Èd pou Etid
12. Prizon Liberty a


12. Prizon Liberty a

Imaj
foto 12

Prizon nan Liberty, Missouri, apeprè an 1878. Yo te enjisteman fèmen Joseph Smith ak senk lòt frè andedan prizon sa a kote mi yo gen yon lajè 1,2 mèt, soti 1e Desanm 1838 rive 6 Avril 1839. (Yo te lage Sidney Rigdon nan finisman Fevriye a.) Fèmen nan etaj ki pi ba oubyen nan sousòl batiman an, yo te dòmi atè frèt la, kouvri avèk pay, avèk yon ti kras limyè epi san pwoteksyon nan livè frèt la.

Evènman Siyifikatif yo: Pandan Pwofèt Joseph Smith t ap priye ak tout kè l pou anpil milye Sen Dènye jou yo te chase soti nan Missouri yo, li te resevwa yon repons pou priyè li, li te ekri nan yon lèt li te voye bay Sen ki te egzile yo (D&A 121–123).