Èd pou Etid
10. Adan-ondi-Aman


10. Adan-ondi-Aman

Imaj
foto 10

Sou direksyon sid nan vale Adan-ondi-Aman nan, yon bèl vale trankil chita nan nòdwès Missouri, tou pre kominote Gallatin an.

Evènman Siyifikatif yo: Twazan anvan l te mouri, Adan te rele desandan li ki te jis yo nan vale sa a epi l te ba yo dènye benediksyon li (D&A 107:53–56). An 1838, Adan-ondi-Aman sete yon koloni ki te gen ant 500 a 1.000 Sen Dènye Jou. Sen yo te abandone koloni sa a lè yo te chase yo soti nan Missouri. Anvan Dezyèm Aparisyon Kris la nan laglwa a, Adan ak desandan l ki jis yo, ki enkli Sen nan tout dispansasyon yo, pral rasanble nan vale sa a ankò pou rankontre Sovè a (Dan. 7:9–10, 13–14; D&A 27; 107:53–57; 116).