Èd pou Etid
15. Tanp Nauvoo


15. Tanp Nauvoo

Imaj
foto 15

Tanp orijinal Nauvoo a te bati avèk wòch kalkè ki te disponib nan zòn nan epi ki te gen yon koulè ant gri ak blan. Bilding nan te mezire 39 mèt nan longè ak 27 mèt nan lajè. Tèt flèch fòtrès la te kanpe 48 mèt distans anlè nivo sòl la. Manm Legliz yo te fè gwo sakrifis pou yo te bati bèl tanp sa a, epi yo te kòmanse travay la nan lane 1841. Kèk ladan yo te travay pandan plizyè mwa nan konstriksyon an; kèk lòt te sakrifye lajan yo. Malgre l pat fin bati nèt, tanp lan te plen nèt avèk manm ki te vini pou fè òdonans nan mwa anvan yo te kouri al nan Lwès la. Pandan anpil nan Sen yo te kite Nauvoo nan kòmansman prentan 1846 anba menas vyolans popilas la, yon gwoup espesyal te rete dèyè pou fin bati tanp lan. Nan 30 Avril 1846, Èldè Orson Hyde ak Wilford Woodruff nan Kolèj Douz Apot yo ak anviwon 20 lòt gason te konsakre kay sa a pou Senyè a. Tanp lan te abandone an Septanm lè popilas la te chase rès manm Legliz yo soti nan Nauvoo; lè sa a, gwoup popilas la te derespekte epi avili batiman sakre a. Dife te detwi andedan an an Oktòb 1848. Tanp rebati a (ki sou foto a la a), yon repwodiksyon fidèl orijinal la, sete Prezidan Gordon B. Hinckley ki te konsakre li nan 27–30 Jen 2002.

Evènman Siyifikatif yo: Konferans Jeneral te fèt nan sal asanble tanp lan 5 Oktòb 1845. Travay dotasyon te kòmanse 10 Desanm 1845 epi l te kontinye jouk 7 Fevriye 1846. Plis pase 5.500 Sen Dènye Jou te resevwa dotasyon yo, epi anpil batèm pou mò yo ak sèlman te akonpli.