.

Tablo 12. Rakia, ki siyifi imansite oubyen fimaman sou tèt nou; men, nan ka sa a, nan relasyon avèk sijè sa a, Ejipsyen yo vle di li siyifi Chama, ki vle di wo oubyen syèl la, pou tradui mo Ebre, Chamayim.