Ekriti yo
1 Nefi 17


Chapit 17

Nefi resevwa kòmandman pou l konstwi yon bato—Frè l yo fè opozisyon—Li rakonte istwa relasyon Bondye avèk Izrayèl la pou l ka egzòte yo—Nefi ranpli ak pouvwa Bondye—Frè l yo te resevwa lòd pou yo pa t touche l, pou yo pa seche tankou yon wozo sèk. Anviwon 592–591 anvan Jezikri.

1 Epi, se te konsa, nou te kòmanse vwayaj nou nan dezè a ankò; e nou te vwayaje prèske nan direksyon lès depi lè sa a. Nou te vwayaje e nou te sibi anpil afliksyon nan dezè a; e madanm nou yo te fè pitit nan dezè a.

2 Epi, benediksyon Senyè a yo te tèlman sou nou, pandan nou t ap viv avèk vyann kri nan dezè a, madanm nou yo te pwodwi anpil lèt pou pitit yo e yo te gen fòs, wi, tankou gason yo; e yo te kòmanse sipòte vwayaj la san plenyen.

3 Epi konsa, nou wè kòmandman Bondye yo dwe akonpli. Epi si pitit lèzòm respekte kòmandman Bondye yo, li nouri yo, e li ranfòse yo, e li ba yo mwayen pou yo kapab akonpli bagay li te kòmande yo; se poutèt sa, li te bannou mwayen pandan nou te rete nan dezè a.

4 Epi nou te rete pandan anpil ane, wi, menm pandan ywitan nan dezè a.

5 Epi nou te rive nan tè nou te rele Abondans la, poutèt anpil fwi ak myèl sovaj li te genyen; e Senyè a te prepare tout bagay sa yo pou nou te kapab pa peri. Epi nou te wè lanmè nou te rele Ireyantòm nan, ki vle di anpil dlo.

6 Epi, se te konsa, nou te plante tant nou bò lanmè a; e malgre nou te sibi anpil afliksyon ak anpil difikilte, wi, tèlman anpil, nou pa kapab ekri yo tout, nou te kontan anpil lè nou te rive bò lanmè a; e nou te rele kote a Abondans poutèt anpil fwi li yo.

7 Epi, se te konsa, apre mwen menm Nefi, m te fin rete nan tè Abondans la pandan anpil jou, Senyè a te fè m tande vwa l, li te di: Leve, epi monte sou mòn nan. Epi, se te konsa, m te leve, epi m te monte sou mòn nan, e m te kriye nan pye Senyè a.

8 Epi, se te konsa, Senyè a te pale avèk mwen, li di: konstwi yon bato, daprè jan m pral montre w la, pou m kapab fè pèp ou a travèse dlo sa yo.

9 Epi m te di: Senyè, ki kote m dwe ale pou m jwenn metal pou m fonn, pou m kapab fè zouti pou m konstwi bato a jan w te montre m nan?

10 Epi, se te konsa, Senyè a te di m ki kote pou m ale pou m jwenn metal, pou m kapab fè zouti.

11 Epi, se te konsa, mwen menm Nefi, m te fè yon vantay avèk po bèt pou m kapab soufle dife a, e apre m te fin fè yon vantay pou m te kapab soufle dife a, m te frape de wòch ansanm pou m te kapab limen dife.

12 Paske, jiskaprezan, Senyè a pa t kite nou limen anpil dife pandan nou t ap vwayaje nan dezè a; paske li te di: M ap fè manje nou gen bon gou, pou nou kapab pa kuit li;

13 Epi tou m ap tounen limyè nou nan dezè a; e m ap prepare chemen an devan nou, si nou respekte kòmandman m yo; se poutèt sa, si nou respekte kòmandman m yo, m ap dirije nou nan direksyon tè pwomiz la; e n ap konnen se mwen ki dirije nou.

14 Wi, epi tou Senyè a te di konsa: Apre nou fin rive nan tè pwomiz la, n ap konnen, mwen menm Senyè a m se Bondye; e mwen menm Senyè a, m te delivre nou anba destriksyon; wi, m te mennen nou sòti nan peyi Jerizalèm nan.

15 Se poutèt sa, mwen menm Nefi, m te eseye respekte kòmandman Senyè a yo, epi m te egzòte frè m yo pou yo gen lafwa ak dilijans.

16 Epi, se te konsa, m te fè zouti avèk metal m te fonn nan wòch la.

17 Epi lè frè m yo te wè m t apral konstwi yon bato, yo te kòmanse plenyen kont mwen, yo di: Frè nou an fou, paske li panse li kapab konstwi yon bato, wi, epi tou li panse li kapab travèse gwo dlo sa yo.

18 Epi se konsa frè m yo te plenyen kont mwen e yo pa t vle travay, paske yo pa t kwè m te kapab konstwi yon bato; ni tou yo pa t kwè Senyè a te enstwi m.

19 Kounyeya, se te konsa, mwen menm Nefi, m te gen anpil lapenn poutèt kè yo ki te di; epi lè yo te wè m kòmanse gen lapenn, yo te kontan nan kè yo tèlman, yo te pase m nan betiz, yo te di: Nou te konnen ou pa t ap kapab konstwi yon bato, paske nou te konnen w pa gen ase konesans; se poutèt sa, w pa kapab akonpli yon gwo travay konsa.

