Èd pou Etid
18. Tanp Salt Lake la


18. Tanp Salt Lake la

Imaj
foto 18

Tanp Salt Lake la, n ap gade apati nòdès. Kèk jou apre premye konpayi pyonye Sen Dènye Jou yo te antre nan Vale Lak Sale a, Prezidan Brigham Young te frape tè a avèk baton li a epi l te deklare, “Se la a n ap bati tanp Bondye nou an.” Yo te fouye fondasyon an nan 14 Fevriye 1853. Nan 6 Avril 1853, yo te poze wòch prensipal yo. Tanp lan te fin bati epi l te dedye 40 ane apre nan dat 6 Avril 1893. Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot yo rankontre nan kote sa a chak semèn pou yo fè deba epi pou yo chèche direksyon Senyè a nan fason pou yo administre ak bati wayòm Bondye a.

Evènman Siyifikatif yo: Senyè a bay Prezidan Legliz yo ak lòt Otorite Jeneral yo yon devèsman lespri revelasyon nan kote sa a, ki gen ladan l Deklarasyon Ofisyèl 2 a. Sa pa gen lontan, Premye Prezidans lan ak Konsèy Douz Apot yo te apwouve nan yon sèl vwa epi yo pibliye “Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan.” Òdonans tanp ki akonpli pou ni vivan ni mò yo beni lavi anpil milyon moun.