Èd pou Etid
11. Anplasman Tanp Far West la


11. Anplasman Tanp Far West la

Imaj
foto 11

Vilaj Far West, Missouri a te vin abri pou 3.000 jiska 5.000 Sen ki t ap chèche refij kont pèsekisyon nan Konte Jackson ak Konte Clay. An 1838 Senyè a te kòmande Sen yo pou yo te bati yon tanp nan kote sa a (gade D&A 115:7–8). Pèsekisyon bandi yo te anpeche yo fè sa. 31 Oktòb menm ane a, yo te arete Pwofèt Joseph Smith ak lòt dirijan Legliz yo epi apre yon pwosè nan Richmond, yo te fèmen yo nan Prizon Liberty a. Pandan livè 1838–1839 la, yo te chase Sen Dènye Jou yo soti nan Far West ak lòt kote nan Missouri epi yo te bwote al tabli ankò nan Illinois.

Evènman Siyifikatif yo: Yon te konsakre anplasman yon tanp epi yo te poze wòch nan kat kwen yo. Sèt revelasyon Bondye te bay Legliz la te pibliye nan Doktrin ak Alyans yo (seksyon 113–115; 117–120). Joseph F. Smith, sizyèm Prezidan Legliz la, te fèt 13 Novanm 1838 nan Far West. Far West te sèvi pou yon ti bout tan kòm biwo santral Legliz la sou direksyon Pwofèt Joseph Smith.