20 Epi ou tankou papa nou, imajinasyon fou kè l te pote l ale; wi, li te mennen nou sòti nan peyi Jerizalèm nan, epi nou te pèdi nan dezè a pandan anpil ane sa yo; epi madanm nou yo te travay di, pandan yo ansent, yo te fè pitit nan dezè a epi yo te soufri tout bagay, eksepte lanmò; epi li t ap pi bon si yo te mouri anvan yo te sòti nan peyi Jerizalèm nan, tan pou yo te soufri afliksyon sa yo.

21 Reyèlman, bann ane sa yo nou te soufri nan dezè a pandan tan sa yo nou ta kapab jwi byen nou yo, ak peyi eritaj nou an; wi, epi nou ta kapab kontan.

22 Epi nou konnen pèp ki te nan peyi Jerizalèm nan se yon pèp jis; paske yo te respekte règleman ak jijman Senyè a yo, epi tout kòmandman li yo daprè lalwa Moyiz la; se poutèt sa a, nou konnen yo se yon pèp ki jis; men papa nou te jije yo, epi li te fè nou pèdi paske nou te koute pawòl li yo; wi, e frè nou an tankou l. Epi se nan kalite langaj sa a frè m yo te plenyen e yo te plenyen kont nou.

23 Epi, se te konsa, mwen menm Nefi, m te pale avèk frè m yo, m di: Èske nou kwè zansèt nou yo, ki te pitit Izrayèl yo, te kapab sòti anba men Ejipsyen yo, si yo pa t koute pawòl Senyè a yo?

24 Wi, èske nou sipoze yo t ap kapab sòti anba esklavaj, si Senyè a pa t kòmande Moyiz pou l te mennen yo sòti nan esklavaj?

25 Kounyeya, nou konnen pitit Izrayèl yo te nan esklavaj; e nou konnen yo te redi anba chay, ki te lou pou moun pote; se poutèt sa a nou konnen yo te dwe sòti anba esklavaj.

26 Kounyeya, nou konnen Senyè a te kòmande Moyiz pou l fè gwo travay sa a; e nou konnen avèk pawòl li, dlo Lanmè Wouj la te fann an de, e yo te travèse sou tè sèch la.

27 Men, nou konnen Ejipsyen yo ki te nan lame Farawon an, yo te nwaye anba Lanmè Wouj la.

28 Epi tou, nou konnen yo te resevwa lamàn kòm nouriti yo nan dezè a.

29 Wi, epi tou nou konnen Moyiz, avèk pawòl li, daprè pouvwa Bondye ki te nan li, li te frape wòch la, e dlo te sòti pou pitit Izrayèl yo te kapab pase swaf yo.

30 Epi malgre Senyè Bondye yo a, Redanmtè yo a, te dirije yo, li te mache devan yo, li te dirije yo lajounen e li te ba yo limyè nan nuit, e li te fè pou yo, tout bagay ki te nesesè pou lèzòm resevwa, yo te fè kè di e yo te twouble panse yo, e yo te revòlte kont Moyiz ak vrè Bondye vivan an.

31 Epi, se te konsa, daprè pawòl li, li te detwi yo; e daprè pawòl li, li te dirije yo; e daprè pawòl li, li te fè tout bagay pou yo; e pa t gen okenn bagay ki te fèt san pawòl li.

32 Epi apre yo te fin travèse rivyè Jouden an, li te fè yo fò pou yo kapab chase pitit tè a, wi, pou yo dispèse yo jouk nan destriksyon.

33 Kounyeya, èske nou sipoze pitit tè sa a, ki te nan tè pwomiz la, zansèt nou yo te chase a, èske nou sipoze yo te jis? Gade, m di nou, Non.

34 Èske nou sipoze zansèt nou yo t ap pi beni pase yo si yo te jis? M di nou, Non.

35 Gade, Senyè a apresye tout kò fizik menm jan; yon moun ki jis, Bondye favorize l. Men gade, pèp sa a te rejte tout pawòl Bondye e yo te pouri nan inikite; e totalite kòlè Bondye a te sou yo; e Senyè a te modi tè a kont yo; e li te beni l pou zansèt nou yo; wi, li te modi l kont yo pou destriksyon yo, e li te beni l pou zansèt nou yo, pou yo gen pouvwa sou li.

36 Gade, Senyè a te kreye a pou moun te kapab abite sou li; e li te kreye pitit li yo pou yo te kapab mèt li.

37 Li leve yon nasyon jis, e li detwi nasyon mechan yo.

38 Li dirije moun jis yo nan bon , e li detwi moun mechan yo, e li modi tè a pou yo, pou byen yo.

39 Li reye anlè nan syèl la, paske se twòn li, e tè sa a se machpye li.

40 Epi li renmen moun ki chwazi l kòm Bondye yo. Gade, li te renmen zansèt nou yo, e li te fè alyans avèk yo, wi, menm Abraram, Izarak, ak Jakòb; e li te sonje alyans li te fè yo; se poutèt sa li te mennen yo sòti nan peyi Ejip la.

