Èd pou Etid
13. Mansion House nan Nauvoo a


13. Mansion House nan Nauvoo a

Imaj
foto 13

Joseph Smith, pitit la, ak fanmi l te vin abite nan Mansion House Nauvoo a nan mwa Out 1843. Pita, yon lòt pati te ajoute sou bò lès kay la ki te vin fè yon total 22 pyès. Apati Janvye 1844, Ebenezer Robinson te jere kay la kòm yon otèl, epi Pwofèt la te kenbe sis nan pyès yo pou fanmi l. Kay la te sèvi nan kèk fason kòm yon sant sosyal pou sosyete Nauvoo a. Pwofèt la te resevwa fonksyonè enpòtan nan lokal sa a.

Evènman Siyifikatif yo: Nan 27 Jen 1844, yon popilas te tire epi touye Pwofèt Joseph ak frè li a, Hyrum, nan Carthage, Illinois, epi Sen yo te pote kò yo nan kay sa a pou ekspoze anvan antèman an. Yo antere yo nan anplasman yon ti simityè familyal dirèkteman anfas Gran Ri a, sou kote lwès ansyen kay planch kote Joseph te abite lè l te fèk vini nan Nauvoo a. Emma Smith te abite nan Mansion House la jiska 1871. Apre sa, li te bwote al rete nan Kay Nauvoo a, kote l te mouri an 1879.