41 Epi li te korije yo nan dezè a avèk baton li; paske yo te fè yo di tankou nou; e Senyè a te korije yo poutèt inikite yo. Li te voye sèpan move ak zèl nan mitan yo; e apre sèpan yo te fin mòde yo li te prepare yon fason pou yo kapab geri; e travay yo te dwe fè, se te pou yo gade; e poutèt senplisite travay la, oubyen poutèt fasilite l, anpil te peri.

42 Epi yo te fè kè yo di tanzantan, e yo te revòlte kont Moyiz epi tou kont Bondye tou; men, nou konnen pouvwa enkonparab li te dirije yo ale nan tè pwomiz la.

43 Epi kounyeya, apre tout bagay sa yo, yon lè te rive, yo te vin mechan, wi prèske pouri; e m pa konnen si yo prepare pou yo detwi kounyeya; paske m konnen jou a pral vini sètènman pou yo detwi, eksepte kèk sèlman ki prale pou tonbe nan kaptivite.

44 Se poutèt sa, Senyè a te kòmande papa m pou l te pati al nan dezè a; epi tou Juif yo te vle detwi lavi l; wi, e nou te vle detwi lavi l tou; se poutèt sa, nou se asasen nan kè nou e nou tankou yo.

45 Nou prese pou nou fè inikite; men, lan pou nou sonje Senyè Bondye nou an. Nou te wè yon zanj, e li te pale avèk nou; wi, e nou te tande vwa l tanzantan; e li te pale avèk nou avèk yon ti vwa dous, men nou te san sansiblite, ki fè nou pa t kapab santi pawòl li yo; se poutèt sa li te pale avèk nou avèk yon vwa loray, ki te fè tè a tranble, tankou li t apral divize fann ande.

46 Epi tou, nou konnen avèk pouvwa pawòl toupuisan li a, li kapab fè tè a disparèt; wi, e nou konnen avèk pawòl li, li kapab fè kote ki gen douk yo vin plat e kote plat yo kapab vin fè douk. O, kounyeya, poukisa kè nou kapab di konsa?

47 Gade, nanm mwen dechire ak lapenn poutèt nou e kè m fè m mal; m pè pou l pa chase nou pou tout tan. Gade, m tèlman ranpli ak Lespri Bondye, kò m pa gen fòs.

48 Epi, se te konsa, lè m te fin pale pawòl sa yo, yo te fache kont mwen, e yo te vle jete m nan pwofondè lanmè a; e lè yo te vini pou mete men yo sou mwen, m te pale avèk yo, m di: Nan non Bondye Toupuisan an, m kòmande nou pou nou pa touche m, paske m ranpli avèk pouvwa Bondye jistan kò m ta kapab konsonmen; epi nenpòt moun ki mete men sou mwen, l ap seche tankou wozo; e l ap vin tankou anyen devan pouvwa Bondye a, paske Bondye ap frape l.

49 Epi, se te konsa, mwen menm Nefi, m te di yo konsa yo pa dwe plenyen ankò kont papa yo; ni tou yo pa t dwe refize travay pou mwen, paske Bondye te kòmande m pou m konstwi yon bato.

50 Epi m te di yo: Si Bondye te kòmande m fè tout bagay, m t ap kapab fè yo. Si li ta kòmande m pou m ta di dlo sa a, tounen tè, li t ap tounen tè; e si m ta dwe di sa, li t ap fèt.

51 Epi kounyeya, si Senyè a te gen gran pouvwa sa a, e l te akonpli anpil mirak sa yo nan pami pitit lèzòm, kòman l fè pa kapab enstwi m pou m ta konstwi yon bato?

52 Epi, mwen menm Nefi, m te tèlman di frè m yo anpil bagay, yo te nan konfizyon e yo pa t kapab revòlte kont mwen; ni tou yo pa t pran chans mete men yo sou mwen, ni touche m avèk dwèt yo pou anpil jou. Yo pa t pran chans fè sa pou yo pa t seche devan m, tèlman Lespri Bondye a te gen pouvwa; e se konsa li te enfliyanse yo.

53 Epi, se te konsa, Senyè a te di m: Lonje men w ankò devan frè w yo, epi yo p ap seche devan w, men m ap souke yo, e Senyè a te di, m ap fè sa a pou yo kapab konnen m se Senyè Bondye yo a.

54 Epi, se te konsa, m te lonje men m devan frè m yo, e yo pa t seche devan m; men Senyè a te souke yo, daprè pawòl li te pale a.

55 Epi apre sa a, yo te di: Nou konnen sètènman Senyè avèk w, paske nou konnen se pouvwa Senyè a ki te souke nou. Yo te tonbe devan m e yo ta pral adore m men m pa t kite yo fè sa a, m di: M se frè nou, wi, mwen menm se ti frè w; se poutèt sa, adore Senyè Bondye nou an, epi onore papa w ak manman w, pou jou nou yo kapab pwolonje nan peyi Senyè Bondye nou an pral ba nou an.